Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova : yon Bondye ki merite pou nou konnen l

Jewova : yon Bondye ki merite pou nou konnen l

Jewova : yon Bondye ki merite pou nou konnen l

POU di ou pa manke yon bagay enpòtan nan lavi a ? Si w pa gen anpil konesans sou Bondye ou mèt sèten se ka pa w. Poukisa nou di sa ? Rezon an, sèke gen yon pakèt moun ki rann yo kont lè yo aprann konnen Bondye Bib la pale de li a, sa pote gwo byenfè nan lavi yo. Yo kòmanse jwenn byenfè sa yo tousuit e y ap kontinye jwenn yo alavni.

Jewova Dye, ki te fè ekri Bib la, vle pou nou aprann konnen l. Men sa Salmis la te ekri : “ Pou moun ka konnen, ou menm ki rele Jewova, se ou menm sèl ki Trèwo sou tout tè a ! ” Jewova fè nou konnen se pou nou sa ap pi bon si nou konnen l. Li di : “ Mwen menm Jewova, mwen se Bondye w, Sila k ap anseye w pou byen w lan ”. Men, ki byenfè n ap jwenn si nou gen konesans sou Jewova Dye, Trèwo a ? — Sòm 83:18 ; Izayi 48:17.

Youn nan byenfè yo, sèke n ap jwenn yon gid k ap pèmèt nou rezoud pwoblèm n ap rankontre nan lavi a, n ap gen yon esperans solid pou lavni e lespri nou ap an pè. Anplis de sa, lè nou byen konnen Jewova, sa ap ede nou gen yon atitid diferan devan yon seri kesyon ki enpòtan anpil, kesyon ki konsène moun k ap viv toupatou sou tè a jodi a. Ki kesyon sa yo ?

Èske vi w gen yon sans ?

Malgre gwo pwogrè lèzòm fè nan domèn teknoloji, moun toujou ap poze tèt yo menm kesyon esansyèl yo tankou : ‘ Poukisa m sou tè a ? Ki kote m prale ? Ki bi lavi a ? ’ Si pou kesyon sa yo, yon moun pa jwenn repons ki satisfè l, sa ka fè lavi l pa gen yon vrè sans. Èske gen anpil moun ki santi vid sa a lakay yo ? Nan fen ane 1990 yo, dapre yon sondaj yo te fè nan peyi Almay, mwatye nan moun yo te kesyone yo di yo konn santi lavi a pa gen okenn sans pou yo. Petèt, sitiyasyon an ka menm jan an tou bò lakay pa w.

Si lavi yon moun pa gen sans, li difisil pou moun sa a gen objektif nan lavi a. Pou anpil moun konble vid sa a, yo chèche pousuiv yon karyè ki fè yo gen anpil prestij, oubyen yo chèche gen anpil richès. Malgre sa, vid sa a gendwa toujou la. Lè lavi yon moun pa gen sans, sa ka toumante l nan pwen pou l pa anvi viv ankò. Se sa k te rive yon jèn dam ki te bèl anpil. Dapre jounal International Herald Tribune, dam sa a te leve “ nan lajan, e li te gen tout kalite privilèj yon moun ki rich ka genyen ”. Malgre li t ap viv nan liks, sa pa t anpeche l santi pa gen pèsonn ki avè l e sa pa t anpeche l santi vi l pa gen sans. Yon jou, li te bwè yon pil kalman e apre sa yo te jwenn li mouri. Ou ka konnen lòt moun ki te santi yo konsa tou epi lavi yo fini mal menm jan an.

Men, èske w pa konn tande moun k ap di lasyans kapab aprann nou tout bagay sou lavi a ? Men sa yon jounal alman ki rele Die Woche deklare : “ Menmsi lasyans ka bay verite, nan domèn espirityèl li pa kanpe sou anyen. Teyori evolisyon an parèt raz e menm lòt teyori tankou teyori kanta a, ki toujou ap chanje sanzatann, pa bay moun ni konsolasyon ni sekirite. ” Dekouvèt syantifik yo kontribye anpil nan konpreyansyon nou genyen sou divès kalite kreyati vivan ki egziste, yo esplike fenomèn yo rele sik natirèl yo, yo eksplike lòt chanjman ki fèt pa etap nan lanati. Sepandan, lasyans pa ka esplike nou ni rezon ki fè nou sou tè a ni ki kote nou prale. Si se sou lasyans sèlman nou konte, ebyen kesyon nou genyen sou bi lavi a ap rete san repons. Rezilta a se egzakteman sa jounal Süddeutsche Zeitung di a : “ Toupatou moun bezwen yon gid. ”

Kiyès ki pi byen plase pou gide nou si se pa Kreyatè a ? Piske se li menm ki te mete lèzòm sou tè a, li dwe konnen poukisa yo la. Bib la esplike, rezon k fè Jewova te kreye lèzòm, se pou yo te ka ranpli tè a ak moun, e pou yo te ka pran swen l antanke responsab. Nan tout aktivite yo, yo te dwe manifeste kalite Bondye genyen, tankou jistis, sajès ak lanmou. Yon fwa nou rive konprann rezon ki fè Jewova te kreye nou, n ap konnen poukisa nou sou tè a. — Jenèz 1:26-28.

Ki sa pou w fè ?

E si w poko janm jwenn repons ki satisfè w sou kesyon sa yo : ‘ Poukisa m sou tè a ? Ki kote m prale ? Ki bi lavi a ? ’ Bib la mande pou w chèche byen konnen Jewova. Se sa k fè Jezi te di : “ Men sa lavi etènèl la siyifi : se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Bondye a ak sila ou te voye a, Jezi Kris. ” Bib la ankouraje w tou pou w kiltive kalite Bondye gen lakay li espesyalman lanmou, e li ankouraje w fikse kòm objektif pou w viv anba dominasyon Wayòm mesyanik Bondye a. Lè sa a w ap vin gen objektif nan lavi w, w ap gen yon bèl esperans, yon esperans ki sèten pou lavni. Lè sa a tou, w ap jwenn repons kesyon esansyèl k ap twouble w jis kounye a. — Jan 17:3 ; Eklezyas 12:13.

Ki efè sa ka gen sou lavi w ? Hans byen plase pou l bay repons kesyon sa a. * Sa gen kèk ane, li te kwè nan Bondye konsa konsa, men kwayans li te gen nan Bondye a pa t gen okenn efè sou vi l. Hans te lage nan dwòg, li te konn al nan fi, li te konn fè zak malonèt e li te renmen kouri gwo moto. Men sa l esplike : “ Lavi a pa t gen okenn sans pou mwen, e m pa t vrèman satisfè. ” Lè Hans te gen 25 an konsa, li te deside li Labib avèk anpil atansyon pou l te ka rive byen konnen Bondye. Yon fwa li te vin konnen Jewova pi byen, e li te vin konprann ki bi lavi a genyen, li te chanje fason li te konn viv, e li te batize antanke Temwen Jewova. Sa fè dizan depi Hans nan sèvis a plen tan. Men sa li deklare ak tout kè l : “ Sèvi Jewova se pi bon chemen yon moun ka chwazi nan lavi a, e pa gen anyen nou ka konpare ak sa. Konesans sou Jewova bay lavi m yon sans. ”

Natirèlman, se pa kesyon sou bi lavi a sèlman ki bay anpil moun tèt chaje. Etandone sitiyasyon ki egziste toupatou sou tè a kontinye ap deteryore, gen yon lòt kesyon enpòtan ankò ki enkyete anpil moun.

Sa k fè sa rive ?

Lè malè met pye, yon sèl kesyon moun ki viktim nan konn ap poze tèt li se : Sa k fè sa rive ? Plis yon moun byen konprann repons kesyon sa a se plis l ap anmezi pou l fè fas ak pwoblèm l ap rankontre. Men, si moun nan pa jwenn repons ki satisfè l, soufrans li ap dire pi lontan e li ka menm vin pèdi jwa li. Pa egzanp, gade ki eksperyans Bruni te viv.

Bruni se yon dam ki andezaj. Men ki sa l rakonte : “ Sa gen kèk ane, m te pèdi yon tibebe, yon tifi. Kòm mwen te kwè nan Bondye, mwen t al chèche konsolasyon nan men prèt ki nan lokalite kote m rete a. Li di m se Bondye ki pran Suzanne, pitit mwen an, li mete l bò kote l nan syèl la, e kounye a li se yon zanj. Non sèlman anyen nan lavi a pa t gen okenn enpòtans pou mwen akoz lanmò pitit mwen an, men tou m te vin rayi Bondye paske se li ki te pran Suzanne. ” Lapenn Bruni, wi soufrans li, te kontinye anpil ane apre sa. Men ki sa l te rakonte : “ Yon lè, yon Temwen Jewova te montre m nan Bib la mwen pa gen okenn rezon pou m rayi Bondye. Jewova pa pran Suzanne pou l fè l tounen yon zanj bò kote l nan syèl la. Maladi l te genyen an se konsekans enpèfeksyon nou. Kounye a Suzanne ap dòmi nan lanmò, annatandan lè a rive pou Jewova resisite l. Mwen te aprann tou Jewova te kreye lèzòm pou yo viv nètale sou tè a nan yon paradi, e sa pral reyalize talè konsa. Yon fwa m te kòmanse konprann ki jan de moun Jewova ye toutbonvre, mwen te vin pi pwòch li, e lapenn mwen te diminye. ” — Sòm 37:29 ; Travay 24:15 ; Women 5:12.

Malè frape moun tout jan. Gendwa se ou menm ki rankontre yon gwo pwoblèm, oubyen se lagè, grangou oswa katastwòf natirèl. Bruni te soulaje lè l te aprann nan Bib la se pa Bondye ki fè malè rive nou, li pa t janm gen nan entansyon l pou moun ap soufri, e talè konsa li pral mete yon pwen final nan mechanste. Lefètke mechanste ap ogmante sa pwouve n ap viv nan “ dènye jou ” sistèm de choz la. Kokenn chanjman nou tout ap tann nan, chanjman ki pral ban nou yon demen miyò a, prèt pou rive. — 2 Timote 3:1-5 ; Matye 24:7, 8.

Ki jan w ka chèche konn Bondye ?

Hans ak tout Bruni te gen yon ide vag sou Bondye. Yo te kwè nan li, men yo te manke konesans. Toutfwa, lè yo te kreye tan pou yo chèche gen konesans egzak sou Jewova, yo te jwenn rekonpans pou efò yo te fè a. Yo te jwenn repons apwopriye pou kesyon ki pi enpòtan nan epòk nou an. Sa te fè lespri yo an pè e sa te ba yo yon esperans sèten pou lavni. Plizyè milyon moun k ap sèvi Jewova te fè menm eksperyans sa a tou.

Si nou vle aprann konnen Jewova, premye bagay pou nou fè se pran tan pou nou egzamine Bib la avèk atansyon, paske se Bib la ki pale de Jewova e ki aprann nou ki sa li vle nou fè. Se sa kèk moun ki t ap viv nan premye syèk epòk nou an te fè. Men sa Lik, yon istoryen ki te yon doktè tou, te di konsènan Juif ki t ap viv nan Bere, yon vil peyi Lagrès : “ Yo te resevwa pawòl la [nan men Pòl ak Silas] avèk anpil anpil anpresman, chak jou yo te pran san yo pou yo egzamine Ekriti yo, pou yo wè si se konsa bagay sa yo te ye vre. ” — Travay 17:10, 11.

Kretyen ki t ap viv nan premye syèk epòk nou an te konn reyini antanke kongregasyon (Travay 2:41, 42, 46 ; 1 Korentyen 1:1, 2 ; Galat 1:1, 2 ; 2 Tesalonisyen 1:1). Se menm bagay la tou jodi a. Kongregasyon Temwen Jewova yo òganize reyinyon yon fason pou ede chak manm nan kongregasyon an pou l pwoche pi pre Jewova, e pou l sèvi l ak kè kontan. Lè nou reyini ak moun ki Temwen Jewova parèy nou nan zòn kote nou rete a, nou jwenn anpil lòt byenfè. Kòm lèzòm gen tandans pou yo vin sanble ti kras pa ti kras ak Bondye y ap sèvi a, Temwen Jewova yo manifeste kalite Jewova li menm manifeste, menmsi se nan limit yo kapab. Kidonk, lè nou reyini ansanm ak Temwen yo sa ap ede nou konnen Jewova pi byen toujou. — Ebre 10:24, 25.

Men, èske sa pa mande twòp efò jis pou w aprann konnen yon sèl grenn Moun ? Se vre sa mande efò. Men, èske anpil lòt bagay ou vle reyalize nan lavi a pa mande pou w fè efò tou ? Ann fè yon ti reflechi sou valè efò yon gwo atlèt oblije fè kòm antrènman. Pa egzanp, Jean-Claude Killy, yon fransè, te jwenn yon meday d ò nan yon spò ki rele ski nan Je olenmpik. Men ki sa l te di sou efò sa mande pou yon moun vin yon gwo atlèt entènasyonal : “ Ou dwe kòmanse prepare w dizan anvan dat Je olenmpik la, ou bezwen anpil ane pou planifye sa, e ou dwe ap panse sou sa chak jou. [...] Ni espri w ni kò w dwe ap travay pandan 365 jou ki gen nan ane. ” Tout tan sa a, tout efò sa a pou yon moun patisipe nan yon kous ki ka dire dis minit sèlman ! Si nou aprann konnen Jewova, n ap jwenn yon pi gwo rekonpans, e se yon rekonpans k ap dire pi lontan toujou.

Yon relasyon k ap vin pi entim chak jou

Ki moun ki ta renmen manke yon bagay ki enpòtan nan lavi a? Pèsonn. Kidonk, si w santi vi w pa gen yon vrè sans oubyen si ak tout kè w w ap chèche esplikasyon sou rezon ki fè malè frape moun, se pou w pran detèminasyon pou w chèche konnen Jewova, Bondye Bib la pale de li a. Si w aprann konnen l, vi w ap chanje, l ap vin pi bèl, pou toutan.

Èske gen yon lè k ap rive kote n ap sispann aprann konnen Jewova ? Moun k ap sèvi Jewova depi lontan toujou kontan pou bagay yo deja aprann sou li e sa yo kontinye ap aprann sou li ba yo menm kontantman an. Konesans sa a fè yo gen lajwa nan kè yo, e sa fè yo vin pi pwòch Jewova. Annou di, menm jan ak apot Pòl : “ O ala pwofon richès ak sajès ak konesans Bondye pwofon ! Ala jijman l yo pa fasil pou sonde ! E ala chemen l yo difisil pou jwenn ! Paske ‘ kiyès ki rive konnen sa k nan lespri Jewova, oubyen ki moun ki vin sèvi l konseye ? ’ ” — Women 11:33, 34.

[Nòt anba paj]

^ § 12 Yo chanje non moun yo.

[Antrefilè nan paj 5]

Moun toujou ap poze tèt yo menm kesyon esansyèl sa yo : ‘ Poukisa m sou tè a ? Ki kote m prale ? Ki bi lavi a ? ’

[Antrefilè nan paj 6]

“ Yon fwa m kòmanse konprann ki jan de moun Bondye ye toutbonvre, mwen vin pi pwòch li. ”

[Antrefilè nan paj 7]

“ Sèvi Jewova se pi bon chemen yon moun ka chwazi nan lavi a. Pa gen anyen nou ka konpare ak sa. Konesans sou Jewova bay lavi m yon sans. ”