Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason pou n rezoud mezantant

Fason pou n rezoud mezantant

Lè yon moun fè n fache, sa k fè n dwe evite mete n an kòlè oswa tire revanj?

Pw 20:22; 24:29; Wm 12:​17, 18; Jk 1:​19, 20; 1P 3:​8, 9

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Sa 25:​9-13, 23-35 — Lè Nabal te manke David ak sòlda l yo dega e li pa t dakò ba yo manje, san reflechi, David te deside al touye Nabal ak tout gason lakay li, men avèk sajès, Abigayil te sipliye David pou l pa t fè masak sa a.

    • Pw 24:​17-20 — Wa Salomon te fè pèp Bondye a konnen Jewova pa kontan lè n ap ri nan malè ènmi nou; kite Jewova fè n jwenn jistis.

Si yon kretyen parèy nou gen yon mezantant avèk nou, èske n ta dwe pa pale avè l oubyen kenbe l sou kè?

Le 19:​17, 18; 1Ko 13:​4, 5; Ef 4:26

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Mt 5:​23, 24 — Jezi te di nou dwe fè tout sa n kapab pou n fè lapè ak frè nou ki gen yon bagay avèk nou.

Ki sa n dwe fè si yon moun ta fè n fache?

Poukisa nou dwe kontinye padone moun ki peche kont nou, menmsi yo ta fè sa plizyè fwa, depi yo repanti toutbon?

Si yon frè n oswa yon sè n fè n yon bagay ki vrèman grav e n pa ka pase sou sa, pa egzanp, si l bay kout lang sou nou oswa li pran kòb nou nan move kondisyon, ki moun ki dwe al pale avè l sou sa, e nan ki objektif?

Mt 18:15

Gade tou Jk 5:20

Si yon moun fin bay kout lang sou nou oswa pran kòb nou nan move kondisyon e li pa vle repanti lè n al kote l poukont nou an, ki sa n dwe fè?