Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Siveyan; Ansyen

Siveyan; Ansyen

Ki kondisyon Bib la mande pou ansyen yo ranpli nan yon degre ki rezonab?

Nan ki domèn ankò ansyen ki nan kongregasyon yo bezwen bay bon egzanp?

Ki kondisyon Bib la mande pou sèvitè ministeryèl yo ranpli nan yon degre ki rezonab?

Nan ki sans se lespri sen ki nome ansyen yo?

Tr 20:28

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Tr 13:​2-5; 14:23 — Pòl ak Banabas, antanke siveyan ki t ap vizite kongregasyon yo, te nome kèk frè ki responsab kòm ansyen nan plizyè kongregasyon; jodi a tou, siveyan sikonskripsyon yo fè menm jan an, yo priye pou yo jwenn lespri sen, e avèk swen, yo rete kole sou kondisyon ki gen nan Bib la Bondye te enspire pou yon frè ranpli pou l ka sèvi kòm ansyen nan kongregasyon an.

    • Tt 1:​1, 5 — Tit te gen responsablite pou l te vwayaje nan plizyè kongregasyon pou l te ka nome ansyen ladan yo.

Pou kiyès kongregasyon yo ye, e ak ki sa Bondye te achte yo?

Poukisa yo pale de ansyen yo kòm moun k ap sèvi lòt moun oubyen k ap veye sou lòt moun?

Poukisa ansyen yo dwe toujou gen imilite?

Fp 1:1; 2:​5-8; 1Te 2:​6-8; 1P 5:​1-3, 5, 6

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Tr 20:​17, 31-38 — Apot Pòl te raple ansyen nan vil Efèz yo travay di li te konn fè, e frè yo te montre yo gen rekonesans pou lanmou ak afeksyon li te demontre pou yo.

Ki jan ansyen yo reyaji devan direksyon “esklav fidèl ki prevwayan an” bay?

Ki pi bon fason pou ansyen yo anseye lòt moun?

1Ti 4:12; 1P 5:​2, 3

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Ne 5:​14-16 — Lefètke gouvènè Neyemi te gen lakrentif ak respè pou Jewova, li pa t mal sèvi ak otorite l sou pèp Bondye a e li te menm refize yon bagay li te gen dwa genyen.

    • Jan 13:​12-15 — Jezi te anseye disip li yo pa mwayen bonjan egzanp li te ba yo sou imilite.

Ki jan yon bèje kretyen ka montre li gen lanmou pou chak moun nan kongregasyon an?

Ki jan ansyen yo ka ede moun ki malad nan domèn espirityèl yo?

Ki responsablite ansyen yo genyen lè y ap anseye?

Poukisa ansyen yo dwe veye pou kongregasyon an rete pwòp nan domèn moral?

Ki fòmasyon ansyen yo dwe toujou ap bay lòt moun?

2Ti 2:​1, 2

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Mt 10:​5-20 — Jezi te fòme 12 apot li yo anvan li te voye yo nan travay predikasyon an.

    • Lk 10:​1-11 — Jezi te bay 70 disip yo bonjan fòmasyon anvan li te voye yo nan travay predikasyon an.

Ki sa k ap ede ansyen yo pou yo byen ranpli responsablite yo nan kongregasyon an?

1P 5:​1, 7

Gade tou Pw 3:​5, 6

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Wa 3:​9-12 — Wa Salomon te priye Jewova pou l ba l sajès ak bon konprann pou l te ka jije pèp Jewova a.

    • 2Kw 19:​4-7 — Wa Jozafa te mete moun pou sèvi kòm jij nan tout vil Jida yo e li te fè yo sonje Jewova t ap avèk yo pandan y ap ranpli kokennchenn responsablite sa a.

Ki jan frè ak sè nan kongregasyon an dwe konsidere ansyen yo ki fidèl?

1Te 5:​12, 13; 1Ti 5:17; Eb 13:​7, 17

Gade tou Ef 4:​8, 11, 12

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Tr 20:37 — Ansyen nan kongregasyon Efèz yo pa t pè demontre afeksyon yo pou apot Pòl.

    • Tr 28:​14-16 — Lè apot Pòl t ap vwayaje al nan vil Wòm, frè yo nan vil la te fè anviwon 65 km ap vwayaje pou y al rankontre l nan Mache Apiyis pou yo te kapab ba l bonjan ankourajman.