Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan Bib la montre kè senbolik la se moun nou ye pa anndan an, sa gen ladan l panse nou, entansyon nou, kalite nou ak santiman nou yo?

Sm 49:3; Pw 16:9; Lk 5:22; Tr 2:26

Gade tou Dt 15:7; Sm 19:8

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Lk 9:​46-48 — Jezi te korije apot li yo pou anbisyon li te wè yo te gen nan kè yo.

Poukisa li enpòtan anpil pou nou pwoteje kè nou?

1Kw 28:9; Pw 4:23; Jr 17:9

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 6:​5-7 — Mechanste lòm gen nan kè l mennen nan vyolans, e se sa k fè Bondye te fè yon delij sou tout tè a.

    • 1Wa 11:​1-10 — Wa Salomon pa t pwoteje kè l, li te marye ak fi etranje ki te fè l sispann sèvi Jewova ak tout kè l.

    • Mk 7:​18-23 — Jezi te fè konnen, nan je Bondye, tout sa k ka sal yon moun, se nan kè a yo soti.

Ki jan nou ka pwoteje kè nou?

Sm 19:14; Pw 3:​3-6; Lk 21:34; Fp 4:8

Gade tou Esd 7:​8-10; Sm 119:11

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Ef 6:​14-18; 1Te 5:8 — Lè apot Pòl t ap dekri ekipman konba kretyen yo dwe genyen an, li te fè konnen jistis, lafwa ak lanmou ka pwoteje kè senbolik yo menm jan yon pwotèj pwatrin te ka pwoteje kè fizik yon sòlda.

Ki sa k ka fè n wè si kè senbolik nou an gen yon pwoblèm?

Pw 21:​2-4; Eb 3:12

Gade tou Pw 6:​12-14

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2Kw 25:​1, 2, 17-27 — Pandan yon tan, wa Amatsya te fè sa ki bon nan je Bondye, men li pa t fè sa ak tout kè l; rive yon lè, li te vin awogan, li te vin pa fidèl e li te sibi konsekans yo.

    • Mt 7:​17-20 — Jezi te montre menm jan yon pyebwa ki pouri pwodui move fwi, se konsa tou yon moun ap gen move konduit si kè l pa bon.

Poukisa nou bezwen fè efò pou n gen yon bon kè, e ki jan nou ka fè sa?

Pw 10:8; 15:28; Lk 6:45

Gade tou Sm 119:​97, 104; Wm 12:​9-16; 1Ti 1:5

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2Wa 20:​1-6 — Wa Ezekyas te fidèl e li te sèvi Bondye ak tout kè l, se poutèt sa, lè l te wè l t apral mouri, li te sipliye Jewova pou l fè l favè.

    • Mt 21:​28-32 — Jezi te sèvi ak yon egzanp pou l montre sa k nan kè yon moun plis parèt nan sa l fè pase nan sa l di.

Lefètke nou konnen Jewova wè sa k nan kè nou, poukisa sa ankouraje nou?

1Kw 28:9; Jr 17:10

Gade tou 1Sa 2:3

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Sa 16:​1-13 — Pwofèt Samyèl te aprann se pa aparans yon moun ki gen enpòtans pou Jewova, men se sa k nan kè moun sa a.

    • 2Kw 6:​28-31 — Priyè wa Salomon te fè nan inogirasyon tanp Jewova a montre Bondye byen konprann sa k nan kè nou e li pran swen nou selon sa l wè nan kè nou.