Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

FASON POU W KÒMANSE KONVÈSASYON

LESON 5

Montre w gen konsiderasyon pou lòt moun

Montre w gen konsiderasyon pou lòt moun

Prensip: “Se pou pawòl nou toujou bèl.” — Kol. 4:6.

Sa Pòl te fè

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Travay 17:​22, 23. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1.    Ki jan Pòl te santi l lè l t ap gade move bagay moun Atèn yo t ap fè nan relijyon yo a? — Gade Travay 17:16.

  2.   Olye Pòl te kondane moun Atèn yo, ki jan l te demontre konsiderasyon pou yo lè l te sèvi ak sa yo kwè pou l preche yo bon nouvèl la?

Ki sa nou aprann sou Pòl?

2. Moun yo pi fasil koute nou lè nou byen chwazi sa n ap di yo, e nou chwazi tou ki fason ak ki lè n ap di yo.

Imite Pòl

3. Byen chwazi mo w ap itilize yo. Pa egzanp, lè w ap pale ak yon moun ki pa nan yon relijyon kote moun yo di yo se kretyen, ou ka bezwen chanje fason w ap entwodui Bib la oswa sa w ap di pou w pale sou Jezi.

4. Pa kouri korije yon moun. Kite l pale alèz. Si l di yon bagay ki pa mache ak ansèyman ki nan Bib la, pinga w fè diskisyon avè l sou sa (Jak 1:19). Lè w koute l, w ap vin konnen sa l kwè ak rezon ki fè l kwè yo. — Pwo. 20:5.

5. Dakò ak moun nan lè sa posib epi felisite l. Petèt li panse ak tout kè l kwayans li yo bon. Pale sou bagay ou menm avè l dakò anvan, epi ede l konprann sa Bib la anseye tikras pa tikras.