Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

FASON POU W KÒMANSE KONVÈSASYON

LESON 3

Pale epi aji avèk bonte

Pale epi aji avèk bonte

Prensip: “Lanmou gen [...] byenveyans.” — 1 Kor. 13:4.

Sa Jezi te fè

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Jan 9:​1-7. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1.    Ki sa Jezi te fè an premye, èske l te geri mesye ki te avèg la oswa li te pataje bon nouvèl la avè l anvan? — Gade Jan 9:​35-38.

  2.   Poukisa sa Jezi te fè a te ka fè mesye sa a plis dispoze koute bon nouvèl la?

Ki sa nou aprann sou Jezi?

2. Yon moun ap pi fasil koute mesaj nou an si l wè nou enterese nan li.

Imite Jezi

3. Mete w nan plas moun nan. Eseye imajine ki jan l santi l.

  1.    Mande tèt ou: ‘Ki sa petèt k ap enkyete moun sa a? Ki sa k ka itil li e k ap enterese l?’ Si w fè sa, w ap demontre w gen bonte pou moun nan yon fason ki natirèl, e w ap fè sa ak tout kè w.

  2.   Montre w bay sa k ap trakase yon moun anpil valè lè w koute l. Si l di w yon bagay k ap ba l pwoblèm oubyen yon pwoblèm l ap rankontre, pa jis pase sou sa.

4. Pale avè l avèk byenveyans e avèk respè. Lè w gen konpasyon pou moun nan e w vle ede l toutbon, sa ap parèt nan fason w ap pale avè l. Byen chwazi mo w ap di yo e byen veye sou fason w ap pale. Epitou, pinga w di anyen ki ka blese l.

5. Chèche ede l. Chèche okazyon ki apwopriye pou w ede moun nan toutbon. Lè w byen pale e w byen aji ak yon moun, sa ka fè l pi dispoze pale avè w.