Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Predikasyon bon nouvèl la

Predikasyon bon nouvèl la

Poukisa se tout kretyen yo ki dwe fè deklarasyon piblik pou lafwa yo?

Ki bon egzanp Jezi te bay anrapò ak travay predikasyon an?

Lk 8:1; Jan 18:37

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Lk 4:​42-44 — Jezi te di se pou l te ka preche bon nouvèl la ki fè Bondye te voye l sou tè a.

    • Jan 4:​31-34 — Jezi te konpare travay predikasyon bon nouvèl la ak manje l te konn manje.

Èske se sèlman frè ki responsab nan kongregasyon yo ki dwe preche bon nouvèl la?

Sm 68:11; 148:​12, 13; Tr 2:​17, 18

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2Wa 5:​1-4, 13, 14, 17 — Yon jèn tifi izrayelit te pale ak madanm wa Siri a konsènan yon pwofèt Jewova ki rele Elize.

    • Mt 21:​15, 16 — Lè prèt an chèf yo ak espè nan Lalwa yo te wè kèk tigason ap fè lwanj pou Jezi nan tanp lan, yo te fache, men, Jezi te reprimande mesye sa yo poutèt sa.

Ki jan siveyan kretyen yo kapab aprann lòt moun nan kongregasyon an fason pou yo preche bon nouvèl la?

Ki jan Jewova ak Jezi ede n nan travay predikasyon an?

2Ko 4:7; Fp 4:13; 2Ti 4:17

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Tr 16:​12, 22-24; 1Te 2:​1, 2 — Menm lè yo te konn pèsekite apot Pòl ak konpayon l yo, grasa èd Jewova, yo pa t sispann preche avèk kran.

    • 2Ko 12:​7-9 — Apot Pòl te chofe anpil nan travay predikasyon an malgre li t ap soufri ak yon “pikan nan chè” l, petèt yon maladi, men, Jewova te ba l fòs pou l kontinye fè travay sa a.

Ki moun oswa ki sa k ap fè yon kretyen kalifye pou l preche?

1Ko 1:​26-28; 2Ko 3:5; 4:13

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jan 7:15 — Juif yo nan epòk Jezi a te sezi wè tout konesans Jezi te genyen, malgre li pa t etidye nan lekòl chèf relijye yo.

    • Tr 4:13 — Moun yo te sezi wè jan apot Jezi yo te chofe pou yo preche e yo te fè sa avèk kran, malgre yo pa t fè gwo etid e yo pa t nan gwo pozisyon.

Sa k fè n kapab di Jewova vle nou fòme lòt moun nan travay predikasyon ak ansèyman an?

Mk 1:17; Lk 8:1; Ef 4:​11, 12

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Eza 50:​4, 5 — Lè Jezi, ki t apral vin Mesi a, te nan syèl la, Jewova te konn ba l fòmasyon.

    • Mt 10:​5-7 — Lè Jezi te sou tè a, li te konn pran pasyans ak disip li yo nan fòmasyon li t ap ba yo sou fason pou yo fè travay predikasyon an.

Ki jan nou dwe konsidere misyon nou genyen pou nou preche bon nouvèl la?

Ki efè travay predikasyon an genyen sou nou menm k ap preche a?

Sou ki sa nou pale nan travay predikasyon an?

Poukisa kretyen yo denonse fo ansèyman ki genyen yo?

2Ko 10:​4, 5

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Mk 12:​18-27 — Jezi te sèvi ak Ekriti yo pou l pwouve Sadiseyen yo yo pa t gen rezon pou yo pa kwè nan rezirèksyon.

    • Tr 17:​16, 17, 29, 30 — Apot Pòl te rezone ak moun Atèn yo pou l konvenk yo adore zidòl se yon bagay ki mal.

Ki jan nou fè travay predikasyon an?

Tra 5:42; 17:2; 20:20

Pou ki rezon nou preche an piblik?

Ki sa k montre nou dwe gen pasyans ak pèseverans nan travay predikasyon an?

Ki bon rezilta travay predikasyon an bay?

Poukisa nou dwe pare pou n preche nan tout okazyon?

1Ko 9:23; 1Ti 2:4; 1P 3:15

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jan 4:​6, 7, 13, 14 — Menm lè Jezi te fatige anpil, li te pataje bon nouvèl la ak yon Samaritèn ki te vin pran dlo nan yon pi.

    • Fp 1:​12-14 — Menm lè yo te mete Pòl nan prizon pou lafwa l, li te pwofite okazyon l te jwenn pou l bay temwayaj e pou l bay lòt moun ankourajman.

Èske nou dwe atann tout moun ap koute mesaj n ap preche a?

Jan 10:​25, 26; 15:​18-20; Tr 28:​23-28

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jr 7:​23-26 — Jewova te sèvi ak pwofèt Jeremi pou l montre pèp li a pa t konn koute pwofèt li yo.

    • Mt 13:​10-16 — Jezi te di anpil moun t ap tande mesaj la, men yo t ap rejte l menm jan sa te ye nan epòk Ezayi a.

Sa k fè nou pa sezi lè n wè anpil moun twò okipe pou yo tande mesaj la?

Ki sa k montre nou gen moun ki t ap kòmanse koute mesaj la, men ki t ap bay vag?

Ki egzanp ki ede nou pou n pa sezi lè n wè kèk moun opoze ak travay predikasyon an?

Ki jan nou reyaji lè gen moun ki opoze ak travay predikasyon an?

Sa k fè nou kapab sèten gen moun ki t ap byen resevwa bon nouvèl n ap preche a?

Ki sa Bondye vle moun k ap preche bon nouvèl la fè?

Poukisa n dwe preche moun tout relijyon, tout ras ak tout nasyonalite?

Èske l bon pou nou preche nenpòt jou nan semèn nan, menm jou saba?

Ki egzanp ki montre li nòmal pou nou preche tout moun, menmsi yo gen yon Bib oubyen yo nan yon lòt relijyon?