Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Manman

Manman

Ki responsablite yon manman genyen?

Pw 31:​17, 21, 26, 27; Tt 2:4

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w?

    • Jen 21:​8-12 — Lè Sara te remake Izmayèl t ap pase Izarak, pitit gason l lan, nan rizib, antanke manman, li te sipliye Abraram pou l te ka pwoteje pitit li a.

    • 1Wa 1:​11-21 — Batcheba te sipliye wa David pou l aji lè l te aprann wayòm nan ak lavi Salomon, pitit gason l lan, te an danje.

Poukisa nou dwe obeyi e onore manman nou?

Eg 20:12; Dt 5:16; 27:16; Pw 1:8; 6:​20-22; 23:22

Gade tou 1Ti 5:​9, 10

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1P 3:​5, 6 — Apot Pyè esplike Sara vin tankou yon manman pou anpil pitit fi grasa lafwa solid li te genyen an.

    • Pw 31:​1, 15, 21, 28 — Manman wa Lemwèl te ba l anpil konsèy enpòtan konsènan maryaj, wòl yon madanm ak yon manman genyen.

    • 2Ti 1:5; 3:15 — Bondye te enspire apot Pòl pou l fè lwanj pou Enis, manman Timote, paske li te anseye Timote Ekriti yo depi lè Timote toupiti, aktout mari l pa t kwayan.