Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

FASON POU W FÈ DISIP

LESON 11

Anseye yon fason ki senp

Anseye yon fason ki senp

Prensip: “Di pawòl ki fasil pou moun konprann.” — 1 Kor. 14:9.

Sa Jezi te fè

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Matye 6:​25-27. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1.    Ki jan Jezi te montre n Jewova pran swen nou?

  2.   Byenke Jezi konnen anpil bagay sou zwazo, sou ki pwen tou senp li te mete aksan? Poukisa se yon bon fason pou yon moun anseye?

Ki sa nou aprann sou Jezi?

2. Lè nou anseye yon fason ki senp, moun yo ap sonje sa yo aprann nan e sa ap touche kè yo.

Imite Jezi

3. Pa pale twòp. Olye w rakonte tout sa w konnen sou yon sijè, ret konsantre sou enfòmasyon yo bay nan leson an. Apre w fin poze yon kesyon, bay etidyan an ase tan pou l reponn. Si l pa konn repons lan oswa si l di yon bagay ki kontrè ak sa Bib la anseye, poze l lòt kesyon pou w ede l rezone sou pwen an. Depi etidyan an fin konprann ide prensipal la, avanse nan yon lòt pwen.

4. Ede etidyan an sèvi ak sa l deja konnen pou l konprann bagay ki nouvo yo. Pa egzanp, anvan w kòmanse yon leson sou rezirèksyon, ou ka fè yon ti pale tou kout sou sa etidyan an deja aprann sou kondisyon mò yo.

5. Byen sèvi ak egzanp. Anvan w bay yon egzanp, mande tèt ou:

  1.    ‘Èske egzanp lan senp?’

  2.   ‘Èske etidyan m nan ap konprann li byen fasil?’

  3.   ‘Èske l ap ede etidyan m nan sonje ide kle a, oubyen jis egzanp lan?’