Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mizèrikòd

Mizèrikòd

Ki sa mizèrikòd gen ladan l?

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Sm 51:​1, 2 — Lè wa David te sipliye Jewova pou l fè l mizèrikòd, se mande l te mande Jewova pou l padone l e pou l efase peche l yo.

    • Lk 10:​29-37 — Jezi te anseye fason pou n montre mizèrikòd lè l te bay egzanp yon Samariten ki te montre bonte ak konsiderasyon pou yon Juif.

Poukisa se tout moun ki bezwen yo fè yo mizèrikòd?

Ki egzanp Jewova ban nou anrapò ak mizèrikòd?

Eg 34:6; Ne 9:17; Sm 103:8; 2Ko 1:3

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jb 42:​1, 2, 6-10; Jk 5:11 — Jewova te montre mizèrikòd pou Jòb e li te anseye l pou l gen mizèrikòd tou.

    • Lk 15:​11-32 — Pou Jezi te ede n konprann mizèrikòd Jewova gen lakay li, li te bay yon egzanp kote l te montre ki jan yon papa trete yon pitit gason l ki rebèl e ki repanti.

Poukisa Jewova fè nou mizèrikòd?

Ki jan sakrifis Kris la ede n jwenn padon pou peche nou?

Poukisa nou ta dwe mande Bondye pou l fè n mizèrikòd epi toujou demontre rekonesans pou sa?

Lk 11:​2-4; Eb 4:16

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Sm 51:​1-4 — Wa David, ki te santi l kraze akoz peche li te fè yo, te sipliye Jewova avèk imilite pou l fè l mizèrikòd.

    • Lk 18:​9-14 — Jezi te sèvi ak yon egzanp pou l montre se moun ki rekonèt feblès yo avèk imilite Jewova fè mizèrikòd.

Poukisa menm moun ki fè peche grav ka espere Jewova ka fè yo mizèrikòd?

Dt 4:​29-31; Eza 55:7

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2Kw 33:​9-13, 15 — Byenke Manase te yon wa ki te mechan anpil, li te repanti e li te mande Jewova fè l mizèrikòd; lè l te vin wa ankò, li te pwouve li te chanje toutbon nan aksyon l.

    • Jon 3:​4-10 — Moun Niniv yo te mechan anpil e yo te renmen fè san koule, men yo te vin repanti e Bondye te fè yo mizèrikòd.

Poukisa li enpòtan pou n konfese peche nou yo e chanje fason nou viv pou n ka jwenn mizèrikòd Jewova?

Mizèrikòd Jewova pap anpeche nou jwenn disiplin e sibi konsekans peche nou fè yo

Poukisa n dwe fè lòt moun mizèrikòd?

Si nou pa fè lòt moun mizèrikòd, ki efè sa ka genyen sou relasyon nou ak Jewova?

Mt 9:13; 23:23; Jk 2:13

Gade tou Pw 21:13

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Mt 18:​23-35 — Jezi te bay yon egzanp pou l montre si yon moun pa fè lòt moun mizèrikòd, Jewova pap fè l mizèrikòd tou.

    • Lk 10:​29-37 — Jezi te bay yon egzanp pou l montre jan sa pa fè ni li menm ni Jewova plezi lè yon moun pa fè lòt moun mizèrikòd, men li te montre jan yo kontan lè yo wè yon moun imite egzanp Samariten an ki gen mizèrikòd.

Ki jan Jewova aji ak moun ki gen mizèrikòd?