Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

APENDIS C

Fason pou w sèvi ak Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an pou w kondui etid Labib

Fason pou w sèvi ak Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an pou w kondui etid Labib

Lè frè yo t ap fè bwochi ak liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an, yo te priye anpil e yo te fè anpil rechèch. Pou w ka byen sèvi avèk yo lè w ap kondui etid Labib, suiv metòd ki vin apre a.

Anvan etid la

  1. 1. Byen prepare. Toutpandan w ap fè sa, panse ak bezwen etidyan an, sitiyasyon l ak fason l panse. Reflechi alavans sou kèlkeswa pwen ki ka difisil pou l konprann oubyen pou l aplike. Egzamine ki jan enfòmasyon ki nan seksyon “Aprann plis” la ka ede etidyan an, epi itilize yo nan etid la lè sa nesesè.

Pandan etid la

  1. 2. Kòmanse epi fini ak lapriyè depi etidyan an dakò ak sa.

  2. 3. Pa pale twòp. Konsantre w sou sijè w ap egzamine a, epi kite etidyan an pale.

  3. 4. Lè w kòmanse ak yon seksyon nan liv la, li ide kle ki pou seksyon an epi mete aksan sou kèk nan tit leson ki ladan l yo.

  4. 5. Lè w fini ak yon seksyon, sèvi ak revizyon ki pou seksyon an pou w ede etidyan an sonje verite li te aprann yo.

  5. 6. Lè w ap egzamine yon leson ak etidyan an:

    1. Li enfòmasyon ki nan premye pati a.

    2. Li tout vèsè yo make “Li” devan yo.

    3. Li lòt vèsè yo bay yo lè sa nesesè.

    4. Gade tout videyo yo mande pou n “Gade” yo (depi sa posib).

    5. Poze etidyan an chak kesyon.

    6. Atire atansyon etidyan an sou foto ki nan seksyon “Fouye plis” la epi mande l pou l pale sou yo.

    7. Sèvi ak kare “Objektif” la pou w ede etidyan an suiv pwogrè l nan domèn espirityèl. Ou ka ankouraje l fikse objektif yo bay la, oswa lòt objektif, oubyen toule de.

    8. Mande etidyan an si te gen yon atik oubyen yon videyo nan seksyon “Aprann plis” la li te vrèman renmen lè l t ap prepare leson an.

    9. Fè efò pou w fè yon leson chak fwa w ap fè etid la.

Apre etid la

  1. 7. Kontinye panse ak etidyan an. Priye Jewova pou l beni pwogrè l e pou L ba w sajès pou w kontinye ede l.