Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Move tretman

Move tretman

Ki jan nou ka santi n lè lòt moun pa byen trete nou?

Sm 69:20; Pw 18:14; Ekl 4:​1-3; Ml 2:​13-16; Kl 3:21

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2Sa 10:​1-5 — David te montre l gen bonjan konsiderasyon pou sòlda l yo ènmi te imilye anpil.

    • 2Sa 13:​6-19 — Tama te kriye anpil e li te chire rad sou li, lè Amnon te vyole l, konsa, li te imilye l.

Ki sa k montre Jewova byen konprann sityasyon yon moun lè yo maltrete l, men, ki sa l pral fè pou sa?

Jb 34:​21, 22; Sm 37:​8, 9; Eza 29:​15, 19-21; Wm 12:​17-21

Gade tou Sm 63:​6, 7

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Sa 25:​3, 14-17, 21, 32-38 — Nabal, yon moun ki te di e ki te mechan, te mete lavi moun lakay li an danje, lè l te fè David fache anpil; Jewova te frape Nabal e l te mouri.

    • Jr 20:​1-6, 9, 11-13 — Jeremi te santi l dekouraje lè yon prèt ki rele Pachou te bat li e li te mete l nan sèp, men Jewova te ankouraje pwofèt li a e li te sove l.