Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pèsekisyon

Pèsekisyon

Poukisa kretyen yo dwe atann y ap jwenn pèsekisyon?

Lè y ap pèsekite nou, poukisa nou dwe mande Jewova pou l soutni nou?

Sm 55:22; 2Ko 12:​9, 10; 2Ti 4:​16-18; Eb 13:6

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Wa 19:​1-18 — Lè yo t ap pèsekite pwofèt Eli, li te vide kè l bay Jewova, konsa l te jwenn ankourajman ak rekonfò.

    • Tr 7:​9-15 — Frè Jozèf yo te pèsekite l, men Jewova te toujou avè l, li te delivre l e li te sèvi avè l pou l sove fanmi an.

Ki jan yo ka pèsekite nou?

Lè yo di nou vye pawòl

2Kw 36:16; Mt 5:11; Tr 19:9; 1P 4:4

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2Wa 18:​17-35 — Rabchake a, yon pòtpawòl wa Asiri a, te pale Jewova mal e li te pase moun ki Jerizalèm yo nan rizib.

    • Lk 22:​63-65; 23:​35-37 — Moun ki t ap pèsekite Jezi yo t ap pase l nan rizib lè yo t ap jije l e yo te manke l dega pandan l te sou poto a.

Lè fanmi nou opoze ak nou

Lè yo arete nou e yo mennen nou nan tribinal

Lè yo fè vyolans sou nou

Lè foul moun atake nou

Lè yo touye nou

Ki sa kretyen yo dwe fè lè y ap pèsekite yo?

Mt 5:44; Tr 16:25; 1Ko 4:​12, 13; 1P 2:23

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Tr 7:57–8:1 — Lè Sòl, moun Tas, ak yon foul moun t ap fè vyolans sou Etyèn, aktout Etyèn t apral mouri, li te mande Bondye pou l fè moun sa yo ki t ap pèsekite l yo mizèrikòd.

    • Tr 16:​22-34 — Byenke yo te bat Pòl e yo te mete l nan prizon, li te montre bonte pou gadyen prizon an, sa te fè mesye sa a ansanm ak tout moun lakay li vin kwayan.

Ki sa k te rive kèk kretyen nan premye syèk la?

Ki jan nou dwe konsidere pèsekisyon?

Ki jan esperans nou genyen an ka ban nou fòs nan moman pèsekisyon?

Poukisa n pa dwe kite pèsekisyon fè n santi nou wont, fè nou pè oswa fè nou dekouraje, e poukisa nou pa dwe kite sa fè n sispann sèvi Jewova?

Sm 56:​1-4; Tr 4:​18-20; 2Ti 1:​8, 12

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2Kw 32:​1-22 — Lè lame wa Senakerib la, yon lame ki te pisan, te menase wa Ezekyas, yon wa ki te fidèl, pou yo atake l, li te konte sou Jewova e l te ankouraje pèp la, e Jewova te rekonpanse l anpil pou sa.

    • Eb 12:​1-3 — Moun ki t ap pèsekite Jezi yo te chèche fè l wont, men Jezi pa t kite sa dekouraje l.

Ki bon rezilta pèsekisyon ka fè n jwenn?

Lè nou andire eprèv, sa fè Jewova plezi e sa onore non l

1P 2:​19, 20; 4:​12-16

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jb 1:​6-22; 2:​1-10 — Byenke Jòb pa t konnen si se Satan ki te dèyè gwo eprèv li t ap jwenn yo, li pa t vire do bay Jewova, konsa li te bay Bondye glwa e li te pwouve Satan se yon mantè.

    • Dn 1:​6, 7; 3:​8-30 — Anànya, Michayèl ak Azarya (Chadrak, Mechak ak Abèdnego), twa sèvitè fidèl Jewova te prefere mouri nan yon founèz dife olye yo te dezobeyi l, kòm rezilta, Nebikadneza, yon wa ki pa t ap sèvi Jewova, te bay Jewova glwa devan tout moun.

Pèsekisyon ka ouvri pòt pou n bay lòt moun temwayaj

Lk 21:​12, 13; Tr 8:​1, 4

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Tr 11:​19-21 — Kretyen yo ki te gaye akoz pèsekisyon te kontinye anonse bon nouvèl la toupatou.

    • Fp 1:​12, 13 — Apot Pòl te kontan paske l te konnen lefètke l te nan prizon, sa te nan avantaj bon nouvèl la.

Lè nou andire pèsekisyon, sa ka fòtifye kwayan parèy nou yo

Byen souvan, ki wòl chèf relijye yo ak dirijan politik yo konn jwe nan pesèkite sèvitè Jewova yo?

Jr 26:11; Mk 3:6; Jan 11:​47, 48, 53; Tr 25:​1-3

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Tr 19:​24-29 — Nan vil Efèz, moun ki te konn fè ti tanp pou Atemis yo te wè mesaj kretyen yo te konn preche kont idolatri a tankou yon menas pou biznis yo ki t ap byen mache, sa te fè yo pèsekite kretyen yo.

    • Ga 1:​13, 14 — Anvan Pòl (yo te rele Sòl) te vin kretyen, li te zele nan relijyon jidayis la, sa te fè l pèsekite kretyen yo.

Kiyès ki dèyè pèsekisyon sèvitè Jewova yo ap sibi yo?