Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Repantans

Repantans

Poukisa tout moun bezwen repanti pou peche yo fè epi mande Jewova padon?

Wm 3:23; 5:12; 1J 1:8

Gade tou Tr 26:20

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Lk 18:​9-14 — Jezi te bay yon egzanp pou l montre nou dwe konfese peche nou yo e priye Bondye pou l ede nou.

    • Wm 7:​15-25 — Byenke apot Pòl te gen yon lafwa ki solid, sa te ba l anpil pwoblèm lè l t ap gade tandans peche li gen lakay li a.

Ki sa Bib la di konsènan jan Jewova konsidere moun ki repanti yo?

Eze 33:11; Wm 2:4; 2P 3:9

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Lk 15:​1-10 — Jezi te bay kèk egzanp pou l montre Jewova ak zanj yo kontan lè yon moun ki peche repanti.

    • Lk 19:​1-10 — Lè Zache, ki te yon pèseptè enpo e ki te konn pran lajan moun yo mal, te montre l repanti e l te chanje, Jezi te padone l. 

Ki jan nou montre n repanti toutbon?

Ki jan konesans egzak la ap ede yon moun ki repanti toutbon?

Wm 12:2; Kl 3:​9, 10; 2Ti 2:25

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Tr 17:​29-31 — Apot Pòl te esplike moun Atèn yo poukisa adore zidòl se te yon siy ki montre yo nan inyorans, e l te ankouraje yo pou yo repanti.

    • 1Ti 1:​12-15 — Anvan apot Pòl te gen konesans egzak sou Jezi Kris, li te fè plizyè peche grav.

Poukisa li enpòtan pou nou repanti?

Poukisa nou mèt gen konfyans Jewova ap padone nou depi nou repanti, menmsi nou ta peche plizyè fwa?

Ki jan Jewova trete moun ki konfese peche yo e ki sispann fè yo?

Ki jan nou fè konnen repanti vle di plis pase di nou santi nou tris oubyen nou regrèt?

2Kw 7:14; Pw 28:13; Eze 18:​30, 31; 33:​14-16; Mt 3:8; Tr 3:19; 26:20

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2Kw 33:​1-6, 10-16 — Byenke wa Manase te fè anpil move bagay pandan anpil tan, li te montre li te repanti lè l te imilye tèt li, lè l te toujou priye Jewova e l te chanje fason l aji.

    • Sm 32:​1-6; 51:​1-4, 17 — Wa David te montre l repanti lè l te regrèt anpil poutèt li te peche kont Jewova, li te konfese peche sa yo e li te priye Jewova pou l mande l padon.

Poukisa nou dwe padone moun ki peche kont nou lè yo repanti?