Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

POUSUIV ENTERÈ MOUN YO

LESON 9

Mete w nan plas lòt moun

Mete w nan plas lòt moun

Prensip: “Rejwi ak moun k ap rejwi. Kriye ak moun k ap kriye.” — Wom. 12:15.

Sa Jezi te fè

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Mak 6:​30-34. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1.    Poukisa Jezi ak apot li yo te vle pou yo “poukont yo”?

  2.   Ki sa k te pouse Jezi anseye foul moun nan?

Ki sa nou aprann sou Jezi?

2. Lè nou mete nou nan plas lòt moun, nou pa sèlman ba yo mesaj la, men nou dispoze ede yo tou.

Imite Jezi

3. Byen koute. Kite moun nan di w sa l panse. Pa koupe l, ni pa minimize sa l santi, sa k enkyete l, kesyon l poze, sa l di oswa reyaksyon l genyen ki ka parèt negatif. Lè w byen koute l, ou montre l ou bay sa l panse anpil valè.

4. Panse ak moun ki enterese a. Selon konvèsasyon ou te gen avè l la, mande tèt ou:

  1.    ‘Poukisa l bezwen aprann laverite?’

  2.   ‘Ki jan etid Labib la ka ede l viv pi byen epi gen yon pi bèl avni?’

5. Pale sou enfòmasyon k ap ede l. Kou sa posib, montre l ki jan yon etid Labib ka ede l jwenn repons kesyon l genyen epi ede l nan lavi l chak jou.