Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Peche

Peche

Ki sa peche ye, e poukisa nou tout peche?

Ki sa Bib la di ki montre nou ka goumen ak tandans pou n fè peche a?

Wm 6:​12-14

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2Sa 11:​2-5, 14, 15, 26, 27; 12:​1-13 — Wa David te fè peche ki te grav anpil, li te jwenn disiplin ki sevè e li te montre l repanti.

    • Wm 7:​15-24 — Apot Pòl te gen yon lafwa ki solid e li te bay Bondye tout li menm, men li te toujou gen anpil efò pou l fè pou l konbat move panse ak move dezi.

Ki sa k konn lakòz anpil moun peche?

Poukisa li grav anpil pou n kontinye lage kò n nan fè peche?

Ak ki sa Satan ka sèvi pou l fè sèvitè Bondye yo tonbe nan peche?

Pw 1:​10, 11, 15; Mt 5:28; Jk 1:​14, 15

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 3:​1-6 — Satan te sèvi ak yon koulèv pou l pale ak Èv pou l te ka tante Èv pou fè l suiv dezi egoyis li te gen lakay li epi pou l fè l pèdi konfyans nan Jewova.

    • Pw 7:​6-10, 21-23 — Wa Salomon rakonte ki jan yon jèn gason ki te manke bonsans te pran nan atirans yon fi ki imoral.

Ki sa nou ka fè pou n reziste devan tantasyon Satan yo?

Ef 4:27; 6:​10-18; Jk 4:​7, 8

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Pw 5:​1-14 — Tankou yon papa k ap konseye pitit gason l, wa Salomon te bay yon seri konsèy ki soti nan Jewova sou rezon ki fè n dwe evite imoralite seksyèl ak sou fason n ka fè sa.

    • Mt 4:​1-11 — Jezi kite yon egzanp pafè pou nou nan fason li te reziste devan tantasyon Satan yo lè l te sèvi ak Pawòl Bondye a.

Ki peche grav konsa kretyen yo dwe evite?

Konfese peche nou yo

Poukisa n pa dwe kache peche nou yo?

Bay ki moun nou dwe konfese tout peche n yo?

Kiyès k ap aji tankou yon “èd” pou nou e k ap sipliye devan Jewova pou nou?

Èske yon moun ki peche kapab fè aksyon ki montre li repanti pou sa l te fè a?

Tr 26:20; Jk 4:​8-10

Gade tou “Repantans

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Eg 22:​1-12 — Lwa Moyiz la te mande pou yon moun ki te vòlè dedomaje moun li te vòlè afè l la.

    • Lk 19:​8, 9 — Zache, yon pèseptè an chèf, te repanti lè l te remèt moun yo kòb li te pran nan men yo.

Poukisa nou kapab kwè Jewova ap padone nou?

Gade “Padon

Ki dispozisyon Jewova pran pou l ede epi pwoteje kongregasyon an lè yon moun fè yon peche grav?

Ki efè peche grav yon moun fè kapab genyen sou manm fanmi l oubyen sou kongregasyon an?

Eb 12:​15, 16

Gade tou Dt 29:18

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Joz 7:​1-13, 20-26 — Akan te lakòz malè tonbe sou tout pèp Izrayèl la lè l te fè yon peche grav e l te eseye kache sa.

    • Jon 1:​1-16 — Lefètke pwofèt Jonas pa t koute Jewova, sa te fè tout moun ki te nan menm bato avè l yo te manke pèdi lavi yo.

    • 1Ko 5:​1-7 — Apot Pòl te pale de yon peche grav yon moun te fè nan kongregasyon Korent lan ki te gen move efè sou tout kongregasyon an.

Poukisa nou pa dwe janm pè al kot ansyen yo pou n jwenn èd menmsi n ap resevwa yon disiplin ?

Poukisa nou dwe gen konfyans Bondye padone nou olye nou kontinye ap kondane tèt nou pou yon peche nou fè ki te pase?

Gade “Padon

Si nou aprann yon moun fè yon peche grav, poukisa nou dwe asire nou moun sa a al kot ansyen yo?

Le 5:1

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Dt 13:​6-9; 21:​18-20 — Lwa Moyiz la te di depi moun yo konnen gen yon moun nan pèp la ki fè yon peche grav, yo pa dwe kache sa menmsi moun sa a se fanmi yo oubyen yon moun yo renmen.