Al gade sa k anndan l

Èske nou bezwen gen yon kòmandman pou TOUT bagay?

Èske nou bezwen gen yon kòmandman pou TOUT bagay?

LÈ W te timoun, petèt paran w yo te konn ba w anpil règ. Tank ou t ap grandi, ou te vin konprann yo vle byen pou ou. Kounye a, ou vin granmoun, ou ka toujou ap suiv kèk nan prensip yo te ba ou yo, menmsi w pa anba otorite yo ankò.

Jewova, Papa nou ki nan syèl la, ban nou anpil kòmandman byen presi nan Labib, Pawòl li a. Pa egzanp, li kondane adorasyon zidòl, imoralite seksyèl, adiltè ak vòl (Egzòd 20:1-17; Travay 15:28, 29). Pandan n ap “grandi nan tout bagay”, nou vin konprann Jewova vle sa ki pi bon pou nou, epi lè l ban nou kòmandman pou n pa fè yon seri bagay, toujou gen bon rezon pou sa. — Efezyen 4:15; Ezayi 48:17, 18; 54:13.

Sepandan, gen anpil sitiyasyon kote pa gen yon kòmandman byen presi pou di nou sa pou n fè. Se sa k fè, nan ka sa yo, gen kèk moun ki konn santi yo lib pou yo fè sa yo vle. Yo konn di si Bondye te wè sa nesesè, li t ap di sa l vle a nan yon kòmandman byen presi.

Moun ki panse konsa yo konn pran yon seri desizyon san reflechi, men annapre, yo konn regrèt anpil. Yo pa konnen se pa lwa sèlman Bib la genyen, men li gen lòt fason li ede n wè jan Bondye panse tou. Toutpandan n ap etidye Bib la e n ap vin konnen fason Jewova panse, n ap vin gen yon konsyans ki byen fòme e k ap ede n pran desizyon ki baze sou fason Bondye panse. Lè sa a, nou fè kè l kontan e nou pran bon desizyon ki fè n jwenn anpil byenfè. — Efezyen 5:1.

Kèk bèl egzanp nan Bib la

Lè n egzamine kèk istwa nan Bib la konsènan kèk sèvitè Bondye ki t ap viv nan tan lontan, nou wè yon seri sitiyasyon kote yo te pran desizyon selon fason Bondye panse, menm lè yo pa t gen yon lwa byen presi. Ann pran egzanp Jozèf. Lè madan Potifa t ap chèche sedui l pou l kouche avè l la, Bondye potko bay okenn lwa ekri sou adiltè. Byenke potko gen yon lwa byen presi sou sa, Jozèf te konprann adiltè se yon peche non sèlman kont konsyans li, men tou “kont Bondye”. (Jenèz 39:9.) Anfèt, Jozèf te konnen adiltè depaman ak panse Bondye e ak volonte l, jan sa te parèt nan sa Bondye te di depi nan Jaden Edenn nan. — Jenèz 2:24.

Ann pran yon lòt egzanp. Nan Travay 16:3, nou aprann Pòl te sikonsi Timote anvan l t al avè l nan vwayaj li t ap fè yo. Epoutan, nan vèsè 4 la, nou wè Pòl ak Timote annapre ki t ap vwayaje nan divès vil pou yo fè konnen “desizyon apot yo ak ansyen ki nan Jerizalèm yo te pran”. Nan desizyon sa yo, te gen desizyon ki te fè konnen kretyen yo pa t anba lwa ki te mande pou moun sikonsi a ankò (Travay 15:5, 6, 28, 29). Poukisa Pòl te santi li nesesè pou l sikonsi Timote? “Poutèt Juif ki te nan zòn sa yo, paske yo tout te konnen papa [Timote] te yon Grèk.” Pòl pa t vle pou yo te choke moun sa yo san rezon oswa pou yo te fè yo trebiche san nesesite. Li te konprann sa enpòtan pou yo “rekòmande tèt [yo] bay tout moun devan Bondye”. — 2 Korentyen 4:2; 1 Korentyen 9:19-23.

Nòmalman, Pòl ak Timote te toujou panse konsa. Li Women 14:15, 20, 21 ak 1 Korentyen 8:9-13; 10:23-33, w ap wè jan Pòl te bay byennèt lòt moun nan domèn espirityèl anpil enpòtans. Li te veye sou sa, sitou si yon bagay te ka fè yon moun trebiche, menmsi se pa t yon move bagay. Men sa Pòl te ekri Timote: “Mwen pa gen pèsonn ki gen menm atitid avè l, pa gen pèsonn tankou l ki gen sousi pou nou toutbon. Paske, tout lòt moun yo ap chèche pwòp enterè yo, yo pap chèche enterè Jezi Kris. Men li menm, nou konnen li fè prèv li, paske, menm jan yon pitit konn fè pou papa l, se konsa li travay ansanm avèk mwen tankou yon esklav pou bon nouvèl la ka pwogrese.” (Filipyen 2:20-22). De kretyen sa yo kite yon bèl egzanp pou nou! Olye yo te aji selon preferans pa yo lè Bondye pa bay okenn kòmandman sou yon bagay, yo te demontre lanmou menm jan ak Jewova ak Pitit li a, lè yo te chèche wè ki fason desizyon yo t ap pran yo te ka gen efè sou lòt moun nan domèn espirityèl.

Annou pran egzanp Jezi Kris. Li se pi bon egzanp nou genyen. Nan Diskou li te fè sou mòn nan, li te esplike byen klè lè yon moun byen konprann prensip ki dèyè lwa Bondye yo, l ap suiv yo menm nan sitiyasyon kote Bib la pa bay yon kòmandman byen presi (Matye 5:21, 22, 27, 28). Pou Jezi, Pòl, Timote ak Jozèf, yon moun pa dwe fè sa l pito, menm nan sitiyasyon kote Bib la pa bay yon lwa byen presi. Pou mesye sa yo te gen menm panse ak Bondye, yo te suiv de pi gwo kòmandman Jezi te bay yo nan kèlkeswa sikonstans lan: yo te renmen Bondye e yo te renmen pwochen yo. — Matye 22:36-40.

Kretyen nan epòk pa nou an

Sa klè, nou pa dwe konsidere Bib la kòm yon dokiman ki gen lwa sèlman, pou n ta atann n ap jwenn yon lwa ki esplike chak sa nou dwe fè. Nou fè kè Jewova kontan lè n aji fason l t ap vle nou aji a nan sitiyasyon kote l pa bay yon lwa byen presi. Sa vle di olye n toujou ap tann yo di n sa Bondye vle n fè, nou ka “chèche konprann sa volonte Jewova ye”. (Efezyen 5:17; Women 12:2.) Poukisa Jewova kontan lè n aji konsa? Se paske sa montre sa k pi enpòtan pou nou, se fè l plezi olye n fè tèt nou plezi. Sa montre tou, nou tèlman renmen l, nou vle imite l e nou vle lanmou sa a gide aksyon nou (Pwovèb 23:15; 27:11). Anplis, lè n kite Bib la gide n nan sa n ap fè, sa pèmèt nou gen yon relasyon solid ak Jewova e byen souvan, sa fè n an sante.

Ann gade ki jan nou ka aplike prensip sa a nan kèk bagay pèsonèl.

Lè n ap chwazi detant

Ann pran egzanp yon jèn gason ki anvi achte yon albòm mizik. Yo pale an byen de albòm nan, men jèn gason an ap ezite paske lè l gade do albòm nan, li wè mizik yo chaje ak mo sal ak vye pawòl sou sèks. Epi, li konnen pifò mizik atis sa a fè gen kòlè ak vyolans nan yo. Jèn gason sa a renmen Jewova, donk li bay pwennvi Jewova ak santiman l sou sijè a anpil valè. Ki jan l ap fè konnen sa Jewova vle l fè nan ka sa a?

Nan lèt Pòl te ekri kretyen Galasi yo, li te pale sou zèv lachè yo ak fwi lespri a. Petèt ou konnen kalite ki nan fwi lespri a, anpalan de lanmou, lajwa, lapè, pasyans, byenveyans, bonte, lafwa, dousè ak metriz. Men, ki bagay konsa ki fè pati zèv lachè yo? Men sa Pòl te ekri: “Zèv lachè yo parèt aklè: se imoralite seksyèl, konduit ki pa pwòp, konduit derespektan, idolatri, pratik ki gen rapò ak movèzespri, rayisman, fè kont, jalouzi, kòlè san kontwòl, chirepit, divizyon, fè klan, anvye sò moun, bwè pou sou, banbòch ak lòt bagay menm jan an. Kanta pou bagay sa yo, m ap avèti nou, jan m te deja avèti nou an, moun k ap pratike bagay sa yo pap benefisye Wayòm Bondye a.” — Galat 5:19-23.

N ap note Pòl pale de “lòt bagay menm jan an” nan fen lis li bay la. Pòl pa t bay yon lis konplè sou tout sa k fè pati zèv lachè yo. Men, sa pa vle di yon moun ka di tèt li: ‘Bib la ban m dwa pou m pratike nenpòt bagay Pòl pa t site nan lis zèv lachè l te bay la.’ Men pito, moun k ap li lèt Pòl la bezwen itilize kapasite yo genyen pou yo reflechi a pou yo rive idantifye lòt bagay ki pa nan lis la, men ki “menm jan an”. Moun k ap pratike bagay “menm jan an” e ki pa repanti pap benefisye Wayòm Bondye a.

Donk, nou dwe aprann chèche konprann sa ki pa fè Jewova plezi. Èske se yon bagay ki difisil? Ann sipoze doktè w ta di w pou w manje plis fwi ak legim, men pou w evite bwè krèm, manje gato ak lòt bagay menm jan an. Èske l t ap difisil pou w konnen ki lòt bagay ki nan menm kategori ak gato? Ann retounen sou fwi lespri a ak zèv lachè yo. Nan ki kategori albòm mizik jèn gason an te vle achte a ye? Se sèten li pa gen okenn rapò ak lanmou, bonte, metriz oswa lòt kalite ki nan fwi lespri a. Yon moun pa bezwen yon lwa presi sou sa pou l konprann mizik sa yo pa ann amoni ak panse Bondye. Menm prensip la valab pou sa n ap li, fim, emisyon tele, jwèt videyo, sit Entènèt, elatriye.

Aparans nou

Nou jwenn prensip nan Bib la tou sou abiman ak stil cheve ki ede kretyen yo gen yon aparans ki konvnab. Donk, menm nan kesyon abiman ak stil cheve, yon moun ki renmen Jewova pap wè se yon okazyon l jwenn pou l fè tèt li plezi, men pito, l ap konsidere sa kòm yon opòtinite pou l fè Jewova plezi. Jan nou sot wè sa, lefètke Jewova pa bay yon lwa byen presi sou yon bagay, sa pa vle di li pa enterese nan sa n chwazi fè. Stil yo varye selon zòn yon moun ap viv e pafwa menm selon sezon an. Men, Bondye bay yon seri prensip fondamantal ki kapab gide sèvitè l yo kèlkeswa moman an ak zòn y ap viv la.

Pa egzanp, men sa 1 Timote 2:9, 10 di: “Menm jan an tou, medam yo dwe fè bèbèl ak tèt yo ak abiman ki kòrèk. Yo dwe fè sa yon fason ki montre respè e avèk bonsans. Yo pa dwe fè sa ak yon seri stil cheve trese, oswa ak lò, oubyen ak pèl, oswa ak rad ki koute chè anpil, men, y ap fè sa jan medam ki di yo gen atachman pou Bondye yo dwe fè sa. Yo dwe fè bon aksyon, e se sa k ap fè yo bèl.” Donk, yon kretyen, kit li fi, kit li gason, dwe byen reflechi sou aparans moun nan zòn li an atann pou moun “ki di yo gen atachman pou Bondye” yo genyen. Li dwe sonje tou aparans li ap gen efè sou fason moun yo wè mesaj l ap preche a (2 Korentyen 6:3). Yon kretyen k ap bay bon egzanp pap bay preferans li oswa dwa l genyen twòp enpòtans, men, l ap plis veye pou l pa lakòz lòt moun bite. — Matye 18:6; Filipyen 1:10.

Lè yon kretyen rann li kont aparans li ka lakòz lòt moun bite, li ka imite Pòl lè l bay byennèt espirityèl lòt moun plis enpòtans pase preferans pèsonèl li. Pòl te di: “Se pou nou imite m, menm jan mwen menm, mwen imite Kris.” (1 Korentyen 11:1). E konsènan Jezi, Pòl te ekri: “Paske, menm Kris la pa t fè tèt li plezi.” Men aplikasyon Pòl te fè pou kretyen yo: “Men, nou menm ki djanm, nou dwe ede moun ki pa djanm yo pote feblès yo, e se pa tèt nou pou nou fè plezi. Se pou nou chak fè pwochen nou plezi pou byen l, pou nou ankouraje l.” — Women 15:1-3.

Devlope kapasite nou genyen pou n konprann nan

Ki jan nou ka devlope kapasite nou genyen pou n konprann nan yon fason pou n fè Jewova plezi menm nan sitiyasyon kote li pa ban nou yon lwa presi? Se lè nou li Pawòl li a chak jou, nou etidye l regilyèman e nou medite sou sa nou li yo. Menm jan sa pran tan pou yon timoun grandi, konsa tou, se tikras pa tikras yon moun grandi nan domèn espirityèl. Donk, nou bezwen gen pasyans e nou pa dwe dekouraje, si n wè sa pran tan pou n pwogrese. Men, n ap bezwen sèvi ak tan sa a tou pou n etidye Pawòl Bondye a regilyèman epi aplike sa n aprann yo nan lavi nou si n vle devlope kapasite nou genyen pou n konprann nan. — Ebre 5:14.

Lwa Bondye yo pèmèt nou montre si n se moun ki obeyisan, e prensip li yo ede n wè ki kalite relasyon nou gen avè l e jis nan ki pwen nou vle fè l plezi. Plis n ap fè pwogrè nan domèn espirityèl, se plis n ap chèche imite Jewova ak Pitit Gason l lan. N ap toujou vle pran desizyon ki fè l plezi ki baze sou sa n aprann nan Pawòl li a. Konsa, n ap ka wè lè nou fè kè Jewova kontan, nou menm tou nou gen kè kontan.

[Foto]

Stil abiman yo diferan selon zòn nan, men prensip biblik yo dwe toujou gide nou lè n ap pran desizyon.