Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

FASON POU W KÒMANSE KONVÈSASYON

LESON 2

Fè konvèsasyon an yon fason ki natirèl

Fè konvèsasyon an yon fason ki natirèl

Prensip: “Lè yon moun di yon pawòl nan moman l dwe di l la, se pa ti bon sa bon!” — Pwo. 15:23.

Sa Filip te fè

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Travay 8:​30, 31. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1.    Ki jan Filip te kòmanse konvèsasyon an?

  2.   Poukisa se te yon bon fason pou l kòmanse konvèsasyon an e pou l aprann mesye a yon nouvo verite?

Ki sa nou aprann sou Filip?

2. Si nou kite yon konvèsasyon fèt yon fason ki natirèl, l ap pi fasil pou lòt moun nan santi l alèz e pou l dispoze koute mesaj n ap pataje avè l la.

Imite Filip

3. Se pou w konn obsève. Nou ka aprann anpil bagay sou yon moun lè nou gade fason l kanpe, jès l ap fè ak fason vizaj li ye. Èske moun nan sanble dispoze pale avè w? Ou ka kòmanse pale ak moun nan sou yon verite nan Bib la lè w annik mande l: “Èske w te konnen...?” Si yon moun pa vle pale avè w, pa fòse l.

4. Se pou w gen pasyans. Pa panse ou oblije kòmanse pale de Labib tousuit ak moun nan. Tann bon moman pou w fè sa. Konsa, konvèsasyon an ap kapab dewoule yon fason ki natirèl. Pafwa, sa ka menm mande pou w tann ou gen yon lòt konvèsasyon ak moun nan anvan w kòmanse pale de Bib la.

5. Se pou w konn adapte w. Moun nan ka kòmanse pale sou yon bagay ou pa t panse. Lè sa a, ou bezwen dispoze pataje yon pwen avè l k ap itil li menmsi okòmansman se yon lòt verite nan Bib la ou te gen nan lespri w pou w pataje avè l.