Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Adorasyon

Adorasyon

Kiyès nou dwe adore sèlman?

Eg 34:14; Dt 5:​8-10; Eza 42:8

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Mt 4:​8-10 — Satan te ofri Jezi tout wayòm ki gen nan monn nan si l dakò adore l; Jezi te rejte òf sa a e l te deside pou l adore Jewova sèlman.

    • Re 19:​9, 10 — Yon zanj ki gen anpil fòs pa t dakò pou apot Jan adore l.

Ki jan Jewova vle nou adore l?

Jan 4:24; Jk 1:​26, 27

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Eza 1:​10-17 — Jewova pa aksepte adorasyon nan men moun ki pa vle obeyi l. 

    • Mt 15:​1-11 — Jezi te montre Jewova pa aksepte adorasyon pou lafòm, kote moun yo ap suiv tradisyon lèzòm olye yo obeyi kòmandman Bondye yo.

Ak ki moun nou dwe adore Jewova, lè sa posib?

Eb 10:​24, 25

Gade tou Sm 133:​1-3

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Tr 2:​40-42 — Kretyen nan premye syèk yo te konn reyini pou yo priye, pou yo pase tan ansanm, pou yo etidye ansèyman Bondye te enspire yo grasa lespri sen l.

    • 1Ko 14:​26-40 — Apot Pòl te bay konsèy pou reyinyon kretyen yo fèt yon fason pou ankouraje moun e nan lòd, sa t ap fè tout moun aprann sa y ap anseye yo epi konprann yo.

Ki sa n dwe fè pou n gen asirans Jewova dakò ak adorasyon n ap ba li a?

Mt 7:​21-24; 1J 2:17; 5:3

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Eb 11:6 — Apot Pòl te montre nou dwe gen lafwa pou Jewova aksepte adorasyon n ap ba li a.

    • Jk 2:​14-17, 24-26 — Jak, yon frè Jezi bò kot manman, te esplike lafwa dwe gen bon aksyon ki mache avè l; donk, lafwa ap pouse nou aji.