Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Enfòmasyon pou kongresis yo

Enfòmasyon pou kongresis yo

AKÈY Manm sèvis akèy yo la pou yo ede nou. Souple, se pou nou byen kowopere avèk yo lè nou suiv enstriksyon yo bay anrapò ak pakin, deplasman moun, rezèvasyon plas ak lòt bagay ankò.

BATÈM Y ap rezève plas ki anfas estrad la pou kandida batèm yo. Si gen yon chanjman, y ap anonse sa alavans. Kandida batèm yo dwe chita nan plas yo rezève pou yo a samdi maten, anvan diskou batèm nan kòmanse. Yo chak dwe pote yon sèvyèt ak yon abiman ki kòrèk pou batèm nan

OBJÈ TWOUVE Si nou jwenn nenpòt bagay ki pèdi, nou dwe pote l nan sèvis objè twouve a. Kèlkeswa sa w pèdi a, al nan sèvis sa a pou w wè si l la. Nou dwe mennen timoun ki kite paran yo e ki pèdi nan sèvis sa a. Sepandan, pou n pa mete presyon ki pa nesesè sou moun ki ladan l yo, silvouplè, siveye timoun nou yo, epi fè yo rete avèk nou.

OFRANN Yo fè anpil depans pou moun ka jwenn ase plas pou yo chita, pou gen yon sistèm sonorizasyon, ekipman videyo ak anpil lòt sèvis ki pèmèt nou santi n alèz pou n asiste kongrè a e pou ede nou vin pi pwòch ak Jewova. Ofrann volontè nou fè yo ede nou kouvri depans sa yo e yo ede nou soutni travay mondyal la tou. Pou sa ka pi fasil pou nou, yo idantifye bwat ofrann yo byen klè divès kote nan lokal la. Nou ka fè ofrann tou sou Entènèt sou sit donate.pr418.com. Se pa ti apresye nou apresye tout ofrann nou fè yo! Kolèj santral la remèsye nou pou ofrann nou bay pou soutni travay Wayòm nan.

PLAS POU MOUN CHITA Tanpri, montre nou gen konsiderasyon pou lòt moun. Sonje sa, nou ka rezève plas sèlman pou fanmi pwòch nou k ap viv nan menm kay ak nou avèk moun ki vwayaje nan menm machin ak nou, oubyen pou moun n ap etidye Labib avèk yo. Tanpri, pa depoze anyen nan plas ki bò kote nou yo si se pa pou yon moun nou rezève yo

PREMYE SEKOU Silvouplè, sonje sèvis sa a la pou ka ijan sèlman.

SÈVIS VOLONTÈ Silvouplè, si w vle sèvi kòm volontè pou w patisipe nan travay y ap fè nan kongrè a, al nan sèvis sa a pou w ka fè yo konnen ou disponib.

Se Kolèj santral Temwen Jewova yo ki prepare kongrè a

© 2024 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania