Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Tit pou bay moun glwa

Tit pou bay moun glwa

Èske kretyen yo ta dwe bay moun nan relijyon yo glwa lè yo itilize gwo tit yo ba yo nan relijyon yo?

Jan 5:41

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Lk 18:​18, 19 — Menmsi Jezi te yon bon moun, li pa t aksepte pou yo rele l “bon Anseyan”, li te di se sèl Jewova ki bon.

Poukisa kretyen yo pa sèvi ak tit yo bay moun nan relijyon yo tankou “papa”, oswa lòt fason yo konn rele lidè relijye yo?

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Mt 23:​9-12 — Jezi pa dakò pou moun sèvi ak tit pou bay moun glwa tankou “papa” oswa “gid”.

    • 1Ko 4:​14-17 — Menm lè apot Pòl te tankou yon papa pou anpil moun, pa gen okenn kote nou wè yo te rele l papa Pòl, oswa yo te ba l yon lòt tit menm jan an.

Poukisa li apwopriye pou kretyen yo rele youn lòt frè oswa sè e pou youn trete lòt tankou frè ak sè?

Mt 23:8

Gade tou Tr 12:17; 18:18; Wm 16:1

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Mt 12:​46-50 — Jezi te fè konnen aklè moun k ap sèvi Bondye menm jan avè l yo se frè l ak sè l nan domèn espirityèl.

Poukisa li apwopriye pou kretyen yo sèvi ak tit nan lòt domèn tankou lè y ap pale ak chèf politik yo, jij yo oswa lòt moun ki reprezante Leta?

Wm 13:​1, 7; 1P 2:17

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Tr 26:​1, 2, 25 — Lè apot Pòl t ap pale ak kèk dirijan tankou Agripa ak Festis, li te sèvi ak tit yo te genyen yo.