Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lapriyè

Lapriyè

Ki jan nou fè konnen Jewova tande priyè nou yo e li reponn yo?

Sm 65:2; 145:18; 1J 5:14

Gade tou Sm 66:19; Tr 10:31; Eb 5:7

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Wa 18:​36-38 — Jewova te reponn priyè pwofèt Eli te fè sou Mòn Kamèl la byen vit, lè Eli te gen pou l konbat pwofèt Baal yo.

    • Mt 7:​7-11 — Jezi ankouraje nou pou nou pèsevere nan lapriyè e li ban nou asirans Jewova, Papa nou ki renmen nou an, ap koute nou.

Kiyès sèlman kretyen yo dwe priye?

Nan non kiyès nou priye?

Priyè ki moun Jewova koute?

Priyè ki moun Jewova pa koute?

Pw 15:29; 28:9; Eza 1:15; Mi 3:4; Jk 4:3; 1P 3:7

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Joz 24:​9, 10 — Jewova pa t aksepte koute demann Balaam te fè l paske sa l te mande a pa t ann amoni ak volonte l.

    • Eza 1:​15-17 — Jewova pa t aksepte koute priyè pèp Izrayèl la paske yo te vin ipokrit e yo t ap fè san koule.

Ki sa n dwe di nan fen yon priyè, e poukisa?

Èske Bib la di nou ta dwe nan yon pozisyon espesyal pou nou priye?

Pou ki bagay konsa sèvitè Jewova yo ka priye lè yo reyini ansanm pou yo adore l?

Tr 4:​23, 24; 12:5

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Kw 29:​10-19 — Wa David te priye devan tout pèp Izrayèl la lè yo te fin fè ofrann volontè pou konstriksyon tanp lan.

    • Tr 1:​12-14 — Apot yo, frè Jezi yo, Mari, manman Jezi, ak kèk lòt medam fidèl te reyini nan yon chanmòt nan Jerizalèm pou yo te ka priye.

Poukisa yon moun pa dwe janm chèche mete tèt li byen wo oubyen chèche enpresyone lòt moun lè l ap priye?

Poukisa nou dwe priye anvan nou manje?

Poukisa nou pa dwe janm neglije priye Jewova, Papa nou ki nan syèl la?

Wm 12:12; Ef 6:18; 1Ti 5:17; 1P 4:7

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Dn 6:​6-10 — Pwofèt Dànyèl te kontinye priye Jewova yon kote tout moun ka wè l, malgre sa te ka lakòz yo touye l.

    • Lk 18:​1-8 — Jezi te itilize egzanp yon jij ki pa jis ki te oblije ede yon dam ki te kole nan kò l pou l jwenn jistis, konsa Jezi te montre jan Papa nou an ki jis ap reponn priyè sèvitè l yo byen rapid.

Ki atitid nou ta dwe genyen lè n ap priye Bondye pou n mande l padon pou peche nou?

2Kw 7:​13, 14

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2Wa 22:​11-13, 18-20 — Jewova te aji ak mizèrikòd e ak bonte avèk wa Jozyas poutèt li te imiliye tèt li e li te chèche fè Jewova plezi.

    • 2Kw 33:​10-13 — Wa Manase te imilye tèt li, se sa k fè Jewova te padone l e li te fè l vin wa ankò.

Ki sa Jewova mande nou fè si nou vle l padone nou?

Poukisa nou dwe mande Jewova pou volonte l fèt nan priyè n ap fè yo?

Poukisa priyè n ap fè yo dwe montre nou gen lafwa nan Papa nou ki nan syèl la?

Pou ki bagay nou ka priye?

Pou non Bondye vin sen

Pou Wayòm Bondye a vin dirije tout tè a

Pou volonte Jewova fèt

Pou sa nou gen bezwen nan domèn materyèl

Pou n mande padon pou peche nou

Pou n jwenn pwoteksyon kont tantasyon

Pou n di Jewova mèsi

Pou n konnen volonte Bondye, pou n gen bon konprann ak sajès

Pw 2:​3-6; Fp 1:9; Jk 1:5

Gade tou Sm 119:34

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Wa 3:​11, 12 — Jewova te kontan paske wa Salomon te mande l pou l ba l sajès e li te ba li l yon fason ki estrawòdinè.

Pou n jwenn lespri sen

Pou lòt sèvitè Jewova yo, sa gen ladan l frè ak sè y ap pèsekite yo

Pou n fè louwanj pou Jewova

Sm 86:12; Eza 25:1; Dn 2:23

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Lk 10:21 — Jezi te fè louwanj pou Papa l devan tout moun poutèt se moun ki gen imilite tankou timoun piti Li fè konnen laverite.

    • Re 4:​9-11 — Zanj yo ki nan syèl la bay Jewova glwa ak onè.

Pou Jewova pouse moun ki gen otorite yo kite nou adore l nan lapè epi fè travay predikasyon an

Èske li apwopriye pou nou priye nan moman n ap batize a?

Èske li apwopriye pou nou priye pou moun ki malad nan domèn espirityèl?

Poukisa gason toujou priye san yo pa kouvri tèt yo, e poukisa pafwa fi yo dwe kouvri tèt yo?

Ki sa k pi enpòtan pou Bondye nan priyè nou yo pase longè priyè yo ak santiman nou demontre pandan n ap fè priyè sa yo?

Lm 3:41; Mt 6:7

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Wa 18:​25-29, 36-39 — Lè pwofèt Baal yo t ap reyaji devan defi pwofèt Eli te ba yo a, yo te pran rele Baal byen fò depi nan maten rive jiska midi, men Baal pa t janm reponn yo.

    • Tr 19:​32-41 — Moun nan vil Efèz ki t ap adore zidòl yo te fin dechennen ap rele yon deyès ki rele Atemis pandan anviwon dezèdtan, yo pa t jwenn okenn rezilta, men administratè vil la te kalme yo.