Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan nou ka pran desizyon ki saj ?

Ki jan nou ka pran desizyon ki saj ?

Ki jan nou ka pran desizyon ki saj ?

“ YON moun ki saj ap koute, epi l ap ranmase plis enstriksyon. ” Se sa Salomon, yon wa ann Izrayèl, te di. Sa konn rive pifò nan nou, pafwa, nou pran yon move desizyon tou senpleman paske nou pa t koute konsèy lòt moun te ban nou. — Pwovèb 1:5.

Pawòl sa yo Salomon te di a, yo te vin ekri yo nan Bib la, ansanm ak anpil nan ‘ twa mil pwovèb ’ li te konpoze yo (1 Wa 4:32). Èske nou gen enterè konnen pwovèb sa yo e èske nou gen enterè suiv konsèy nou jwenn ladan yo ? Wi. Y ap ede nou ‘ konnen sajès ak disiplin, y ap ede nou disène pawòl entèlijans e y ap ede nou resevwa disiplin ki bay pèspikasite, jistis, jijman ak ladwati ’. (Pwovèb 1:2, 3.) Annou fè yon ti pale sou senk prensip biblik ki ka ede nou pran desizyon ki saj.

Reflechi sou konsekans sa ap genyen alalong

Gen kèk desizyon nou pran ki pral gen gwo konsekans. Pou rezon sa a, eseye detèmine konsekans sa yo alavans. Pran prekosyon pou w pa kite avantaj ou ka jwenn tousuit anpeche w wè pwoblèm ou ka genyen alalong. Men avètisman Pwovèb 22:3 ban nou : “ Moun ki entèlijan an wè malè a, li kouri kache, men moun ki pa gen eksperyans lan al pase e li dwe sibi konsekans lan. ”

Li ta bon pou w fè lis tout konsekans desizyon w pran an ap genyen tousuit ak tout konsekans l ap genyen alalong. Lè nou jwenn yon travay, avantaj nou ka jwenn tousuit gendwa se yon bon salè oswa se yon aktivite nou byen renmen. Men, alalong, èske se yon travay ki pwomèt ? Èske yon lè li pa pral oblije w deplase al rete nan yon lòt zòn lwen zanmi w ak fanmi w ? Èske li pa pral oblije w travay nan yon anviwònman kote sante w ka an danje ? Oubyen èske travay sa a ka vin tèlman pa enteresan li fè w santi w desi ? Byen reflechi sou avantaj ak enkonvenyan yo, epi apre sa, deside ki bagay ou ta dwe bay priyorite.

Pa prese

Depi w ap pran desizyon nan prese, li fasil pou w pran move desizyon. Men sa Pwovèb 21:5 di : “ Pwogram yon moun dilijan ap pote avantaj san mank, men tout moun ki aji twò prese ap tonbe nan endijans kanmenm. ” Pa egzanp, jèn ki tonbe damou youn pou lòt ta dwe pran san yo anvan yo deside marye pou konsolide relasyon an. Si se pa sa, pawòl William Congreve, yon ekriven anglè ki t ap viv o 18yèm syèk te di a riske verifye nan lavi yo. Men sa l te di : “ Moun ki kouri marye ka oblije chita pou l regrèt. ”

Sepandan, pa prese pa vle di w a gen tan. Gen kèk desizyon ki tèlman enpòtan, sajès mande pou w pran yo pi vit posib, nan yon tan ki rezonab. Si w kite desizyon sa yo pou pita san nesesite, sa ka koute chè ni pou ou ni pou lòt moun. Lè nou ranvwaye yon desizyon pou pita, se yon desizyon nou pran, men li posib pou se yon move desizyon.

Chèche konsèy

Piske pa gen de sitiyasyon ki egzakteman menm, de moun ka pa toujou pran menm desizyon lè yo devan yon pwoblèm ki sanble. Malgre tou, li bon pou w konnen ki desizyon lòt moun te pran nan sitiyasyon ki sanble ak pa w la. Mande yo kòman kounye a yo twouve desizyon yo te pran an. Pa egzanp, si w vle aprann yon pwofesyon, mande moun ki deja nan pwofesyon an pou yo di w bon kote l ak move kote l. Mande yo avantaj ak enkonvenyan ki gen nan chwa yo te fè a epi ki danje ki gen ladan l, si genyen.

Men avètisman Bib la ban nou : “ Pwojè yo echwe kote ki pa gen konvèsasyon konfidansyèl, men kote ki gen anpil konseye gen reyalizasyon. ” ​(Pwovèb 15:22). Natirèlman, lè n ap chèche konsèy e n ap chèche aprann nan eksperyans pa lòt moun, nou bezwen byen konprann desizyon final la se nou menm pèsonèlman ki dwe pran l e se nou tou k ap pote responsablite desizyon nou pran an. — Galat 6:4, 5.

Koute konsyans ou si l byen fòme

Konsyans nou ka ede nou pran desizyon ann amoni ak prensip nou chwazi pou gide lavi nou. Sa vle di, yon kretyen dwe fòme konsyans li yon fason pou l reflete panse Bondye (Women 2:14, 15). Pawòl Bondye a di nou : “ Nan tout wout ou, sonje li la, epi li menm l ap fè chemen w yo dwat pou ou. ” ​(Pwovèb 3:6). Natirèlman, sa ka rive pou de moun gen yon konsyans ki byen fòme, epi nan kèk domèn, yo chak tire yon konklizyon diferan, e konsa, yo ka pran desizyon ki diferan.

Sepandan, yon moun ki gen yon konsyans ki byen fòme konnen li pa gen tout posiblite sa a lè kesyon an gen rapò ak aksyon pawòl Bondye a kondane. Pa egzanp, yon gason ak yon fi ki gen yon konsyans ki pa fòme selon prensip ki nan Bib la, kapab santi pa gen okenn mal pou yo viv nan plasaj pandan yon ti tan, pou yo ka wè si youn ap ka viv ak lòt lè yo fin marye. Yo ka panse yo pran yon bon desizyon, e nan rezònman yo, yo ka menm di sa ap anpeche yo prese fè yon move maryaj. Konsyans yo gendwa pa repwoche yo pou sa. Sepandan, yon moun ki gen menm pwennvi ak Bondye sou sèks ak sou maryaj ap refize fè yon aranjman konsa, yon aranjman ki tanporè e ki imoral. — 1 Korentyen 6:18 ; 7:1, 2 ; Ebre 13:4.

Reflechi sou efè desizyon w ka gen sou lòt moun

Souvan, desizyon nou pran ka gen efè sou lòt moun. Pou rezon sa a, pinga nou janm chwazi pran yon move desizyon, yon desizyon san reflechi, wi, yon desizyon ki ka riske gate bon relasyon nou genyen ak zanmi nou, ak fanmi nou e sitou ak Bondye. Men remak nou jwenn nan Pwovèb 10:1 : “ Yon pitit gason ki saj, se yon pitit ki fè yon papa kontan, e yon pitit gason ki pa gen bon konprann se yon chagren pou manman l. ”

Kidonk, pafwa ou oblije chwazi pami zanmi w yo kiyès w ap kenbe ak kiyès ou pap kenbe. Pa egzanp, ou ka deside rejte kwayans relijye ou t ap soutni anvan yo, kwayans ou vin wè ki kontrè ak sa Bib la di. Oubyen ou ka deside fè gwo chanjman nan pèsonalite w paske ou vle viv selon prensip Bondye yo, prensip ou aksepte kounye a. Desizyon w pran an ka pa fè kèk zanmi w oswa kèk fanmi w plezi, men nenpòt desizyon w pran ki fè Bondye plezi se yon desizyon ki saj.

Montre w saj : pran desizyon ki pi enpòtan an

Sa anpil moun pa konnen sèke jodi a nou tout gen yon desizyon pou nou pran : nou dwe chwazi ant lavi ak lanmò. An 1473 anvan epòk nou an, Izrayelit yo, ki te tabli kan yo sou fontyè Latè pwomiz lan, te twouve yo nan yon sitiyasyon konsa. Moyiz, ki t ap aji antanke pòtpawòl Bondye, te di yo : “ Mwen mete devan w lavi ak lanmò, benediksyon ak malediksyon, e ou dwe chwazi lavi pou w ka rete an vi, ou menm ak tout desandan w, lè w renmen Jewova Bondye w la, lè w koute vwa li e lè w rete atache ak li, paske li se lavi w e se li menm ki longè jou w, yon fason pou w ka rete sou tè Jewova te fè sèman bay zansèt ou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb, tè li te di l ap ba yo a. ” — Detewonòm 30:19, 20.

Pwofesi ki nan Bib la ak tout kwonoloji biblik yo montre n ap viv nan “ tan ki di e ki difisil pou moun sipòte ”, e yo montre tou “ sèn monn sa a, se chanje l ap chanje ”. (2 Timote 3:1 ; 1 Korentyen 7:31.) Chanjman sa a ki anonse a pral atenn dènye limit li ak destriksyon yon sistèm k ap depafini e se monn nouvo Bondye a, yon monn ki jis, ki pral ranplase l.

Nou nan papòt monn nouvo sa a. Èske w ap rantre ladan l pou w al jwi lavi etènèl sou tè a anba dominasyon Wayòm Bondye a ? Oubyen èske y ap efase w sou tè a lè sistèm Satan an pral detwi (Sòm 37: 9-11 ; Pwovèb 2:21, 22) ? Se ou menm ki pou deside depi kounye a ki wout w ap suiv, e sa a se yon desizyon ki gen rapò ak lavi oswa lanmò. Èske w ta renmen resevwa èd pou pran bon desizyon an, desizyon ki saj la ?

Chwazi lavi mande toudabò pou w chèche konnen sa Bondye mande. Pifò nan legliz yo pa aprann moun yo egzakteman sa Bondye mande. Byen souvan, chèf relijye yo twonpe moun yo, yo fè yo kwè nan manti, yo fè yo pratike bagay ki pa fè Bondye plezi. Yo pa esplike moun yo nesesite pou yo pran desizyon pèsonèlman pou yo adore Bondye “ avèk lespri ak laverite ”. (Jan 4:24.) Se sa k fè, anpil moun pa adore Bondye konsa. Men, gade ki sa Jezi te di : “ Moun ki pa avè m kont mwen, e moun ki pa rasanble avè m se gaye y ap gaye. ” — Matye 12:30.

Se avèk anpil plezi Temwen Jewova yo ede pwochen yo vin gen yon pi bon konesans sou Pawòl Bondye a. Yo kondui etid biblik ak yon moun oswa ak yon gwoup moun nan lè ki pi bon pou moun yo ak kote ki pi bon pou yo. Nenpòt moun ki ta renmen pwofite de dispozisyon sa a ka kontakte Temwen ki nan zòn bò lakay li oswa li ka ekri editè Toudegad yo.

Natirèlman, gen moun ki deja gen yon konesans de baz sou sa Bondye mande yo. Petèt, yo ka menm deja kwè sa Bib la di yo se laverite e se bagay ki fyab. Sepandan, gen yon kantite nan moun sa yo ki toujou di y a gen tan lè pou yo vwe vi yo bay Bondye. Sa k fè sa ? Ka gen plizyè rezon pou sa.

Petèt se konsyan yo pa konsyan de enpòtans sa genyen pou yo vwe lavi yo bay Bondye. Jezi te byen di : “ Se pa tout moun k ap di m : ‘ Seyè, Seyè ’, k ap antre nan wayòm syèl la, men se moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la. ” ​(Matye 7:21). Yon konesans sou Bib la sèlman pa sifi, nou dwe aji an konsekans. Kretyen ki t ap viv nan premye syèk la bay bèl egzanp nan domèn sa a. Men sa nou li sou kèk nan yo : “ Apre yo te fin kwè Filip, ki t ap anonse bon nouvèl wayòm Bondye a ak bon nouvèl konsènan non Jezi Kris, yo te batize, gason kou fi. ” ​(Travay 2:41 ; 8:12). Kidonk, si yon moun aksepte Pawòl Bondye a ak tout kè l, li kwè ladan l, e li konfòme vi l ak prensip Bondye yo, ki sa ki anpeche moun sa a batize pou l montre li vwe vi l bay Bondye (Travay 8:34-38) ? Natirèlman, pou yon moun fè Bondye plezi, li dwe deside franchi pa sa a san yo pa fòse l e li dwe fè sa ak kè kontan. — 2 Korentyen 9:7.

Gen moun ki ka santi yo pa gen ase konesans pou yo vwe lavi yo bay Bondye. Men, tout moun ki fèk kòmanse nan yon domèn nan lavi yo gen yon konesans limite nan domèn sa a. Ki pwofesyonèl ki ka di tout sa l konnen kounye a li te deja konnen yo lè l te fèk kòmanse karyè l ? Pran desizyon pou w sèvi Bondye mande tou senpleman pou w gen yon konesans de baz sou ansèyman l yo, sou prensip ki nan Bib la, e sa mande tou pou w montre ou anvi viv, toutbonvre, ann amoni ak ansèyman sa yo.

Èske se paske kèk moun pè pou yo pa kenbe pwomès yo ki fè yo di y a gen tan ? Kèlkeswa responsablite yon moun ap pran, li toujou gen yon ti pè lakay li pou l pa echwe. Yon gason ki deside marye e ki ta renmen gen timoun l ap elve ka santi li pa alawotè, men lefètke li pran yon responsablite nan sans lan, sa ka pouse l fè tout sa l kapab pou l reyisi. Se menm jan an tou, yon jèn ki fèk gen lisans ka pè pou l pa fè aksidan, sitou si l konnen rezilta estatistik ki montre jèn chofè yo plis riske fè aksidan pase moun ki gen plis matirite yo. Sepandan, konesans sa a ka pwofitab pou li, li ka pouse l kondui ak plis prekosyon. Kite zafè lisans lan tonbe se pa t ap janm solisyon an.

Chwazi lavi !

Bib la montre tout sistèm politik, sistèm ekonomik ak sistèm relijye monn sa a ansanm ak moun k ap soutni l yo pral disparèt talè konsa sou tè a. Men, moun ki gen sajès, ki chwazi lavi e ki aji an konsekans ap rete la. Antanke nwayo yon sosyete tounèf, yo pral pami moun ki pral travay pou fè tè a tounen yon paradi, jan Bondye te vle sa okòmansman. Èske w ta renmen patisipe nan travay sa a, yon travay ki pral bay kè kontan e ki pral fèt anba direksyon Bondye ?

Si wi, pran desizyon pou w etidye Pawòl Bondye a. Pran desizyon pou w chèche konnen ki sa Bondye mande pou w ka fè l plezi. Pran desizyon pou w aji ann amoni ak tout sa l mande. E sa k pi enpòtan, pran desizyon pou w kenbe desizyon ou pran an jiska lafen. An de mo, annou di : chwazi lavi !

[Foto nan paj 3]

Pa prese lè w gen desizyon enpòtan pou w pran.

[Foto nan paj 4]

Chèche konsèy lè pou w chwazi yon pwofesyon.

[Foto nan paj 6]

Moun ki chwazi sèvi Bondye depi kounye a pral pami moun ki pral travay pou fè tè a tounen yon paradi.