Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Paran

Paran

Poukisa Jewova te kreye maryaj?

Ki jan paran yo dwe konsidere pitit yo?

Sm 127:​3-5; 128:3

Gade tou “Timoun; Jèn

Ki sa paran yo dwe fè pou pitit yo?

Dt 6:​6, 7; 11:​18, 19; Pw 22:6; 2Ko 12:14; 1Ti 5:8

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Sa 1:​1-4 — Èlkana te mennen fanmi l nan fèt ki te konn fèt Silo a, konsa li te veye pou chak manm fanmi l patisipe nan adorasyon yo t ap bay Jewova a.

    • Lk 2:​39, 41 — Jozèf ak Mari te toujou vwayaje ak timoun yo te genyen yo soti Nazarèt pou y al Jerizalèm pou yo asiste fèt Pak la.

Ki byenfè paran yo jwenn lè yo leve pitit yo nan chemen Jewova yo?

Pw 1:​8, 9; 22:6

Gade tou 2Ti 3:​14, 15

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Sa 2:​18-21, 26; 3:19 — Paran Samyèl yo te ofri Samyèl bay Jewova pou l te ka sèvi l nan tabènak la, men yo t al vizite l regilyèman e yo te pran swen l; Samyèl te vin yon moun ki renmen Jewova e li te sèvi l fidèlman.

    • Lk 2:​51, 52 — Jezi te soumèt devan paran l yo aktout yo te enpafè.

Ki bò paran yo kapab jwenn direksyon sou fason pou yo anseye pitit yo?

Dt 6:​4-9; Ef 6:4; 2Ti 3:​14-17

Gade tou Sm 127:1; Pw 16:3

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jj 13:​2-8 — Apre yo te fin fè Manowa konnen l t apral gen yon pitit gason grasa mirak Jewova, Manowa te mande plis enfòmasyon sou fason pou l leve pitit sa a.

    • Sm 78:​3-8 — Jewova vle pou paran yo anseye pitit yo sa yo aprann nan Bib la.

Menmsi yon timoun leve nan yon fanmi ki renmen Bondye, poukisa li ka chwazi pa sèvi Jewova?

Eze 18:​1-13, 20

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 6:​1-5; Jd 6 — Gen anpil nan pitit espirityèl Bondye yo ki te pase yon kantite tan moun pa ka konte avè l nan syèl la, men annapre, yo te chwazi fè rebèl avè l.

    • 1Sa 8:​1-3 — Pitit gason Samyèl yo te magouyè e yo te kòwonpi, alòske pwofèt Samyèl te yon moun ki te fidèl e ki te dwat.

Ki lè paran yo dwe kòmanse anseye pitit yo chemen Jewova yo?

2Ti 3:15

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Dt 29:​10-12, 29; 31:12; Esd 10:1 — Paran yo dwe mennen timoun yo nan reyinyon nou yo ak gwo rasanbleman nou yo pou yo ka aprann konnen chemen Jewova yo.

    • Lk 2:​41-52 — Jozèf ak Mari te konn mennen Jezi ak lòt pitit yo te genyen yo nan fèt Pak la ki te konn fèt nan tanp lan nan Jerizalèm.

Ki egzanp paran yo dwe suiv lè y ap chèche pwoteje pitit yo kont moun ki ka fè yo mal?

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Eg 19:4; Dt 32:​11, 12 — Jewova konpare tèt li ak yon èg k ap pote pitit li yo, k ap pwoteje yo e k ap pran swen yo.

    • Eza 49:15 — Jewova pwomèt sèvitè l yo l ap pran swen yo e l ap pwoteje yo pi byen pase jan yon manman montre li gen sousi pou pitit li ki nan tete.

    • Mt 2:​1-16 — Lè Jezi te tibebe, Satan te eseye touye l lè l te fè astwològ yo al kot wa Ewòd, yon wa ki te mechan, men, Jewova te pwoteje pitit li a lè l te fè Jozèf konnen li dwe deplase al ann Ejip avèk fanmi l.

    • Mt 23:37 — Jezi te konpare anvi li genyen pou l ede pèp li a ak fason yon manman poul ap rasanble ti poul li yo anba zèl li pou l pwoteje yo.

Poukisa paran yo dwe bay pitit yo fòmasyon sou sa ki gen rapò ak sèks?

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Le 15:​2, 3, 16, 18, 19; Dt 31:​10-13 — Lwa Moyiz la te bay detay klè sou kesyon ki gen rapò ak sèks, e Jewova te mande pou timoun yo la lè y ap li liv Lalwa a awotvwa.

    • Sm 139:​13-16 — Nan Sòm 139, David fè louwanj pou Jewova pou jan li fè kò nou yon fason ki estrawòdinè, sa gen ladan l kapasite li ban nou pou nou fè pitit la.

    • Pw 2:​10-15 — Konesans ak sajès Jewova bay ka pwoteje nou kont moun ki pran plezi nan vye bagay ki pa kòrèk e k ap fè tout sa k pa sa.

Poukisa paran yo dwe bay pitit yo disiplin avèk lanmou?

Pw 13:24; 29:17; Jr 30:11; Ef 6:4

Gade tou Sm 25:8; 145:9; Kl 3:21

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Sm 32:​1-5 — Se vre wa David te soufri akoz Jewova te disipline l, men li te santi l soulaje lè l te aprann Jewova padone moun ki repanti toutbon pou peche yo fè.

    • Jon 4:​1-11 — Pwofèt Jonas te fache lè l t ap pale ak Jewova e li te montre l manke respè pou li, aktout sa, Jewova te pran pasyans pou l anseye l yon leson sou mizèrikòd.

Poukisa nou ka di lè paran yo bay pitit yo disiplin, se yon prèv ki montre yo renmen yo?