Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

FASON POU W KÒMANSE KONVÈSASYON

LESON 4

Montre w gen imilite

Montre w gen imilite

Prensip: “Avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou.” — Flp. 2:3.

Sa Pòl te fè

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Travay 26:​2, 3. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1.    Ki jan Pòl te montre li gen imilite nan fason l te pale ak wa Agripa?

  2.   Ki jan Pòl te atire atansyon sou Jewova e sou Pawòl Jewova a, olye l te atire atansyon sou tèt li? — Gade Travay 26:22.

Ki sa nou aprann sou Pòl?

2. Mesaj nou an pi atire moun yo lè nou pale ak yo avèk imilite e avèk respè.

Imite Pòl

3. Pale avè l avèk respè. Pinga w fè moun nan konprann ou konn tout bagay e li menm li pa konn anyen. Pale avè l avèk respè.

4. Fè l santi byen klè verite w ap anseye yo soti nan Bib la. Panse ki gen nan Pawòl Bondye a gen pouvwa pou yo touche kè moun nan. Lè nou sèvi ak Bib la, n ap fè lafwa moun yo chita sou yon bon fondasyon.

5. Kontinye montre w dou. Pa plede ap chèche montre w gen rezon. Nou pa vle nan goumen ak moun yo. Montre w gen imilite lè w rete kalm, e se pou w konnen nan ki moman pou w ale (Pwo. 17:14; Tit 3:2). Lè w pale ak yon moun avèk dousè, petèt moun nan ap koute mesaj nou an yon lòt fwa.