Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Granmoun; Moun ki aje

Granmoun; Moun ki aje

Ki sa k rive yon moun lè l vin granmoun?

Sm 71:9; 90:10

Gade tou “Konsolasyon; Rekonfò — Limit nou vin genyen akoz maladi oubyen akoz n ap pran laj”.

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Ekl 12:​1-8 — Wa Salomon te itilize langaj yon powèm pou l dekri kèk pwoblèm moun konn vin genyen lè y ap pran laj, pa egzanp, je yo vin pa wè byen (“lè medam k ap gad nan fenèt yo wè l fè nwa”) e yo vin pa tande byen (“lè vwa tout medam k ap chante yo vin fèb”).

Èske moun ki granmoun yo ka kontinye gen kè kontan malgre pwoblèm ak limit yo genyen akoz y ap vin pi granmoun?

2Ko 4:​16-18; Jk 1:​2-4

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Sa 12:​2, 23 — Pwofèt Samyèl ki te granmoun te konnen jan li enpòtan pou l kontinye priye pou pèp Jewova a.

    • 2Sa 19:​31-39 — Wa David te gen rekonesans pou Bazilayi ki te fin granmoun, paske Bazilayi te soutni l fidèlman e Bazilayi te rekonèt limit li lè yo te mande l fè plis pase sa li te ka fè.

    • Sm 71:​9, 18 — Wa David te pè pou l pa t itil Jewova lè l vin granmoun, se sa k fè l te sipliye l pou l pa t voye l jete, men pou l te ba l fòs pou l anseye jenerasyon k ap vini an.

    • Lk 2:​36-38 — Pwofetès Àn, yon vèv ki te fin granmoun, te jwenn benediksyon lefètke l te gen atachman pou Jewova e l te rete fidèl nan sèvis li t ap ba li a.

Ki jan Jewova bay moun ki granmoun yo asirans yo gen valè nan je l?

Sm 92:​12-14; Pw 16:31; 20:29; Eza 46:4; Tt 2:​2-5

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 12:​1-4 — Lè Abraram te gen 75 an, Jewova te ba l yon asiyasyon ki te chanje lavi l.

    • Dn 10:​11, 19; 12:13 — Lè pwofèt Dànyèl te gen 90 an, yon zanj te vin kote l pou ba li asirans li gen anpil valè pou Jewova, e Jewova ap rekonpanse l pou fidelite l.

    • Lk 1:​5-13 — Jewova te beni Zakari ak Elizabèt ki te gen bon ti laj, lè l te fè yon mirak kote l te ba yo yon pitit gason ki te rele Jan.

    • Lk 2:​25-35 — Jewova te bay Simeyon ki te fin granmoun privilèj pou l te wè timoun ki t ap vin Mesi a; Simeyon te bay yon pwofesi Bondye te enspire l konsènan timoun sa a.

    • Tr 7:​23, 30-36 — Moyiz te gen 80 an lè Jewova te konfye l misyon pou l dirije Izrayèl, pèp li a.

Ki jan nou dwe trete moun aje ki fidèl yo?

Le 19:32; 1Ti 5:1

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 45:​9-11; 47:12 — Jozèf te voye chèche Jakòb, papa l, ki te granmoun, e li te pran swen l jiskaske l mouri.

    • Rt 1:​14-17; 2:​2, 17, 18, 23 — Rit te soutni Nawomi ki te granmoun, ni nan pawòl li, ni nan aksyon l.

    • Jan 19:​26, 27 — Pandan Jezi t ap soufri sou poto soufrans lan anvan l mouri, li te konfye manman l bay Jan, apot li te renmen anpil la, pou l pran swen l.

Ki fason konsa kretyen yo ka ede moun ki aje nan kongregasyon an?