Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Travay

Travay

Ki rapò ki genyen ant travay ak lajwa?

Sa k fè l bon pou n aprann travay byen?

Pw 22:29

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Sa 16:​16-23 — Yo te konnen David kòm yon moun ki te konn jwe mizik byen lè l te jèn; bèl talan sa a te konn ede wa Izrayèl la lè l te boulvèse.

    • 2Kw 2:​13, 14 — Iramabi se te yon bon atizan, se sa k fè wa Salomon te sèvi avè l nan yon gwo travay konstriksyon.

Sa k fè yo dwe konnen sèvitè Jewova yo kòm moun ki konn travay byen?

Ef 4:28; Kl 3:23

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 24:​10-21 — Rebeka te renmen ede moun, li te renmen travay anpil e li te fè plis pase sa sèvitè Abraram nan te mande l.

    • Fp 2:​19-23 — Apot Pòl te konfye Timote ki te jèn yon gwo responsablite, paske Timote te renmen travay di e l te gen imilite.

Sa k fè nou pa dwe parese?

Pw 13:4; 18:9; 21:​25, 26; Ekl 10:18

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Pw 6:​6-11 — Wa Salomon te sèvi ak egzanp foumi pou l montre jan sa bèl lè yon moun travay di e l pa parese.

Poukisa nou dwe travay di pou n pran swen tèt nou?

Poukisa nou dwe travay di pou n pran swen fanmi nou?

1Ti 5:8

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Rt 1:​16, 17; 2:​2, 3, 6, 7, 17, 18 — Rit, ki te yon jèn vèv, te konn travay di pou l pran swen Nawomi, ki te bèlmè l. 

    • Mt 15:​4-9 — Jezi pa t dakò ak moun ki te konn bay eskiz kòmkwa se aktivite espirityèl yo genyen ki anpeche yo pran swen paran yo.

Poukisa li bon pou n pataje sa n genyen ak lòt moun, sa vle di sa nou genyen grasa ak travay di nou fè?

Ki jan n dwe konsidere lajan?

Ki sa k montre Jewova vle nou se moun ki konn travay byen pou n pran swen tèt nou?

Mt 6:​25, 30-32; Lk 11:​2, 3; 2Ko 9:10

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 31:​3-13 — Lè Jakòb, ki te bofis Laban t ap travay avè l, Laban te fè l enjistis, men Jewova ki te wè jan Jakòb te travay di e li te beni l.

    • Jen 39:​1-6, 20-23 — Jewova te beni Jozèf ni lè l t ap travay kòm esklav lakay Potifa, ni lè yo te mete l nan prizon.

Sa k fè travay nou pa dwe janm pi enpòtan pase adorasyon n ap bay Jewova a?

Sm 39:​5-7; Mt 6:33; Jan 6:27

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Lk 12:​15-21 — Jezi te bay yon egzanp pou l montre lè yon moun bay bagay materyèl plis enpòtans pase bagay espirityèl, li aji tankou egare.

    • 1Ti 6:​17-19 — Apot Pòl te avèti kretyen ki rich yo kont danje ki genyen lè yon moun awogan e li te ankouraje yo pou yo “rich nan fè bèl aksyon”.

Ki prensip nou dwe suiv pou ede n pran bon desizyon nan kesyon travay?

Travay pou Jewova

Ki pi gwo travay kretyen yo ap patisipe ladan l?

Sa k fè nou chofe pou n bay tout nou menm nan sèvis n ap bay Jewova a?

Poukisa l pa bon pou n ap konpare travay chak sèvitè Jewova ka fè?

Ga 6:​3-5

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Mt 25:​14, 15 — Jezi te bay yon egzanp pou l montre li pa t atann pou tout disip li yo fè menm kantite travay.

    • Lk 21:​2-4 — Jezi te rekonèt ofrann yon vèv malerèz te fè te gen anpil valè menm lè l te piti.

Kiyès ki ban nou fòs nou bezwen pou n fè travay Jewova a?

2Ko 4:7; Ef 3:​20, 21; Fp 4:13

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2Ti 4:17 — Apot Pòl te rekonèt li te jwenn fòs li te bezwen an nan bon moman.

Sa k fè nou gen kè kontan lè n travay di pou Jewova?