Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Materyalis

Materyalis

Èske Bib la kondane lajan, byen materyèl oubyen moun ki posede bagay sa yo?

Ekl 7:12

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Wa 3:​11-14 — Jewova te beni wa Salomon lè l te ba l anpil richès paske wa sa a te gen imilite.

    • Jb 1:​1-3, 8-10 — Jòb te rich anpil, men fidelite l devan Jewova te pi enpòtan pou li.

Poukisa se pa lè yon moun gen anpil richès ak byen materyèl, l ap gen vrè kè kontan an?

Nan ki sans richès ka pa itil nou anyen?

Ki pi gwo danje ki genyen nan chèche vin rich?

Nan ki sans pouvwa richès genyen kapab twonpe moun?

Pw 11:​4, 18, 28; 18:11; Mt 13:22

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Tr 8:​18-24 — Simon te vrèman panse li te ka achte privilèj nan kongregasyon kretyen an ak lajan l te genyen.

Si nou gen lanmou pou lajan, ki sa sa ka fè n pèdi?

Mt 6:​19-21; Lk 17:​31, 32

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Mk 10:​17-23 — Yon jennòm rich ki te twò atache ak byen l te posede te pèdi privilèj li te jwenn pou l te suiv Jezi.

    • 1Ti 6:​17-19 — Apot Pòl te avèti kretyen ki rich yo pou yo evite vin awogan, sa ki te ka lakòz yo pèdi favè Bondye.

Ki jan materyalis ka febli lafwa nou e fè nou pèdi favè Bondye?

Dt 8:​10-14; Pw 28:20; 1J 2:​15-17

Gade tou Sm 52:​6, 7; Am 3:​12, 15; 6:​4-8

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jb 31:​24, 25, 28 — Jòb te byen konprann se yon danje si l ta met konfyans li nan richès, paske sa t ap fè l vire do bay Bondye.

    • Lk 12:​15-21 — Jezi te fè konnen nou dwe veye kò nou ak materyalis, lè l te bay egzanp yon mesye ki te rich, men ki pa t rich nan je Bondye.

Ki jan nou ka kontante nou ak sa nou posede?

Ki kalite trezò ki pi enpòtan pase byen materyèl, e poukisa?

Pw 3:​11, 13-18; 10:22; Mt 6:​19-21

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Aj 1:​3-11 — Pa mwayen pwofèt Aje, Jewova te fè konnen li t ap retire benediksyon pèp li a te genyen nan domèn materyèl, paske yo t ap travay di sèlman pou yo konstwi kay pou yo abite e pou yo viv alèz, olye pou yo te soutni vrè adorasyon an.

    • Re 3:​14-19 — Jezi te reprimande kretyen Lawodise yo, paske yo te bay byen materyèl plis enpòtans pase adorasyon yo t ap bay Bondye a.

Poukisa nou dwe gen konfyans Jewova ap ban nou sa nou bezwen nan domèn materyèl?