Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fidelite devan Bondye

Fidelite devan Bondye

Ki sa fidelite devan Bondye ye?

Sm 18:​23-25; 26:​1, 2; 101:​2-7; 119:​1-3, 80

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Le 22:​17-22 — Jewova te mande pou bèt yo t ap bay kòm sakrifis yo pa t gen “okenn domaj”; ekspresyon “okenn domaj” la byen makònen ak yon mo ebre lè yo tradui l ki bay fidelite nan tout bagay. Kidonk, sa mande pou nou bay Jewova yon atachman ki total oswa ki konplè.

    • Jb 1:​1, 4, 5, 8; 2:3 — Fason Jòb te viv ede n konprann pou yon moun fidèl nan tout bagay, li dwe gen yon gwo respè pou Jewova, li dwe adore l ak tout kè l epi evite tout sa Jewova di ki mal.

Poukisa nou bezwen fidèl devan Bondye?

Ki sa ki ka motive nou pou n kontinye rete fidèl devan Bondye?

Kòman nou ka chèche vin moun ki fidèl epi kontinye rete fidèl devan Bondye?

Joz 24:​14, 15; Sm 101:​2-4

Gade tou Dt 5:29; Eza 48:​17, 18

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jb 31:​1-11, 16-33 — Jòb te montre li vrèman fidèl ak Jewova nan lavi l lè l te evite imoralite epi l te trete lòt moun avèk jantiyès e avèk respè. Li te kenbe adorasyon l t ap bay Jewova a pwòp, li te evite idolatri e li te bay relasyon l ak Jewova plis enpòtans pase sa l te posede.

    • Dn 1:​6-21 — Malgre Dànyèl ansanm ak twa konpayon l yo te antoure ak moun ki pa t ap sèvi Bondye, yo menm yo te ret fidèl ak lwa Jewova yo menm nan kesyon chwazi sa y ap manje.

Si yon moun fè yon seri move bagay, èske li pap janm ka retounen fidèl ak Bondye ankò?

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Wa 9:​2-5; Sm 78:​70-72 — Piske wa David te repanti pou peche l, Jewova te padone l e li te konsidere l kòm yon moun ki fidèl.

    • Eza 1:​11-18 — Byenke Jewova te di pèp li a ipokrit e yo te chaje ak peche, li te pwomèt l ap efase peche yo si yo repanti e si yo sispann fè sa ki mal.