Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Selibatè

Selibatè

Sa k fè nou kapab konsidere se yon kado sa ye lè yon moun selibatè?

Poukisa nou pa ta dwe fòse yon kretyen selibatè pou l marye?

1Ko 7:​28, 32-35; 1Te 4:11

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Wm 14:​10-12 — Apot Pòl te esplike rezon ki fè nou pa dwe jije kretyen parèy nou.

    • 1Ko 9:​3-5 — Apot Pòl te gendwa chwazi marye, men lefètke l te selibatè, sa te ede l ret konsantre sou aktivite predikasyon an.

Èske selibatè yo dwe santi si yo pa marye, yo pap gen kè kontan?

1Ko 7:8

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jj 11:​30-40 — Pitit fi Jefte a te ret san l pa marye, men lavi l te gen sans.

    • Tr 20:35 — Jezi pa t marye, men pawòl li te anseye yo montre li te gen kè kontan lefètke l te renmen bay.

    • 1Te 1:​2-9; 2:12 — Antanke selibatè, apot Pòl te montre ki jan aktivite predikasyon an te ba l kè kontan paske l te ka ede anpil moun aprann konnen Jewova.

Poukisa selibatè yo dwe rete pwòp nan domèn moral, menm jan ak tout lòt sèvitè Bondye yo?

1Ko 6:18; Ga 5:​19-21; Ef 5:​3, 4

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Pw 7:​7-23 — Wa Salomon te montre move konsekans sa te genyen pou yon jèn gason paske l te kite yon fi ki imoral mennen l fè sa ki mal.

    • Ch 4:12; 8:​8-10 — Yo fè lwanj pou jèn fi Choulamit la piske l te gen yon bon konduit.

Ki lè yon moun ki selibatè kapab wè l ap bon pou l marye?