Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

POUSUIV ENTERÈ MOUN YO

LESON 7

Kontinye ede moun yo

Kontinye ede moun yo

Prensip: ‘Yo te kontinye anseye san rete e yo te kontinye anonse bon nouvèl la.’ — Tra. 5:42.

Sa Pòl te fè

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Travay 19:​8-10. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1.    Olye pou Pòl te bay vag lè l te jwenn opozisyon, ki jan l te kontinye chèche ede moun ki te montre yo enterese nan bon nouvèl la?

  2.   Konbyen fwa Pòl te retounen al anseye moun ki te enterese yo, e pandan konbyen tan li te fè sa?

Ki sa nou aprann sou Pòl?

2. Nou bezwen pran tan e nou bezwen fè efò pou n retounen fè nouvèl vizit nou yo, epi kòmanse etid Labib ak moun yo.

Imite Pòl

3. Chèche vizite moun nan nan yon lè k ap bon pou li. Mande tèt ou: ‘Ki lè e ki kote k ap pi bon pou m jwenn li? Ki lè e ki kote k ap pi bon pou m pale avè l?’ Pran dispozisyon pou w vizite l, menmsi lè a pa fin bon pou ou.

4. Mande moun nan ki lè ou ka pale avè l ankò. Nan fen chak konvèsasyon, chèche antann ou ak moun nan sou yon lè byen presi ou ka pale avè l ankò. Fè efò pou w respekte randevou a.

5. Kontinye rete pozitif. Pa kouri panse yon moun ou pa jwenn lakay li fasil oswa ki souvan okipe se yon moun ki pa enterese (1 Kor. 13:​4, 7). Kidonk, kontinye fè efò pou w jwenn moun nan, men tou, kontinye byen sèvi ak tan w. — 1 Kor. 9:26.