Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Obeyisans

Obeyisans

Ki enpòtans obeyisans genyen?

Eg 19:5; Dt 10:​12, 13; Ekl 12:13; Jk 1:22

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Sa 15:​17-23 — Pwofèt Samyèl te reprimande wa Sayil paske l te dezobeyi Jewova; ansuit, Samyèl te esplike l enpòtans sa genyen lè yon moun obeyisan.

    • Eb 5:​7-10 — Aktout Jezi se Pitit Gason Bondye a e li pafè, li te aprann obeyisans nan fason yo te maltrete l lè l te sou tè a.

Ki sa yon kretyen dwe fè si yon otorite sou tè a mande l pou l dezobeyi Bondye?

Tr 5:29

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Dn 3:​13-18 — Twa jèn Ebre yo ki te fidèl te refize pwostène devan yon estati wa Nebikadneza te fè mete, malgre yo te konnen yo te ka touye yo.

    • Mt 22:​15-22 — Jezi te esplike disip li yo ap obeyi otorite siperyè yo, toutotan sa yo mande yo a pap fè yo dezobeyi Jewova.

    • Tr 4:​18-31 — Apot yo te kontinye preche avèk zèl, menm lè otorite yo te ba yo lòd pou yo sispann fè sa.

Ki sa nou dwe fè si nou vle obeyi kòmandman Jewova yo toutbonvre?

Dt 6:​1-5; Sm 112:1; 1J 5:​2, 3

Gade tou Sm 119:​11, 112; Wm 6:17

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Esd 7:​7-10 — Esdras, yon prèt ki te fidèl, te prepare kè l pou l te obeyi Lwa Bondye a e pou l te anseye lòt moun li, konsa li te bay bon egzanp.

    • Jan 14:31 — Jezi te fè nou konnen poukisa li te toujou fè egzakteman sa Papa l te mande l fè.

Ki sa k dwe pouse nou obeyi Jewova ak Jezi?

Nan ki sans lè nou obeyisan, sa montre nou gen lafwa?

Wm 1:5; 10:​16, 17; Jk 2:​20-23

Gade tou Dt 9:23

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 6:​9-22; Eb 11:7 — Noye te demontre l gen lafwa lè l te konstwi yon lach Jewova te mande l fè, “se egzakteman sa” l te fè.

    • Eb 11:​8, 9, 17 — Abraram te demontre l gen lafwa lè l te obeyi Jewova, nonsèlman pou l te kite vil Ou, men tou, pou l te ofri Jewova pwòp pitit gason l te genyen an kòm sakrifis.

Ki jan Jewova pwomèt l ap beni moun ki obeyisan yo?

Jr 7:23; Mt 7:21; 1J 3:22

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

Ki sa k ap rive nou si nou pa moun ki obeyisan?

Wm 5:19; 2Te 1:​8, 9

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 2:​16, 17; 3:​17-19 — Piske Adan ak Èv te dezobeyi Jewova, yo te vin enpafè, yo te pèdi paradi a e yo te pèdi lavi ki pap janm fini an.

    • Dt 18:​18, 19; Tr 3:​12, 18, 22, 23 — Jewova te anonse ap gen yon pwofèt ki pi enpòtan pase Moyiz k ap gen pou vini, e moun ki dezobeyi pwofèt sa a ap sibi konsekans grav.

    • Jd 6, 7 — Zanj rebèl yo ak moun nan vil Sodòm ak Gomò yo te fè Jewova an kòlè anpil paske yo pa t obeyi l.

Poukisa nou dwe obeyi Jezi Kris?

Jen 49:10; Mt 28:18

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

Poukisa kretyen yo dwe obeyi moun ki pran latèt nan kongregasyon yo?

Poukisa yon madanm ki kretyen dwe soumèt devan mari l?

Poukisa timoun yo dwe obeyi paran yo?

Pw 23:22; Ef 6:1; Kl 3:20

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 37:​3, 4, 8, 11-13, 18 — Lè Jozèf te jèn, li te konn obeyi papa l, e li te menm vwayaje pou l al wè frè l yo, aktout yo te rayi l.

    • Lk 2:51 — Byenke Jezi te yon moun ki pafè, li te soumèt devan paran l yo, Jozèf ak Mari, ki te enpafè.

Poukisa li saj pou nou obeyi patwon nou, menm lè pa gen lòt moun k ap gade nou?

Poukisa kretyen yo obeyi gouvènman yo?