Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Imilite

Imilite

Ki jan Jewova konsidere moun ki gen imilite yo ak moun ki gen ògèy yo?

Sm 138:6; Pw 15:25; 16:​18, 19; 22:4; 1P 5:5

Gade tou Pw 29:23; Eza 2:​11, 12

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2Kw 26:​3-5, 16-21 — Wa Ozyas te vin gen ògèy; li te dezobeyi Lwa Bondye a e li te vin fache lè yo te ba l konsèy, donk, Bondye te fè maladi lèp tonbe sou li.

    • Lk 18:​9-14 — Jezi te sèvi ak yon egzanp pou l esplike ki jan Jewova konsidere priyè moun ki gen ògèy yo ak priyè moun ki gen imilite yo.

Ki sa Jewova fè lè l wè yon moun repanti ak tout kè l e avèk imilite?

2Kw 7:​13, 14; Sm 51:​2-4, 17

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2Kw 12:​5-7 — Wa Wobowam ak prens Jida yo te imilye tèt yo devan Jewova, se sa k fè Jewova pa t detwi yo.

    • 2Kw 32:​24-26 — Ezekyas, ki te yon bon wa, te vin gen ògèy, men lè l te imilye tèt li, Jewova te padone l. 

Lè nou montre nou gen imilite, ki jan sa ede nou vin gen pi bon relasyon ak lòt moun?

Ef 4:​1, 2; Fp 2:3; Kl 3:​12, 13

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 33:​3, 4 — Jakòb te demontre yon imilite ki san parèy lè l t al rankontre Ezaou, frè l la, ki te fache anpil, sa te vin fè yo anpè youn ak lòt.

    • Jj 8:​1-3 — Avèk imilite, jij Jedeyon te di mesye Efrayim yo yo gen plis enpòtans pase l, konsa, yo te sispann an kòlè e sa te fè yo pa t chèche batay avèk li ankò.

Ki jan Jezi te montre jan li enpòtan pou n gen imilite?

Mt 18:​1-5; 23:​11, 12; Mk 10:​41-45

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Eza 53:7; Fp 2:​7, 8 — Jan pwofesi yo te anonse sa, Jezi te gen imilite, li te aksepte vin sou tè a e li te menm aksepte mouri yon fason ki te fè l soufri e ki te imilyan.

    • Lk 14:​7-11 — Jezi te bay yon egzanp konsènan plas yo te konn bay moun nan fèt yo te konn òganize yo pou l montre jan nou ka jwenn byenfè grasa imilite

    • Jan 13:​3-17 — Jezi kite yon egzanp pou disip li yo lè l te lave pye apot li yo, yon travay se esklav ki te konn fè l.

Lè nou chèche gen yon bon pwennvi sou tèt nou e sou lòt moun, ki jan sa ka ede nou gen imilite?

Poukisa fo imilite pa gen okenn valè?