Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

POUSUIV ENTERÈ MOUN YO

LESON 8

Montre w gen pasyans

Montre w gen pasyans

Prensip: “Lanmou gen pasyans.” — 1 Kor. 13:4.

Sa Jezi te fè

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Jan 7:​3-5 ak 1 Korentyen 15:​3, 4, 7. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1.    Okòmansman, ki jan frè Jezi yo te reyaji devan mesaj li t ap preche a?

  2.   Ki sa k fè nou wè Jezi te kontinye chèche ede Jak, ki te frè l?

Ki sa nou aprann sou Jezi?

2. Nou bezwen gen pasyans paske gen moun ki pran plis tan pase lòt pou yo aksepte bon nouvèl la.

Imite Jezi

3. Eseye yon lòt metòd. Si yon moun pa aksepte yon etid Labib tousuit, pa fòse l. Lè sa apwopriye, sèvi ak kèk videyo oswa kèk atik pou w ede l konprann ki jan nou fè yon etid Labib e ki byenfè l ap jwenn si l fè yon etid.

4. Pa fè konparezon. Chak moun se yon moun. Si yon moun nan fanmi w oswa yon moun ou retounen vizite renka pou l etidye Bib la oswa pou l aksepte yon ansèyman nan Bib la, chèche wè ki sa k ka fè sa. Èske se yon kwayans nan relijyon l ki vrèman enpòtan pou li? Èske fanmi l oswa vwazen l ap fè presyon sou li? Ba l tan pou l reflechi sou sa w di l yo e pou l wè tout enpòtans sa Bib la anseye yo genyen.

5. Priye Jewova pou l ede w pou w kapab ede yon moun ki enterese. Mande Jewova ede w rete pozitif, epi ede w pale e aji avèk konsiderasyon pou moun nan. Priye l pou l ba w bon konprann pou w ka konnen ki lè pou w sispann vizite yon moun ki pa montre l enterese. — 1 Kor. 9:26.