Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Egzòd la

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Egzòd la

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Egzòd la

SE YON istwa ki te pase toutbonvre, se istwa delivrans yon seri de moun yo t ap fè “ travay kòm esklav anba tirani ”. (Egzòd 1:13.) Men tou, se yon istwa enteresan ki konsène nesans yon nasyon. Men kèk nan sijè ki enteresan anpil nou jwenn nan liv biblik sa a : Yon seri de mirak enpresyonan, yon kòd lwa san parèy ak konstriksyon tabènak la. An gwo, se sa ki gen nan liv Egzòd la.

Se Moyiz, yon pwofèt ebre, ki te ekri liv Egzòd la. Liv sa a rakonte istwa Izrayelit yo pandan yon peryòd 145 ane, soti lè Jozèf te mouri an 1657 anvan epòk nou an pou rive lè tabènak la te fin konstwi an 1512 anvan epòk nou an. Sepandan, sa yo rakonte nan liv sa a pa sèlman gen yon valè istorik, se yon pati nan Pawòl Bondye a, nan mesaj Bondye voye pou lèzòm. E piske se konsa, li “ vivan, e li gen pouvwa ”. (Ebre 4:12.) Se sa k fè, liv Egzòd la gen yon siyifikasyon reyèl pou nou.

“ BONDYE TE TANDE JEMISMAN YO ”

(Egzòd 1:1–4:31)

Desandan Jakòb yo t ap viv ann Ejip. Yo te tèlman ogmante rapid, Farawon te bay lòd pou yo fè yo tounen esklav. Li te menm pase yon dekrè pou yo touye tout tibebe izrayelit depi se yon tigason. Moyiz, yon tibebe ki te gen twa mwa, pa t sibi sò sa a, paske pitit fi Farawon an te adopte l. Malgre edikasyon Moyiz te resevwa lakay wa a, lè l te gen 40 an, li te chwazi pran pati pou pèp li a, e li te touye yon Ejipsyen (Travay 7:23, 24). Moyiz te oblije chape poul li, li t al Madyàn. Se la li te marye e li te viv nan peyi sa a antanke gadyen mouton. Pandan Moyiz te toupre yon touf raje ki te pran dife pa mirak, Jewova te bay Moyiz misyon pou l tounen ann Ejip pou l al libere Izrayelit yo anba esklavaj. Se Arawon, frè l la, ki t ap sèvi l kòm pòtpawòl.

Kesyon biblik ak tout repons :

3:1 — Ki jan de prèt Yitwo te ye ? Nan epòk patriyach yo, se chèf fanmi an ki te sèvi kòm prèt pou fanmi l. Yitwo se te patriyach yon tribi madyanit. Piske Madyanit yo se te desandan Abraram pa mwayen Ketoura, petèt yo te gen konesans sou fason moun adore Jewova. — Jenèz 25:1, 2.

4:11 — Nan ki sans se Jewova ki ‘ mete moun ki bèbè a, moun ki soud la ak moun ki avèg la ’ ? Menmsi nan kèk okazyon Jewova konn lakòz kèk moun avèg oubyen li konn fè yo bèbè, se pa li menm ki responsab tout ka enfimite ki genyen (Jenèz 19:11 ; Lik 1:20-22, 62-64). Pwoblèm sa yo se konsekans peche nou eritye a (Jòb 14:4 ; Women 5:12). Sepandan, piske Bondye pèmèt sitiyasyon sa yo egziste, li ka pale de tèt li antanke moun ki ‘ mete ’ bèbè a, soud la ak avèg la.

4:16 — Nan ki sans Moyiz te dwe “ sèvi tankou Dye ” pou Arawon ? Moyiz se te reprezantan Bondye. Donk, Moyiz te vin “ tankou Dye ” pou Arawon, e Arawon te pale antanke reprezantan Moyiz.

Leson pou nou jodi a :

1:7, 14. Jewova te soutni pèp li a lè yo t ap pase tray ann Ejip. Menm jan an tou, nan epòk nou an, li ede Temwen l yo, menm lè yo devan gwo pèsekisyon.

1:17-21. Jewova sonje nou “ pou sa ki bon ”. — Neyemya 13:31.

3:7-10. Jewova reponn lè l tande rèl pèp li.

3:14. Jewova ap reyalize pwogram li san mank. Se sa k fè, nou mèt sèten talè konsa li pral fè tout esperans nou ki baze sou Bib la vin reyalite.

4:10, 13. Moyiz te tèlman manke konfyans nan kapasite li genyen pou l pale, menm lè li te gen asirans Bondye t ap avè l, li te sipliye Bondye pou l voye yon lòt moun al pale ak Farawon. Sa pa t anpeche Jewova sèvi ak Moyiz e li te ba li sajès ak fòs li te bezwen pou l te akonpli misyon sa a. Olye pou nou plede ensiste sou feblès nou, annou konte sou Jewova pito e annou akonpli avèk fidelite misyon nou genyen pou nou preche e pou nou anseye a. — Matye 24:14 ; 28:19, 20.

YON SERI DE MIRAK ENPRESYONAN KI POTE DELIVRANS

(Egzòd 5:1–15:21)

Moyiz ak Arawon parèt devan Farawon, yo mande l pou l bay Izrayelit yo otorizasyon pou y al selebre yon fèt pou Jewova nan dezè a. Dirijan ejipsyen an te refize avèk awogans. Jewova te sèvi ak Moyiz pou l lage yon seri de flewo youn dèyè lòt sou Farawon ak pèp la. Se jis apre dizyèm flewo a Farawon te kite Izrayelit yo ale. Sepandan, yon ti tan apre, li menm ak tout fòs militè l yo te pati rapidman dèyè Izrayelit yo. Men, Jewova te fann lanmè Wouj, li fè yon wout e konsa li te sove pèp li a. Ejipsyen ki t ap pousuiv Izrayelit yo te nwaye lè dlo a te fèmen sou yo.

Kesyon biblik ak tout repons :

6:3 — Nan ki sans Bondye pa t fè Abraram, Izarak ak Jakòb konnen non l ? Patriyach sa yo te itilize non Bondye e yo te resevwa pwomès nan men Jewova. Sepandan, yo pa t ko konnen Jewova antanke Moun ki reyalize pwomès li fè. — Jenèz 12:1, 2 ; 15:7, 13-16 ; 26:24 ; 28:10-15.

7:1 — Nan ki sans yo te fè Moyiz “ Dye pou Farawon ” ? Bondye te bay Moyiz otorite ak pouvwa sou Farawon. Pakonsekan, li pa t gen okenn rezon pou l pè wa a.

7:22 — Ki kote prèt ejipsyen yo te jwenn dlo ki pa t tounen san ? Petèt, yo te itilize dlo yo te pran nan rivyè Nil lan anvan flewo a. Sanble, li te posib tou pou yo te jwenn dlo potab lè yo fouye pi nan tè ki fre nan zòn rivyè Nil lan. — Egzòd 7:24.

8:26, 27 — Poukisa Moyiz te di sakrifis Izrayelit yo t ap “ detestab pou Ejipsyen yo ” ? Te gen anpil bèt moun yo te venere ann Ejip. Moyiz te pale de sakrifis yon fason pou l plis konvenk Farawon e sa te bay pawòl li yo plis fòs lè li t ap ensiste pou Farawon bay Izrayelit yo otorizasyon kite peyi a pou y al ofri sakrifis bay Jewova.

12:29 — Ki moun yo te konsidere kòm premye pitit ? Premye pitit yo se te sèlman pitit gason (Nonb 3:40-51). Farawon pou kont kò pa l te yon premye pitit, men yo pa t touye l. Li te gen pwòp fanmi pa l. Se pa t chèf fanmi yo ki te mouri nan dizyèm flewo a, men se te premye pitit gason nan kay la.

12:40 — Pandan konbyen tan Izrayelit yo te abite nan peyi Ejip ? Peryòd 430 an yo pale la a gen ladan l tan pitit Izrayèl yo te pase “ nan peyi Ejip ak tan yo te pase nan peyi Kanaran ”. (Bible de référence, nòt anba paj.) Nan ane 1943 anvan epòk nou an, Abraram te travèse rivyè Efrat pou l ale Kanaran e li te gen 75 an nan moman sa a (Jenèz 12:4). Soti depi lè sa a pou rive lè Jakòb te antre nan peyi Ejip a 130 an, te gen 215 ane ki te pase (Jenèz 21:5 ; 25:26 ; 47:9). Sa vle di, apre sa, Izrayelit yo te pase yon total 215 ane ann Ejip.

15:8 — Lè yo di dlo lanmè Wouj la te “ friz ” la, èske sa vle di li te tounen glas ? Vèb ebre ki bay mo “ friz ” lè l tradui a vle di retresi oubyen vin epè. Nan Jòb 10:10, yo itilize ekspresyon sa a pou yo pale de lèt kaye. Pakonsekan, dlo ki friz la pa vle di nesesèman dlo ki tounen glas. Si “ gwo van ki sot nan lès ” yo mansyone nan Egzòd 14:21 an te tèlman frèt opwen pou l ta fè dlo a tounen glas, se sèten yo t ap pale de gwo fredi sa a tou. Anfèt, piske pa t gen yon bagay moun ka wè ki te kenbe dlo a, li te sanble l friz, li te sanble l retresi, li te epè.

Leson pou nou jodi a :

7:14–12:30. Dis flewo yo pa t senp aksidan. Yo te predi yo e yo te rive egzakteman jan sa te anonse. Flewo sa yo se yon bèl demonstrasyon ki pwouve jan Kreyatè a gen pouvwa sou dlo, sou solèy la, sou ensèk yo, sou zannimo yo ak sou moun. Flewo yo demontre tou Bondye anmezi pou l lage kalamite sou ènmi l yo pandan l ap pwoteje moun k ap adore l yo.

11:2 ; 12:36. Jewova beni pèp li a. Li te veye aske Izrayelit yo te resevwa rekonpans pou tout travay yo te fè ann Ejip. Yo te antre nan peyi a antanke pèp lib, yo pa t antre ladan l antanke prizonye de gè ki te kondane pou vin esklav.

14:30. Nou mèt sèten, nan “ gwo tribilasyon ” ki gen pou vini an, Jewova ap delivre moun k ap adore l yo san mank. — Matye 24:20-22 ; Revelasyon 7:9, 14.

JEWOVA TE ÒGANIZE YON NASYON TEYOKRATIK

(Egzòd 15:22–40:38)

Apre Izrayelit yo te fin delivre ann Ejip, sou twazyèm mwa a, yo te tabli kan yo nan pye mòn Sinayi. Se la yo te resevwa Dis Kòmandman yo ak lòt lwa ankò, se la yo te fè yon alyans avèk Jewova e se la yo te vin yon nasyon teyokratik. Moyiz te pase 40 jou sou mòn nan, li t ap resevwa enstriksyon sou vrè adorasyon an ak sou konstriksyon tabènak Jewova a, yon tanp pòtatif. Antretan, Izrayelit yo menm fè yon ti bèf annò e yo tonbe adore l. Lè Moyiz desann sot sou mòn nan li wè bagay sa a, li te tèlman nève li te kraze de wòch plat Bondye te ba li yo. Apre yo te fin bay moun ki peche yo pinisyon yo merite, Moyiz te tounen sou mòn nan ankò e yo te ba li de lòt wòch plat. Lè li retounen, yo kòmanse ak konstriksyon tabènak la. Nan fen premye ane libète Izrayelit yo, bèl tant lan ansanm ak tout mobilye ki te ladan l yo te fin konstwi nèt. Yon fwa tout bagay fin byen ranje, Jewova te ranpli tant lan ak glwa li.

Kesyon biblik ak tout repons :

20:5 — Nan ki sans Jewova fè “ pinisyon pou fot papa ” tonbe sou jenerasyon ki vini apre yo ? Yon fwa yon moun fin gen laj kote li ka pran responsablite l, yo jije l sou baz konduit li ak etadespri l. Sepandan, lè nasyon Izrayèl la te tonbe nan idolatri, li te oblije sibi konsekans lan pandan plizyè jenerasyon. Menm Izrayelit ki te fidèl yo te santi efè a tou. Se konsa, lefètke nasyon an te tonbe nan apostazi, sa te fè li te difisil pou yo rete entèg.

23:19 ; 34:26 — Kòmandman ki te mande pou yo pa kuit yon ti kabrit nan lèt manman l lan, ki sa l te vle di ? Selon sa yo rapòte, kuit yon ti kabrit (oubyen pitit yon lòt bèt) nan lèt manman l, se te yon pratik payen yo te konn fè pou lapli ka tonbe. Anplis de sa, piske lèt manman an la pou nouri pitit li, kuit pitit la nan lèt manman an t ap yon zak mechanste. Lwa sa a te montre pèp Bondye a nesesite pou yo gen konpasyon.

23:20-23 — Zanj yo mansyone la a, kiyès li ye, e nan ki sans non Jewova te “ nan li ” ? Sanble, zanj sa a se Jezi nan fòm li te ye anvan li te vin òm. Yo te itilize l pou l gide Izrayelit yo jis yo rive nan Latè pwomiz (1 Korentyen 10:1-4). Jezi se prensipal moun ki defann non Papa l e ki sangtifye non Papa l. Se nan sans sa a non Jewova te “ nan li ”.

32:1-8, 25-35 — Poukisa yo pa t pini Arawon poutèt li te fè ti bèf annò a ? Arawon pa t dakò ak idolatri. Dayè, pi devan, sanble li te mete l bò kote Levit yo ki te pran pozisyon pou Bondye e ki te kont moun ki te opoze ak Moyiz yo. Apre yo te fin egzekite koupab yo, Moyiz te fè pèp la sonje yo te fè yon peche grav, sa montre te gen lòt moun ankò apa de Arawon ki te benefisye mizèrikòd Jewova.

33:11, 20 — Ki jan Jewova te fè pale “ fasafas ” ak Moyiz ? Ekspresyon sa a vle di yon konvèsasyon entim. Moyiz t ap pale ak reprezantan Bondye, e Moyiz te resevwa enstriksyon oralman nan men Jewova pa mwayen reprezantan sa a. Men Moyiz pa t wè Jewova, piske ‘ pyès moun pa ka wè Jewova pou l rete vivan ’. An reyalite, Jewova pa t pale pèsonèlman ak Moyiz. Men sa Galat 3:19 di konsènan Lalwa : “ Yo te sèvi ak zanj pou transmèt li, pa filyè yon medyatè. ”

Leson pou nou jodi a :

15:25 ; 16:12. Jewova pran swen pèp li a.

18:21. Mesye yo chwazi pou gen responsablite nan kongregasyon an, yo menm tou, yo dwe konpetan, yo dwe gen lakrentif pou Bondye, yo dwe moun de konfyans e yo dwe moun ki pa wè pwòp enterè pa yo.

20:1–23:33. Jewova se Lejislatè siprèm. Lwa li te bay Izrayelit yo te pèmèt yo adore l avèk lòd e avèk kè kontan. Jewova gen yon òganizasyon teyokratik jodi a. Lè nou kowopere ak òganizasyon an, sa fè nou gen kè kontan e sa fè nou jwenn sekirite.

Ki siyifikasyon reyèl sa genyen pou nou ?

Ki sa liv Egzòd la aprann nou sou Jewova ? Li prezante Jewova antanke Sila a ki bay sèvitè l yo sa yo bezwen avèk amou, ki delivre yo de fason estrawòdinè e ki reyalize pwogram li san mank. Se li menm ki Bondye òganizasyon teyokratik la.

Pandan n ap fè lekti Labib pou semèn nan, nan kad Lekòl ministè teyokratik la, sa n ap li nan liv Egzòd la pap manke pa touche nou. Remak ki nan pati “ Kesyon biblik ak tout repons ” lan ap ede nou pi byen konprann yon seri vèsè nan liv sa a. Kanta pou kòmantè ki nan pati “ Leson pou nou jodi a ”, kòmantè sa yo ap montre nou kòman nou ka tire pwofi nan lekti Labib ki prevwa pou semèn nan.

[Foto nan paj 29]

Jewova te bay Moyiz, yon moun ki te dou, misyon pou l libere Izrayelit yo anba esklavaj.

[Foto nan paj 30]

Dis flewo yo montre pouvwa Kreyatè a gen sou dlo, sou limyè solèy la, sou ensèk yo, sou zannimo yo ak sou moun.

[Foto nan paj 31]

Jewova te sèvi ak Moyiz pou l òganize Izrayelit yo antanke nasyon teyokratik.