Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

FASON POU W KÒMANSE KONVÈSASYON

LESON 6

Montre w gen kran

Montre w gen kran

Prensip: “Nou te mete kran sou nou grasa Bondye nou an, pou nou fè nou konnen bon nouvèl Bondye a.” — 1 Tes. 2:2.

Sa Jezi te fè

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Lik 19:​1-7. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1.    Poukisa kèk moun te ka evite Zache?

  2.   Ki sa k te pouse Jezi preche l bon nouvèl la kanmenm?

Ki sa nou aprann sou Jezi?

2. Nou bezwen gen kran pou n preche mesaj Wayòm Bondye a san patipri.

Imite Jezi

3. Konte sou Jewova. Lespri Bondye te bay Jezi fòs li te bezwen pou l preche, e lespri sa a kapab fè menm bagay la pou ou tou (Mat. 10:​19, 20; Lik 4:18). Mande Jewova pou l ba w kran pou w preche moun ki ka fè w pè yo. — Tra.4:29.

4. Pinga w gen prejije sou moun yo. Nou ka renka pou n pale ak kèk moun akoz aparans yo, ran sosyal yo, nivo ekonomik yo, kwayans yo oswa fason yo viv. Men, sonje:

  1.    Jewova ak Jezi kapab li nan kè moun yo; nou menm nou pa ka fè sa.

  2.   Jewova ka fè nenpòt moun mizèrikòd.

5. Se pou w gen kran toutpandan w demontre respè pou moun yo epi w pridan. (Mat. 10:16) Evite fè diskisyon ak moun yo. Si yon moun pa vle koute bon nouvèl la oswa si w pa santi w an sekirite, avèk jantiyès, mete yon fen nan konvèsasyon w ap fè avè l la. — Pwo. 17:14.