Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lajan

Lajan

Poukisa lanmou pou lajan se yon danje?

Gade “Materyalis

Ki jan Bib la montre lè yon moun travay pou l fè lajan pou l ka pran swen fanmi l se pa yon bagay ki mal?

Ekl 7:12; 10:19; Ef 4:28; 2Te 3:10; 1Ti 5:​8, 18

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 31:​38-42 — Malgre Jakòb te travay di pou Laban, ki te bòpè l, Laban te trete l yon fason ki enjis, men, Jewova te beni efò Jakòb t ap fè yo pou l te pran swen fanmi l.

    • Lk 19:​12, 13, 15-23 — Jezi te bay yon egzanp pou l montre se te yon bagay nòmal nan epòk li a pou moun te envesti lajan yo genyen pou yo te ka rantre plis kòb.

Ki konsèy Bib la bay konsènan moun k ap prete lajan nan men lòt moun ak moun k ap prete lòt moun lajan?

Poukisa li pi bon pou n evite fè dèt ki pa nesesè?

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Ne 5:​2-8 — Gen yon seri mesye nan epòk Neyemi te gouvènè a ki te konn prete lòt moun lajan ak gwo enterè.

    • Mt 18:​23-25 — Egzanp Jezi bay la a fè nou sonje yon moun ki prete lajan lòt moun e ki pa remèt li ka jwenn pinisyon.

Ki prekosyon nou ta dwe pran anvan nou antre nan biznis ak yon moun, kit li kwayan, kit li pa kwayan, e menmsi se yon manm fanmi nou?

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 23:​14-20 — Pou Abraram te ka evite mezantant ak kont lè l te bezwen achte yon tè ki gen yon gwòt ladan l pou l te ka antere Sara, li te mande pou yo vann li tè a devan kèk temwen.

    • Jr 32:​9-12 — Lè pwofèt Jeremi t ap achte yon teren nan men yon kouzen l, li te siyen yon kontra, li fè yon kopi ladan l, epi li te peye lajan an devan plizyè temwen.

Poukisa li saj pou nou fè yon bon bidjè k ap ede n byen depanse lajan nou?

Poukisa kretyen yo dwe evite pou diskisyon sou kesyon lajan pa lakòz divizyon nan kongregasyon an?

Ki jan nou ka sèvi ak lajan nou genyen pou n jwenn kè kontan toutbon?