Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mete metriz sou konesans nou

Mete metriz sou konesans nou

Mete metriz sou konesans nou

“ Mete metriz sou konesans nou. ” — 2 PYÈ 1:5-8.

1. Ki sa anpil moun pa ka rive fè ki lakòz anpil pwoblèm ?

PANDAN yon gwo kanpay ki t ap fèt kont dwòg Ozetazini, men ki egzòtasyon yo te bay jèn yo : “ Di non. ” Men, si tout moun te annik di non, pa sèlman pou dwòg, men tou, si yo te di non lè yo devan tantasyon pou yo bwè twòp, non pou yon vi imoral oswa yon movèz vi, non pou pratik malonèt nan biznis, non pou “ dezi lachè ”, ala bèl sa t ap bèl (Women 13:14) ! Men, ki moun ki ka pretann li toujou fasil pou yo di non ?

2. a) Ki egzanp nan Bib la ki montre li te toujou difisil pou moun di non ? b) Ki sa egzanp sa yo ankouraje nou fè ?

2 Piske li pa fasil pou okenn moun enpafè metrize yo, nou ta dwe enterese konnen ki jan pou nou venk nenpòt ki feblès, nenpòt ki mankman nou genyen. Labib pale de yon seri de moun nan tan lontan ki te fè tout sa yo kapab pou yo sèvi Bondye, men pafwa li pa t fasil pou yo di non. Ou sonje David, ou sonje adiltè l te fè ak Batcheba a ? Sa te lakòz lanmò de inosan : pitit yo te fè nan adiltè a ansanm ak mari Batcheba (2 Samyèl 11:1-27 ; 12:15-18). Oubyen, panse a apot Pòl ki te avwe pawòl sa yo : “ Byen m ta renmen fè a se pa li m fè, e mal mwen pa ta renmen fè a se li m pratike. ” ​(Women 7:19). Èske pafwa ou pa konn santi menm desepsyon sa a ? Men sa Pòl te di apre sa : “ Mwen jwenn tout plezi m nan lalwa Bondye selon moun mwen ye anndan m nan, men, nan manm mwen, mwen wè yon lòt lwa k ap fè lagè ak lwa ki nan lespri m nan e k ap mennen m kòm prizonye bay lalwa peche ki nan manm mwen. Ala mal mwen mal ! Kiyès ki pral delivre m anba kò ki kondane pou lanmò sa a ? ” ​(Women 7:22-24). Egzanp nou jwenn nan Bib la ta dwe ranfòse detèminasyon nou pou nou pa janm abandone nan lit n ap mennen pou nou gen plis metriz.

Metriz : yon kalite pou nou aprann kiltive

3. Esplike poukisa nou pa ka atann nou l ap fasil pou nou manifeste metriz.

3 Nan 2 Pyè 1:5-7, yo mansyone metriz, ki gen ladan l kapasite yon moun genyen pou l di non, ansanm ak lafwa, moralite, konesans, andirans, atachman pou Bondye, afeksyon fratènèl ansanm ak lanmou. Se yon seri kalite ki atiran, men nou pa fèt ak okenn nan yo. Se kiltive nou dwe kiltive yo. Pou nou manifeste yo nan yon nivo rezonab, sa mande detèminasyon ak efò. Konsa, èske nou ta dwe atann nou li pi fasil pou nou kiltive metriz ?

4. Ki sa k fè anpil moun panse yo pa gen okenn pwoblèm ak kesyon metriz la, men ki sa sa endike ?

4 An reyalite, anpil moun kapab panse yo pa gen okenn pwoblèm ak kesyon metriz la. Nan lavi yo, yo fè sa k nan lide yo. Kit yo rann yo kont, kit yo pa rann yo kont, yo mennen tèt yo jan kò yo ki enpafè a dikte yo san yo pa twò okipe konsekans sa ka genyen ni sou yo menm ni sou lòt moun (Jid 10). Jodi a, li pi fasil pase nenpòt ki lòt epòk pou nou wè nan ki pwen moun pa ka di non e nan ki pwen yo pa dispoze di non. Sa montre nou vrèman ap viv nan “ dènye jou ” Pòl te pale yo lè l te di : “ Pral gen tan ki di e ki difisil pou moun sipòte. Paske lèzòm ap zanmi pwòp tèt pa yo, zanmi lajan, awogan, ògeye, blasfematè, [...] san metriz. ” — 2 Timote 3:1-3.

5. Poukisa Temwen Jewova yo enterese nan kesyon metriz la, e ki konsèy ki toujou valab ?

5 Temwen Jewova yo byen konnen jan sa difisil pou yon moun gen metriz. Menm jan ak Pòl, yo konsyan de konba ki genyen ant vle yo vle fè Bondye plezi lè yo viv ann akò ak prensip li yo, ak jan de vi kò yo ki enpafè a ka ap pouse yo mennen. Pou rezon sa a, yo gen lontan depi yo enterese nan fason yo ka genyen konba sa a. Depi nan ane 1916, yon nimewo peryodik ann anglè tankou peryodik w ap li a, te pale konsènan “ bon fason pou nou rive kontwole tèt nou, panse nou, pawòl nou ansanm ak konduit nou ”. Li te sijere pou yon moun kenbe Filipyen 4:8 nan lespri l. Konsèy Bondye bay nan vèsè sa a toujou valab, menmsi li te bay li depi anviwon 2000 an, e menmsi li ka pi difisil pou yon moun suiv li kounye a pase ni lè l te bay li a ni an 1916. Malgre sa, kretyen yo fè gwo efò pou yo di non pou dezi monn nan, e yo konnen lè yo fè sa, yo di wi pou Kreyatè yo a.

6. Poukisa nou pa gen rezon pou nou ta pèdi espwa pandan n ap kiltive metriz ?

6 Galat 5:22, 23 pale de metriz kòm yon fasèt nan “ fwi lespri [sen] an ”. Si nou manifeste kalite sa a ansanm ak “ lanmou, lajwa, lapè, pasyans, byenveyans, bonte, lafwa, karaktè dou ”, n ap tire anpil pwofi. Tankou Pyè esplike sa, sa ap anpeche nou vin “ swa inaktif, swa esteril ” nan sèvis n ap bay Bondye (2 Pyè 1:8). Men, si nou wè nou pa reyisi manifeste kalite sa yo rapidman e egzakteman jan nou ta vle a, se pa yon rezon pou nou pèdi espwa ni pou nou kondane tèt nou. Siman ou remake gen elèv lekòl ki aprann pi vit pase yon lòt. Oswa nan yon djòb, yon moun gendwa aprann fè yon travay pi vit pase yon lòt moun k ap fè menm travay la. Menm jan an tou, gen moun ki aprann manifeste kalite yo pi vit pase lòt. Sa ki enpòtan, se kontinye kiltive kalite sa yo otan nou kapab. N ap rive fè sa lè nou byen pwofite de èd Jewova bay pa mwayen Pawòl li ansanm ak kongregasyon an. Efò ou kontinye ap fè pou w pwogrese pi enpòtan pase vitès ou mete pou w atenn objektif ou.

7. Ki sa ki montre metriz se yon kalite ki enpòtan ?

7 Menmsi nan lis kalite lespri a pwodui, metriz parèt an dènye, sa pa vle di pou otan li gen mwens enpòtans pase lòt yo. Okontrè. Nou fèt pou n sonje nou ka evite tout “ zèv lachè ” si nou gen yon metriz total. Toutfwa, akoz enpèfeksyon, lèzòm gen tandans tonbe nan youn nan fòm “ zèv lachè ” yo, tankou “ fònikasyon, bagay ki enpwòp, konduit deregle, idolatri, pratik espiritis, hinghang, fè kont, jalouzi, kòlè san kontwòl, chirepit, divizyon, sèk ”. (Galat 5:19, 20.) Donk, se tout tan nou dwe ap lite avèk detèminasyon pou nou elimine vye tandans ki genyen ni nan kè nou, ni nan lespri nou.

Batay la pi di pou kèk moun

8. Ki sa ki fè li difisil pou kèk moun demontre metriz ?

8 Gen kèk kretyen ki gen plis difikilte pase lòt pou demontre metriz. Sa k fè sa ? Se kapab fason paran yo te leve yo ki lakòz sa oswa eksperyans yo te viv. Si nou menm nou pa sanble nou gen pwoblèm pou nou ni kiltive metriz ni pou nou demontre kalite sa a, nou mèt kontan. Men, lè nou gen relasyon ak moun ki gen plis difikilte pase nou, nou ta dwe gen konpasyon, nou ta dwe chèche konprann yo, menmsi mank metriz yo a yon ti jan deranje nou. Lè n ap sonje nou tout se enpafè, kiyès pami nou ki gen rezon pou l ta panse se li k pi bon ? — Women 3:23 ; Efezyen 4:2.

9. Ki feblès kèk moun genyen, e ki lè y ap rive venk feblès sa yo nèt ?

9 Pa egzanp, nou kapab konnen kèk kretyen ki kite fimen oswa ki sispann pran dwòg, men pafwa ki konn gen yon sèl anvi pou yo rekòmanse. Gen lòt ki kapab twouve li difisil pou yo limite kantite manje y ap manje oswa pou yo limite kantite bwason ki gen alkòl y ap bwè. Gen lòt ankò ki bite souvan nan pawòl yo paske yo gen pwoblèm pou yo metrize lang yo. Pou yon moun sot anba gwo pwoblèm sa yo, sa mande pou l fè tout posib li pou l kiltive metriz. Poukisa ? Men sa Jak 3:2 fè konnen : “ Nou tout, nou bite tanzantan. Si yon moun pa bite nan pawòl, li se yon moun pafè ki kapab bride tout kò l tou. ” Gen lòt kategori moun tou ki gen gwo anvi jwe pou lajan. Tandiske gen lòt ki ka santi li difisil pou yo metrize kòlè yo. Sa ka pran tan pou yon moun aprann venk feblès sa yo ak nenpòt ki lòt feblès. Menmsi nou kapab fè gwo pwogrè kounye a, se sèlman lè nou vin pafè n ap rive elimine move dezi yo nèt. Annatandan, lefètke n ap lite pou nou gen metriz, sa ap ede nou pou nou pa retounen viv nan peche ankò. Etan lit la ap kontinye, annou youn ede lòt pou nou pa abandone. — Travay 14:21, 22.

10. a) Poukisa kèk moun gen difikilte pou yo demontre metriz nan domèn seksyèl ? b) Ki gwo chanjman yon frè te fè (gade kare ki nan paj 10 la) ?

10 Yon lòt domèn kote li difisil pou kèk moun demontre metriz, se nan domèn seksyèl. An reyalite, Jewova fè nou ak tout dezi seksyèl lakay nou. Toutfwa, gen kèk moun ki gen pwoblèm pou yo kenbe afè sèks la nan plas li, jan prensip Bondye yo mande sa. Si se yon moun ki cho menm, difikilte yo vin pi grav toujou. N ap viv nan yon monn ki pasyone pou kesyon sèks, yon monn ki gen tandans leve chalè lakay moun tout jan nan domèn seksyèl. Sa kapab kreye yon pwoblèm pou kretyen ki vle ret selibatè, omwen pandan yon tan, yon fason pou yo lib pou sèvi Bondye san distraksyon ki gen nan maryaj (1 Korentyen 7:32, 33, 37, 38). Men, ann amoni ak rekòmandasyon Bib la fè kote li di “ li pi bon pou yon moun marye olye pou l kite yon pasyon ap boule l ”, yo kapab deside pou yo marye. Pa gen okenn pwoblèm nan sa, okontrè sa onorab. Anmenmtan, yo detèmine pou yo marye “ nan Seyè a sèlman ”, jan Pawòl Bondye a konseye sa (1 Korentyen 7:9, 39). Nou mèt sèten Jewova kontan lè l wè jan selibatè sa yo vle soutni prensip dwat li yo. Lòt kretyen parèy yo kontan pou bonjan konpayi yo jwi avèk vrè adoratè entèg sa yo ki gen prensip moral wo nivo konsa.

11. Si yon frè oswa yon sè ta vle marye men l poko gen opòtinite a, ki jan nou kapab ede l ?

11 E si ou pa ka jwenn yon konjwen apwopriye ? Imajine desepsyon yon moun ki ta renmen marye, men ki poko ka marye ! Petèt l ap gade zanmi l yo k ap marye youn dèyè lòt e ki jwenn yon sèten satisfaksyon nan maryaj yo, alòske li menm jiska prezan l ap chèche yon konjwen apwopriye. Pou kèk moun ki nan sitiyasyon sa a, yo kapab pran vye abitid fè mastibasyon e sa kapab tounen yon pwoblèm k ap pèsiste nan kò yo. Nan kèlkeswa sitiyasyon an, pa gen okenn kretyen ki ta renmen dekouraje yon lòt k ap lite pou l rete pwòp. Sepandan, san nou pa ta vle, nou ka dekouraje moun nan si n ap poze l kesyon tankou : “ Ou menm menm, ki lè w ap marye ? ” Petèt, ou pa t vle blese moun nan, men, si ou ta demontre ou gen metriz, ou siveye pawòl k ap sot nan bouch ou, ala bon sa t ap bon (Sòm 39:1) ! Selibatè ki bò kote nou yo ki rete pwòp moralman merite bonjan felisitasyon. Olye pou nou ta di yo bagay ki ka dekouraje yo, nou kapab fè efò pou ankouraje yo pito. Pa egzanp, nou ta ka fè efò pou n envite kèk selibatè lè gen yon ti gwoup frè ak sè ki gen matirite ki vin manje lakay nou oubyen nan nenpòt lòt bon moman nou prevwa pase ansanm.

Metriz nan maryaj

12. Poukisa menm moun ki marye yo bezwen yon sèten metriz ?

12 Se pa paske yon moun marye ki fè li pa bezwen metriz nan sa ki gen rapò ak sèks. Pa egzanp, mari ak madanm gendwa pa gen menm bezwen nan domèn seksyèl. Oubyen tou kondisyon fizik youn ladan yo gendwa fè relasyon seksyèl nòmal vin difisil oswa menm enposib. Akoz eksperyans youn nan yo ka te fè anvan, li kapab twouve l difisil pou obeyi rekòmandasyon ki di : “ Se pou mari a bay madanm li sa l dwe l, men se pou madanm nan fè menm jan an tou pou mari l. ” Nan sitiyasyon konsa, lòt konjwen an bezwen demontre plis metriz toujou. Men, toule de kapab sonje bon ti konsèy Pòl te bay kretyen ki marye yo. Men sa l te di yo : “ Pinga youn refize lòt sa, sof si nou antann nou sou sa pou yon kantite tan nou fikse, yon fason pou n ka konsakre tan pou nou lapriyè e pou n tounen ansanm ankò. Konsa Satan pap ka kontinye tante nou poutèt nou manke metriz. ” — 1 Korentyen 7:3, 5.

13. Ki sa nou ka fè pou moun k ap lite pou yo manifeste metriz ?

13 Moun ki marye ka vrèman rekonesan si toule de aprann manifeste bonjan metriz nan relasyon ki pi entim yo genyen. Anmenmtan, yo dwe montre konpreyansyon anvè lòt kretyen ki toujou ap lite pou manifeste metriz nan domèn sa a. Nou pa dwe janm bliye priye pou Jewova bay frè espirityèl nou yo pèspikasite, kouraj ansanm ak detèminasyon pou yo kontinye konba y ap mennen pou yo manifeste metriz la e pou yo pran dispozisyon pou venk vye dezi yo. — Filipyen 4:6, 7.

Annou youn kontinye ede lòt

14. Poukisa nou dwe aji ak konpasyon, ak konpreyansyon anvè frè ak sè nou yo ?

14 Pafwa, nou kapab twouve li difisil pou nou konprann kretyen k ap lite pou manifeste metriz nan yon domèn nou pa gen pyès pwoblèm nou menm. Men, tout moun pa menm. Gen moun ki emotif, gen lòt ki pa konsa. Gen moun ki twouve l plizoumwen fasil pou yo kontwole tèt yo, metriz pa yon gwo pwoblèm pou yo. Gen lòt ki gen plis difikilte. Toutfwa, pa bliye : yon moun k ap lite pa yon moun mechan. Frè ak sè nou yo bezwen pou nou konprann yo, yo bezwen pou nou gen konpasyon pou yo. Jwa nou depann de mizèrikòd nou kontinye montre anvè moun ki kontinye ap lite pou montre plis metriz. Nou kapab wè sa nan pawòl Jezi te di nan Matye 5:7 la.

15. Poukisa pawòl nan Sòm 130:3 a rekonfòtan anrapò ak metriz ?

15 Nou pa ta janm swete mal jije yon frè oswa yon sè nou ki pa ta reyisi manifeste pèsonalite kretyen an nan kèk okazyon. Se vre Jewova wè gen kèk okazyon nou pa reyisi montre metriz. Sa ankourajan anpil lè nou konnen chak fwa nou reyisi yo li wè sa, menmsi lòt moun pa remake sa ! Li rekonfòtan pou nou sonje pawòl nou jwenn nan Sòm 130:3 ki di : “ Si se te fot ou t ap chèche, o Ya, o Jewova, kiyès ki t ap ka kanpe ? ”

16, 17. a) Ki jan nou ka aplike Galat 6:2, 5 anrapò ak metriz ? b) Ki pwen nou pral konsidere nan lòt atik la ?

16 Nou chak nou dwe kiltive metriz pou fè Jewova plezi, men nou mèt sèten frè nou yo ap ede nou. Byenke nou chak nou dwe pote pwòp responsablite nou, nou ankouraje pou nou ede youn lòt pou fè fas ak feblès yo (Galat 6:2, 5). Nou kapab konsidere tankou yon trezò tout paran, madanm, mari oswa zanmi ki anpeche nou ale yon kote nou pa dwe ale, ki anpeche nou wè bagay nou pa dwe wè, oswa ki anpeche nou fè bagay nou pa dwe fè. Wi, se yo menm k ap ede nou demontre metriz, k ap ede nou pou n ka di non e pou n kenbe pawòl nou.

17 Anpil kretyen ka pa gen pwoblèm pou demontre metriz nan domèn nou sot konsidere la yo, men yo ka santi pèsonèlman gen lòt kote yo bezwen fè pwogrè. Yo vle demontre metriz plis toujou nan yon limit rezonab pou yon moun ki enpafè. Èske se ka pa w ? Si wi, ki sa w ka fè pou w amelyore fason w ap kiltive fasèt sa a ki genyen nan fwi lespri Bondye a ? E lè w fè sa, kòman sa ka ede w atenn objektif ou vize antanke kretyen ? Nou pral pale sou pwen sa yo nan lòt atik la.

Èske nou sonje ?

Poukisa metriz . . .

• se yon kalite ki enpòtan pou kretyen kiltive ?

• se yon kalite ki difisil pou kèk moun kiltive ?

• se yon kalite ki nesesè nan maryaj ?

• se yon kalite youn ka ede lòt kiltive ?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 10]

Li te aprann di non

Gen yon Temwen Jewova k ap viv ann Almay ki t ap travay kòm yon teknisyen kominikasyon. Youn nan djòb li te genyen se te pou l sipèvize anviwon 30 emisyon y ap bay anmenmtan nan radyo ak nan televizyon. Lè gen entèferans, li te dwe suiv emisyon an avèk atansyon yon fason pou l detekte pwoblèm nan. Men sa li rakonte : “ Fò w ta di entèferans yo toujou rive egzakteman nan move moman an, egzakteman lè y ap montre sèn sou vyolans oubyen sèn sou sèks. W a di sèn imoral yo ret nan tèt mwen pou plizyè jou, pou m pa di plizyè semèn, se kòmsi yo ret grave nan lespri m. ” Li admèt bagay sa a te gen yon efè negatif sou espirityalite l. Li di : “ Kòm mwen deja gen tandans eksite fasil, sèn sou vyolans yo te fè l vin pi difisil pou m metrize m. Sèn sou sèks yo te vin ban m pwoblèm ak madanm mwen. Se chak jou mwen te nan konba. E pou m pa t pèdi konba a, mwen te deside chèche yon lòt djòb, menmsi li ta peye mwens. Mwen pa t fè twòp tan anvan m jwenn youn. Rèv mwen te reyalize. ”

[Foto nan paj 9]

Lè nou etidye Labib, sa ban nou konesans k ap ede nou gen metriz.