Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

FASON POU W FÈ DISIP

LESON 10

Pran detèminasyon pou w ede moun vin disip

Pran detèminasyon pou w ede moun vin disip

Prensip: “Nou te byen deside pou nou ban nou nonsèlman bon nouvèl Bondye a, men tou pou nou bay lavi nou pou nou ka ede nou, paske nou te vin tèlman renmen nou.” — 1 Tes. 2:8.

Sa Jezi te fè

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Jan 3:​1, 2. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1.    Poukisa w panse Nikodèm te chwazi vin kòt Jezi lannuit? — Gade Jan 12:​42, 43.

  2.   Lè Nikodèm te vin kot Jezi nan nuit lan, ki jan Jezi te montre li pran detèminasyon pou l fè disip?

Ki sa nou aprann sou Jezi?

2. Nou montre nou renmen moun yo lè nou pran detèminasyon pou n ede yo vin disip.

Imite Jezi

3. Fè etid la nan yon lè ak yon kote k ap bon pou etidyan an. Li ka chwazi fè etid la yon jou byen presi nan semèn nan oswa nan yon lè nan jounen an. Èske l ap santi l pi alèz pou l fè etid la nan travay li, lakay li oswa sou yon plas piblik? Depi sa posib, chanje pwogram ou pou w ka fè etid la nan yon lè ak yon kote k ap bon pou li.

4. Fè etid la regilyèman. Si w pap la, pa anile etid la. Okontrè, reflechi sou sa:

  1.    Èske w pap ka fè etid la nan yon lòt lè nan semèn nan?

  2.   Èske w pap ka fè etid la sou telefòn oswa pa mwayen videyo konferans?

  3.   Èske w pap ka mande yon lòt pwoklamatè fè l pou ou?

5. Priye Jewova pou w gen bon atitid. Mande Jewova pou l ede w kenbe detèminasyon w genyen pou w ede etidyan an, menmsi se lite l ap lite pou l fè etid la regilyèman oubyen pou l aplike sa l aprann nan Bib la (Flp. 2:13). Sandout, etidyan w lan gen anpil bèl kalite. Priye Jewova pou l ede w konsantre sou bèl kalite sa yo.