Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lèt Kolèj santral la

Lèt Kolèj santral la

Frè ak sè nou yo,

Lanmou nou gen pou Bondye ak lanmou nou gen pou moun ankouraje nou pou n ‘ale, epi fè disip pami moun tout nasyon e pou n batize yo’. (Mat. 28:​19, 20; Mak 12:​28-31.) Lanmou sa a pa chèche pwòp avantaj pa l e li gen anpil fòs. Li kapab rive touche kè moun ki “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an”. — Tra. 13:48.

Lontan, nou te plis chèche aprann prezantasyon yo pakè epi bay moun yo piblikasyon nou yo. Men, kounye a, nou bezwen kontinye fè efò pou n amelyore fason nou pale ak moun yo. Nou vle montre lanmou nou gen pou lòt moun lè nou pale ak yo sou sa ki enterese yo. Sa mande pou nou fleksib e pou nou byen egzamine sa k okipe lespri chak moun ak sa k enterese yo. Ki jan bwochi sa a ap ede nou fè sa?

Bwochi sa a gen 12 leson ladan l. Leson sa yo ap montre nou yon seri kalite nou bezwen chèche genyen yon fason pou n ka demontre lanmou pou moun yo, epi ede yo vin disip. Chak leson baze sou yon istwa nan Bib la kote Jezi oswa yon kretyen nan premye syèk la te demontre youn nan kalite sa yo nan travay predikasyon an. Objektif la se pa aprann prezantasyon yo pakè, men se pito chèche fason pou nou demontre lanmou nou gen pou moun yo. Se vre li nesesè pou n demontre chak kalite sa yo nan tout aspè nan travay predikasyon n ap fè a, men n ap egzamine kèk fason kalite byen presi sa yo ap itil nou anpil lè n ap kòmanse konvèsasyon ak moun yo, lè n ap fè nouvèl vizit oubyen lè n ap fè etid Labib.

Pandan w ap egzamine chak leson, byen reflechi sou fason w kapab demontre kalite sa yo lè w ap pale ak moun ki abite nan tèritwa w la. Chèche vin gen plis lanmou pou Jewova e pou moun yo. Lanmou sa a pi enpòtan lontan pase nenpòt teknik nou ka itilize, e se li k ap ede w rive fè disip.

Nou apresye bèl privilèj nou genyen pou n travay kòtakòt avèk nou (Sof. 3:9). Nou swete pou Jewova vide anpil benediksyon sou nou toutpandan n ap kontinye renmen moun, epi fè disip!

Frè nou yo,

Kolèj santral Temwen Jewova yo