Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ L ap pwoche bò kote nou ”

“ L ap pwoche bò kote nou ”

“ L ap pwoche bò kote nou ”

“ [Bondye] pa lwen okenn nan nou. ” — TRAVAY 17:27.

1, 2. a) Lè n ap gade jan syèl la benyen ak etwal, ki kesyon sa ka fè nou poze sou kreyatè a ? b) Ki asirans Bib la ban nou pou l montre Jewova pa konsidere lèzòm kòmsi yo pa anyen nan je l ?

ÈSKE w pa konn rete bouch ouvè, lè w leve tèt ou yon aswè ou wè syèl la benyen ak etwal ? Kantite etwal ki genyen mete sou jan syèl la gran enpresyone moun. Nan kokenn linivè sa a, tè a tankou yon ti pwen tou zuit. Èske sa vle di Kreyatè a, li menm ki “ Trewò sou tout tè a ” twò wo pou lèzòm enterese l ? Èske sa vle di li twò lwen pou lèzòm ta rive jwenn li, pou yo ta rive konnen l ? — Sòm 83:18.

2 Bib la ban nou asirans sa pa nan tèt Jewova menm pou l ta konsidere nou pa anyen nan je l. Okontrè, nou jwenn ankourajman nan Pawòl Bondye a pou nou chèche l, piske l di : “ Li pa lwen okenn nan nou. ” ​(Travay 17:27 ; 1 Kwonik 28:9). Wi, se vre, si nou fè efò pou nou pwoche bò kote Bondye, li pap rete endiferan. Ki sa l ap fè ? Nou jwenn repons lan nan tèks pou ane 2003 a, yon repons ki ankourajan. Li di : “ L ap pwoche bò kote nou. ” ​(Jak 4:8). Annou pale sou kèk gwo benediksyon Jewova vide sou moun ki byen avèk li.

Yon kado Jewova fè nou

3. Ki kado Jewova sere pou moun ki pwoche bò kote l ?

3 Toudabò, Jewova gen yon kado, se sèvitè l sèlman li bay li. Yon moun te mèt gen tout pouvwa, tout richès mete sou fòmasyon sistèm nan ka ofri, sa pa ka fè l jwenn kado sa a. Se Jewova ki fè kado sa a, yon kado li fè moun ki byen avèk li sèlman. De ki kado n ap pale la a ? Bib la reponn kesyon sa a lè l di : “ Si [...] ou leve vwa w byen fò pou w gen disènman, si w kontinye ap chèche l tankou ajan, e si w kontinye ap chèche l san rete tankou trezò kache, konsa, w ap rive konprann krent Jewova, e w ap rive jwenn konesans Bondye bay la. Paske, se Jewova menm ki bay sajès. ” ​(Pwovèb 2:3-6). Èske w imajine sa : moun ki enpafè ka rive jwenn “ konesans Bondye bay la ” ! Kado sa a, anpalan de konesans ki gen nan Pawòl Bondye a, yo konpare l ak “ trezò kache ”. Sa k fè sa ?

4, 5. Sa k fè yo konpare “ konesans Bondye bay la ” ak “ trezò kache ” ? Bay yon egzanp.

4 Deja pou youn, konesans Bondye a gen yon pakèt valè. Youn nan pi gwo benediksyon ki gen ladan l, se espwa li bay yon moun pou l viv pou toutan (Jan 17:3). Men konesans sa a fè anpil bagay nan lavi nou depi kounye a. Pa egzanp, nou konn repons yon seri kesyon ki enpòtan tankou : Ki jan Bondye rele (Sòm 83:18) ? Ki sa k pase apre yon moun fin mouri (Eklezyas 9:5, 10) ? Ki pwogram Bondye gen pou tè a ansanm ak pou limanite (Izayi 45:18) ? Nou konnen tou, pi bon fason pou yon moun viv se lè l suiv bonjan konsèy ki gen nan Bib la (Izayi 30:20, 21 ; 48:17, 18). Sa fè, nou gen bonjan prensip ki ede nou fè fas ak tèt chaje lavi a e ki ede nou viv yon fason ki bay kè kontan ak satisfaksyon. Men, sa ki pi enpòtan an, etid nou fè nan Bib la pèmèt nou vin konnen kalite Jewova gen lakay li, e sa fè nou vin pwoche bò kote l. Èske gen yon bagay ki ka gen plis valè pase relasyon nou gen ak Jewova, relasyon ki baze sou “ konesans Bondye bay la ” ?

5 Gen yon lòt rezon ki fè yo konpare konesans Bondye a avèk “ trezò kache ”. Se yon trezò ki ra sou tè a, menm jan ak anpil lòt trezò. Sou tout planèt la, gen sis milya moun, men gen anviwon sis milyon Temwen Jewova. Sa ki fè se apeprè yon moun sou chak mil moun ki jwenn konesans Bondye bay la. Pou nou montre jan privilèj pou yon moun konnen verite ki gen nan Pawòl Bondye a se yon bagay ki ra, ann pran kesyon biblik sa a kòm egzanp : ki sa k rive apre yon moun fin mouri ? Nou menm, nou konnen, dapre Labib, se nanm nan ki mouri e mò a pa konn anyen (Ezekyèl 18:4). Epoutan, kwayans ki di gen yon bagay anndan moun ki kontinye viv apre l fin mouri a, se yon kwayans ki fo, e pifò relijyon kwè sa. Kwayans sa a fè pati ansèyman fondamantal relijyon ki nan lakretyente yo. Menm kwayans sa a, ni Boudis, ni Chento, ni Endouyis, ni Islam, ni Jayinis, ni Jidayis, ni Sikis, ni Tawoyis, yo tout yo kwè ladan l tou. Ou imajine sa, plizyè milya moun pran nan fo doktrin sa a !

6, 7. a) Ki sèl moun ki ka jwenn “ konesans Bondye bay la ” ? b) Bay egzanp ki montre Jewova beni nou lè l ban nou konpreyansyon moun ki “ save e ki entèlektyèl ” pa rive kapte ?

6 Poukisa pa gen plis moun ki jwenn konesans Bondye a ? Rezon an, se paske yon moun pa ka konprann sa k nan Pawòl Bondye a, si se pa Bondye ki ede l. Sonje byen, konesans sa a, se yon kado li ye. Moun Jewova bay li, se moun ki dispoze chèche Pawòl li a avèk tout kè yo e avèk imilite. Moun sa yo gendwa pa “ moun ki save dapre lèzòm ”. (1 Korentyen 1:26.) Gen anpil ladan yo petèt yo konsidere yo kòm “ moun ki san enstriksyon, moun klas òdinè ” selon monn nan (Travay 4:13). Epoutan, se pa sa ki pi enpòtan. Sa k fè Jewova ban nou konesans li a kòm rekonpans, se akoz kalite li jwenn nan kè nou.

7 Annou pran yon egzanp. Anpil biblis nan lakretyente fè ansiklopedi sou Bib la. Liv sa yo konn bay ransèyman sou kontèks istwa biblik yo, sou sans mo ebre ak mo grèk ak lòt bagay ankò. Men, èske tout sa yo aprann yo fè yo jwenn “ konesans Bondye bay la ” toutbonvre ? Pa egzanp, èske yo byen konprann tèm Bib la se jistifikasyon souvrènte Jewova grasa Wayòm selès li a ? Èske yo konnen Jewova pa fè pati yon Trinite ? Nou menm bò kote pa nou, nou byen konnen bagay sa yo. Sa k fè sa ? Se paske Jewova beni nou. Li ban nou konpreyansyon sou verite biblik yo, konpreyansyon “ moun ki save e ki entèlektyèl ” pa rive kapte (Matye 11:25). Èske Jewova pa beni moun ki byen avèk li yo toutbonvre ?

“ Jewova ap pwoteje tout moun ki renmen l ”

8, 9. a) Ki sa David te di pou l pale de yon lòt benediksyon Jewova ap bay moun ki byen avèk li yo ? b) Pou ki rezon vrè kretyen yo bezwen pwoteksyon nan men Bondye ?

8 Gen yon lòt benediksyon moun ki byen ak Jewova yo jwenn, se pwoteksyon l. Salmis David, ki te abitye rankontre pwoblèm, pale sou sa. Li di : “ Jewova pre tout moun ki envoke li, wi, tout moun ki envoke l avèk verite. L ap reyalize dezi moun ki krenn li. L ap tande rèl yo fè pou mande l sekou, e l ap delivre yo. Jewova ap pwoteje tout moun ki renmen l yo. ” ​(Sòm 145:18-20). Wi, Jewova tou pre moun ki renmen l, e sa fè li la pou l prese vin ede yo lè yo mande l sekou.

9 Pou ki rezon vrè kretyen yo bezwen pwoteksyon nan men Bondye ? Non sèlman vrè kretyen yo ap viv ‘ tan ki difisil anpil ’, e sa gen konsekans sou yo, men se yo menm toutespre Satan Ledyab, prensipal advèsè Jewova a, vize (2 Timote 3:1). Ènmi sa a gen riz, e li soti pou l “ devore ” nou (1 Pyè 5:8). Satan pèsekite nou, li ban nou kontrent, li mete nou anba tantasyon. Li chèche konnen ki sa nou gen nan kè nou oubyen nan lespri nou li ka esplwate. Objektif li gen nan tèt li, se febli lafwa nou e depafini espirityalite nou (Revelasyon 12:12, 17). Piske nou gen yon ènmi pisan konsa k ap lite avèk nou, èske sa pa rekonfòte nou lè nou konnen “ Jewova ap pwoteje tout moun ki renmen l ” ?

10. a) Nan ki sans Jewova pwoteje sèvitè l yo ? b) Ki pwoteksyon ki pi enpòtan, e sa k fè sa ?

10 Men, nan ki sans Jewova pwoteje sèvitè l yo ? Pwomèt Jewova pwomèt l ap pwoteje nou an pa vle di nou pap jwenn pwoblèm nan sistèm nan, ni sa pa vle di tou li oblije fè mirak pou nou. Epoutan, antanke gwoup, Jewova pwoteje nou. Avantou, li pap janm kite Dyab la elimine vrè adoratè yo sou tè a (2 Pyè 2:9) ! Sa ki pi enpòtan an, Jewova ap pwoteje espirityalite nou. Li ban nou sa nou bezwen pou nou andire eprèv nou jwenn e li pwoteje relasyon nou gen avè l. Se pwoteksyon nou jwenn espirityèlman an ki pi enpòtan. Sa k fè sa ? Toutotan nou gen relasyon avèk Jewova, nanpwen okenn malè ki ka rive nou yon fason definitif, li te mèt lanmò. — Matye 10:28.

11. Ki dispozisyon Jewova pran pou pèp li a jwenn pwoteksyon espirityèl ?

11 Jewova pran anpil dispozisyon pou moun ki byen avèk li yo jwenn pwoteksyon espirityèl. Grasa pawòl li a, li fè nou jwenn sajès pou nou fè fas ak eprèv nou rankontre (Jak 1:2-5). Lè nou mete konsèy nou jwenn nan Bib la an pratik, sa fè yon bèl diferans. E se pa sa sèlman, “ tout moun ki mande [Jewova] lespri sen, l ap ba yo l ”. (Lik 11:13.) Se lespri sa a ki pi gwo fòs ki genyen nan linivè a. Donk, se sèten lespri sen pèmèt nou jwenn fòs pou nou byen fè fas ak eprèv ak tantasyon nou ka rankontre sou wout nou. Jewova sèvi ak Kris pou l bay “ gason kòm kado ”. (Efezyen 4:8.) Mesye sa yo, ki gen kalifikasyon espirityèl, lè y ap ede adoratè Jewova parèy yo, yo bat pou yo reflete bèl konpasyon Jewova gen lakay li. — Jak 5:14, 15.

12, 13. a) Ak ki sa Jewova sèvi pou l ban nou manje espirityèl nan tan apwopriye ? b) Bay enpresyon pa w sou dispozisyon Jewova pran pou nou ret anfòm espirityèlman.

12 Gen yon lòt dispozisyon Jewova pran pou l pwoteje nou : li ban nou manje espirityèl nan tan apwopriye (Matye 24:45). Li sèvi ni ak piblikasyon tankou Toudegad ak Réveillez-vous !, ni ak reyinyon, ni ak kongrè pou l ban nou sa nou bezwen lè nou bezwen l lan. Èske w sonje yon lè, etan w te nan reyinyon oubyen nan kongrè, ou te tande yon bagay ki te touche kè w, ki te fòtifye w, oubyen ki te rekonfòte w ? Èske w pa janm li yon sijè nan youn nan peryodik yo epi pou w wè se pou ou menm yo te ekri l ?

13 Youn nan pi bon zam Satan genyen se dekourajman. Satan konnen trè byen, lè nou fè twòp tan dekouraje, sa ka fè nou pa gen fòs ankò, e sa ka fè nou vin san pwoteksyon (Pwovèb 24:10). Piske Satan ap bat pou l pwofite lè dekourajman anvayi nou, sa fè nou bezwen èd. Pafwa, Toudegad ak Réveillez-vous ! konn gen yon seri de sijè ki pou ede nou konbat dekourajman. Men ki sa yon sè ekri sou yon sijè konsa : “ Se prèske chak jou mwen li sijè sa a. Mwen kite peryodik la sou kabann mwen yon fason pou m ka tou genyen l avè m chak fwa mwen santi m dekouraje. Lè m li sijè konsa, se kòmsi m santi Jewova pran m nan bra l pou l pwoteje m. ” * Lè nou wè pwovizyon manje espirityèl Jewova ban nou, jan l ban nou l nan bon moman, èske sa pa fè nou genyen l rekonesans ? Sonje sa, dispozisyon Jewova pran pou nou ret anfòm espirityèlman montre byen klè jan li byen avèk nou e jan li fè tèt li yon devwa pou l pwoteje nou.

Nou ka kontakte Moun “ ki konn tande lapriyè ” a

14, 15. a) Ki benediksyon Jewova bay moun ki byen avèk li yo ? b) Poukisa privilèj nou genyen pou nou pale ak Jewova lib e libè nan lapriyè se yon gwo privilèj ?

14 Èske w pa remake, ofiramezi yon moun vin gen pi gwo pozisyon, li vin pi difisil pou moun ki anba l yo kontakte l ? E Jewova Dye menm ? Èske l twò lwen pou l ta enterese koute sa ti nou menm lèzòm gen pou di l ? Jewova pa konsa menm ! Lapriyè, se yon lòt benediksyon Jewova bay moun ki byen avèk li yo. Se yon kokenn privilèj nou genyen pou nou kontakte Moun “ ki konn tande lapriyè ” a lib e libè (Sòm 65:2). Sa k fè sa ?

15 Ann pran yon egzanp : Direktè jeneral yon gwo konpayi gen anpil responsablite. Li deside ki kesyon l ap regle pèsonèlman e ki kesyon l ap kite sou kont lòt moun. Menm jan an tou, Chèf Souvren linivè a gen posiblite pou l chwazi ki kesyon l ap regle li menm, e ki kesyon l ap kite sou kont lòt moun. Gade tout responsablite Jewova lage nan men Jezi, Pitit li renmen anpil la. Li ba l “ otorite pou l fè jijman ”. (Jan 5:27.) Li mete zanj yo “ anba pouvwa l ”. (1 Pyè 3:22.) Li mete lespri sen l lan, ki yon gwo fòs, aladispozisyon Jezi e Jezi sèvi avèk li pou l dirije disip li yo sou tè a (Jan 15:26 ; 16:7). Donk, li te apwopriye pou Jezi di : “ Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a. ” ​(Matye 28:18). Poutan, lè se lapriyè n ap lapriyè, li chwazi pou se li menm menm ki regle sa. Se pou rezon sa a ki fè Bib la mande nou pou se Jewova sèlman nou priye, e n ap fè sa nan non Jezi. — Sòm 69:13 ; Jan 14:6, 13.

16. Sa k fè nou ka gen asirans Jewova ap tande priyè nou yo vre ?

16 Men, èske Jewova tande priyè nou yo vre ? Si Jewova te endiferan, li pa t ap janm mande nou “ pou nou pèsevere nan lapriyè ”, ni pou nou lage fado nou oubyen tèt chaje nou yo sou do l (Women 12:12 ; Sòm 55:22 ; 1 Pyè 5:7). Sèvitè Bondye fidèl ki t ap vin nan tan biblik yo te gen bonjan asirans Jewova tande priyè yo fè (1 Jan 5:14). Se sa k fè David di : “ [Jewova] tande vwa m. ” ​(Sòm 55:17). Nou menm tou, nou gen tout rezon pou nou gen asirans Jewova tou pre nou, li tou pare pou l koute nou k ap vide kè nou ba li, k ap rakonte l pwoblèm nou.

Jewova rekonpanse sèvitè l yo

17, 18. a) Ki jan Jewova wè sèvis kreyati l yo fè avèk fidelite ? b) Dapre Pwovèb 19:17, ki jan nou ka montre byen nou fè pa pase inapèsi pou Jewova ?

17 Lèzòm pa peze lou devan Jewova. Sa vle di, kèlkeswa sa yo fè, kèlkeswa sa yo pa fè, sa pap brannen pozisyon Jewova antanke Chèf Souvren linivè a. Poutan, sa pa vle di Jewova se yon Bondye ki pa gen rekonesans. Sèvis moun ak zanj ap fè avèk fidelite, li bay sa anpil enpòtans (Sòm 147:11). Kidonk, sa a se yon lòt benediksyon pou moun ki pwoche bò kote Jewova : li rekonpanse sèvitè l yo. — Ebre 11:6.

18 Bib la montre byen klè Jewova gen anpil konsiderasyon pou sa adoratè l yo fè. Pa egzanp, men sa Bib la di : “ Moun ki fè piti a favè, se prete li prete Jewova, e jan l trete l la, L ap remèt li l. ” ​(Pwovèb 19:17). Nan Lalwa Moyiz la, nou wè jan Jewova gen kè sansib pou moun ki pa gen mwayen (Levitik 14:21 ; 19:15). Lè nou imite Jewova nan fason n ap boule ak moun ki pa gen mwayen, ki jan l wè sa ? Lè nou bay moun ki pa gen mwayen, san nou pa espere n ap jwenn anyen anretou, Jewova konsidere sa tankou se limenm menm nou prete. Jewova pwomèt l ap peye dèt sa a nan fason l ap beni nou, nan fason l ap ede nou (Pwovèb 10:22 ; Matye 6:3, 4 ; Lik 14:12-14). Wi, lè nou demontre nou gen konpasyon pou adoratè Jewova parèy nou ki nan nesesite, sa touche kè Jewova. Lè nou konnen byen nou fè pa pase inapèsi pou Papa nou ki nan syèl la, nou pa santi nou gen rekonesans pou sa ? — Matye 5:7.

19. a) Sa k ban nou asirans Jewova gen konsiderasyon pou tout sa nou fè nan predikasyon ? b) Ki rekonpans Jewova ban nou pou sèvis nou rann li etan n ap soutni Wayòm li an ?

19 Jewova gen yon konsiderasyon espesyal pou sa nou fè nan enterè Wayòm li an. Lè nou pwoche bò kote Jewova, sa fè nou vin tou natirèlman bay tan nou, fòs nou, byen nou genyen nan travay preche Wayòm nan ak travay fè disip la (Matye 28:19, 20). Pafwa, nou kapab santi sa nou fè a pa reprezante anyen. Piske nou gen yon kè ki gen fay, sa ta ka menm fè nou mande tèt nou si Jewova pran plezi toutbonvre nan efò n ap fè (1 Jan 3:19, 20). Men, kèlkeswa sa kè nou pouse nou fè pou Jewova, piti kou l ye, depi nou fè l ak lanmou, Jewova apresye l anpil (Mak 12:41-44). Bib la ban nou yon bèl asirans. Li di : “ Bondye pa yon Bondye ki enjis kòmsi pou l ta bliye travay nou ak lanmou nou demontre pou non li. ” ​(Ebre 6:10). Se vre, Jewova sonje tout ti bagay nou fè pou nou soutni Wayòm nan e li rekonpanse nou pou sa. Jewova pa sèlman ban nou anpil benediksyon nan domèn espirityèl jodi a, men tou, nou gen monn nouvo a devan nou kote Jewova pral ouvri men l pou l bay moun ki byen avèk li yo tout sa yo anvi. — Sòm 145:16, 2 Pyè 3:13.

20. Pandan tout ane 2003 a, ki sa nou ka fè pou nou kite lespri nou konsantre sou tèks pou ane a e ki rezilta n ap jwenn ?

20 Pandan tout ane 2003 a, annou mande tèt nou ki efò n ap bezwen kontinye fè pou nou vin pi byen avèk Jewova. Si nou fè sa, nou mèt gen asirans l ap aji jan l pwomèt la. Avantou, “ Bondye [...] pa ka fè manti ”. (Tit 1:2.) Si w vin pwoche bò kote Bondye, l ap pwoche bò kote w (Jak 4:8). Ki rezilta n ap jwenn ? N ap jwenn anpil benediksyon depi kounye a e nou gen posiblite devan nou pou nou vin pwoche pi pre Jewova pou tout letènite !

[Nòt anba paj]

^ § 13 Sa sè a te ekri a, se sou atik “ Jéhovah est plus grand que notre coeur ” ki te parèt nan Toudegad 1ye me 2000, paj 28-31 (fransè).

Èske nou sonje ?

• Ki sa Jewova fè moun ki pwoche bò kote l yo kado ?

• Ki dispozisyon Jewova pran pou l pwoteje sèvitè l yo espirityèlman ?

• Sa k fè privilèj nou genyen pou nou priye Jewova lib e libè se yon gwo privilèj ?

• Ki sa Bib la di pou montre Jewova gen konsiderasyon pou sèvis kreyati l yo ap fè fidèlman ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 14]

Jewova ede nou gen bon konprann sou verite biblik yo.

[Foto nan paj 16]

Jewova ban nou pwoteksyon nan domèn espirityèl.

[Foto nan paj 17]

Jewova tou pre nou, li tou pare pou l tande nou chak fwa nou lapriyè.