Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

FASON POU W KÒMANSE KONVÈSASYON

LESON 1

Montre w enterese nan lòt moun

Montre w enterese nan lòt moun

Prensip: “Lanmou […] pa chèche pwòp enterè l.” — 1 Kor. 13:​4, 5.

Sa Jezi te fè

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Jan 4:​6-9. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1.    Ki sa Jezi te remake anrapò ak dam nan anvan l te kòmanse yon konvèsasyon avè l?

  2.   Jezi te di l: “Ban m yon ti dlo pou m bwè.” Poukisa se te yon bon fason pou Jezi kòmanse konvèsasyon an?

Ki sa nou aprann sou Jezi?

2. Li pi fasil pou nou fè yon bèl konvèsasyon ak yon moun si nou kòmanse pale avè l sou yon bagay ki enterese l.

Imite Jezi

3. Se pou w dispoze adapte w. Pa pèsiste pou w pale sou yon sijè ou te deja prepare. Ou ka kòmanse ak yon sijè ki okipe lespri lòt moun. Mande tèt ou:

  1.    ‘Ki sa yo di nan nouvèl yo?’

  2.   ‘Sou ki sa vwazen m yo, kòlèg travay mwen yo oswa kondisip mwen yo ap pale?’

4. Se pou w konn obsève. Mande tèt ou:

  1.    ‘Ki sa moun nan ap fè nan moman an? Ak ki sa li ka ap panse?’

  2.   ‘Ki sa rad moun nan, aparans li oswa kay li montre m sou kwayans li oubyen sou kilti l?’

  3.   ‘Èske se bon moman pou m pale ak moun sa a?’

5. Koute.

  1.    Pa pale twòp.

  2.   Ankouraje moun nan pou l di sa l panse. Lè sa apwopriye, poze l kesyon.