Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

APENDIS A

Kèk verite nou renmen anseye

Kèk verite nou renmen anseye

Jezi te fè konnen moun ki sensè yo ap rekonèt laverite lè yo tande l (Jan 10:​4, 27). Se sa k fè, lè n ap pale ak moun yo, nou ta renmen pataje kèk verite ki tou senp avèk yo. Ou ka eseye kòmanse ak pawòl sa yo lè w mande: “Èske w te konnen...?” oswa “Èske w konn tande...?” Apre sa, ou kapab itilize yon vèsè oswa kèk vèsè ki gen rapò ak verite ou vle anseye a. Lè w pataje yon verite ki tou senp ak yon moun, sa ka ba w posiblite plante yon semans verite a nan kè l, epi Bondye li menm ka fè sa w plante a grandi! — 1 Kor. 3:​6, 7.

 LAVNI

  1. 1. Evènman k ap pase jodi a ak fason moun yo ap aji montre bagay yo pral chanje. — Mat. 24:​3, 7, 8; Lik 21:​10, 11; 2 Tim. 3:​1-5.

  2. 2. Tè a pap janm detwi. — Sòm 104:5; Ekl. 1:4.

  3. 3. Pap gen katastwòf natirèl ankò, epi tè a ap vin yon paradi. — Eza. 35:​1, 2; Rev. 11:18.

  4. 4. Tout moun pral gen yon sante ki pafè. — Eza. 33:24; 35:​5, 6.

  5. 5. Ou kapab viv sou tè a pou toutan. — Sòm 37:29; Mat. 5:5.

 FANMI

  1. 6. Yon mari dwe ‘renmen madanm li menm jan li renmen tèt li’. — Efe. 5:33; Kol. 3:19.

  2. 7. Yon madanm dwe gen yon gwo respè pou mari l. — Efe. 5:33; Kol. 3:18.

  3. 8. Yon madanm ak mari l dwe fidèl youn ak lòt. — Mal. 2:16; Mat. 19:​4-6, 9; Ebre 13:4.

  4. 9. Timoun ki respekte paran yo e ki obeyi yo ap reyisi nan lavi yo. — Pwo. 1:​8, 9; Efe. 6:​1-3.

NASA, ESA and the Hubble Heritage Team (STScI/AURA)-ESA/Hubble Collaboration. Licensed under CC BY 4.0. Source.

 BONDYE

  1. 10. Bondye gen yon non. — Sòm 83:18; Jer. 10:10.

  2. 11. Bondye pale avèk nou. — 2 Tim. 3:​16, 17; 2 Pyè 1:​20, 21.

  3. 12. Bondye jis e li pa gen patipri. — Det. 10:17; Tra. 10:​34, 35.

  4. 13. Bondye vle ede nou. — Sòm 46:1; 145:​18, 19.

 LAPRIYÈ

  1. 14. Bondye vle nou priye l. — Sòm 62:8; 65:2; 1 Pyè 5:7.

  2. 15. Labib aprann nou fason pou n priye. — Mat. 6:​7-13; Lik 11:​1-4.

  3. 16. Nou dwe priye souvan. — Mat. 7:​7, 8; 1 Tes. 5:17.

 JEZI

  1. 17. Jezi te yon gran anseyan ki bay yon seri konsèy ki toujou bon. — Mat. 6:​14, 15, 34; 7:12.

  2. 18. Jezi te anonse yon seri evènman k ap pase jodi a. — Mat. 24:​3, 7, 8, 14; Lik 21:​10, 11.

  3. 19. Jezi se Pitit Bondye. — Mat. 16:16; Jan 3:16; 1 Jan 4:15.

  4. 20. Jezi pa Bondye toupisan an. — Jan 14:28; 1 Kor. 11:3.

Baze sou NASA/Visible Earth imagery

 WAYÒM BONDYE A

  1. 21. Wayòm Bondye a se yon gouvènman toutbon ki nan syèl la. — Dàn. 2:44; 7:​13, 14; Mat. 6:​9, 10; Rev. 11:15.

  2. 22. Wayòm Bondye a pral ranplase gouvènman lèzòm yo. — Sòm 2:​7-9; Dàn. 2:44.

  3. 23. Wayòm Bondye a se sèl solisyon pwoblèm lèzòm. — Sòm 37:​10, 11; 46:9; Eza. 65:​21-23.

 SOUFRANS

  1. 24. Se pa Bondye ki lakòz soufrans nou yo. — Det. 32:4; Jak 1:13.

  2. 25. Se Satan k ap dirije monn sa a. — Lik 4:​5, 6; 1 Jan 5:19.

  3. 26. Bondye wè pwoblèm nou yo e li vle ede nou. — Sòm 34:​17-19; Eza. 41:​10, 13.

  4. 27. Talè konsa, Bondye pral retire soufrans nou yo. — Eza. 65:17; Rev. 21:​3, 4.

 LANMÒ

  1. 28. Moun ki mouri yo pa konn anyen, ni yo pap soufri. — Ekl. 9:5; Jan 11:​11-14.

  2. 29. Moun ki mouri yo pa ka ede nou, ni yo pa ka fè nou mal. — Sòm 146:4; Ekl. 9:​6, 10.

  3. 30. Moun pa nou yo pral resisite. — Jòb 14:​13-15; Jan 5:​28, 29; Tra. 24:15.

  4. 31. “Pap gen lanmò ankò.” — Rev. 21:​3, 4; Eza. 25:8.

 RELIJYON

  1. 32. Se pa tout relijyon ki fè Bondye plezi. — Jer. 7:11; Mat. 7:​13, 14, 21-23.

  2. 33. Bondye rayi ipokrizi. — Eza. 29:13; Miche 3:11; Mak 7:​6-8.

  3. 34. Vrè lanmou an pèmèt moun idantifye vrè relijyon an. — Miche 4:3; Jan 13:​34, 35.