Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Levitik la

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Levitik la

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Levitik la

POKO menm gen yon ane ki pase depi Izrayelit yo delivre anba esklavaj ann Ejip. Kounye a, yo òganize antanke nasyon ki fèk fèt, yo nan wout pou yo antre nan peyi Kanaran. Dapre objektif Jewova, se yon nasyon sen ki pou rete nan zòn nan. Sepandan, etandone fason Kananeyen yo ap viv la ansanm ak pratik yo genyen nan domèn relijye se bagay ki deprave, vrè Dye a bay kongregasyon Izrayèl la yon seri de regleman ki pral mete l apa pou fè sèvis li. Nou jwenn regleman sa yo nan yon liv nan Bib la ki rele Levitik. Se yon liv pwofèt Moyiz ekri nan dezè Sinayi, aparamman an 1512 anvan epòk nou an, e ki pale sou evènman ki rive pandan sèlman yon mwa linè (Egzòd 40:17 ; Nonb 1:1-3). Plizyè fwa, Jewova mande adoratè l yo pou yo sen. — Levitik 11:44 ; 19:2 ; 20:7, 26.

Jodi a, Temwen Jewova yo pa sou Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la. Lanmò Jezi te aboli Lwa sa a (Women 6:14 ; Efezyen 2:11-16). Sepandan, regleman nou jwenn nan liv Levitik la ka itil nou, yo ka anseye nou anpil bagay sou fason n ap adore Jewova, Bondye nou an.

OFRANN SAKRE : OFRANN VOLONTÈ AK OFRANN OBLIGATWA

(Levitik 1:1–7:38)

Gen kèk ofrann ak sakrifis ki te konn fèt selon Lalwa ki te volontè, tandiske gen lòt tou ki te obligatwa. Olokos, pa egzanp, se te yon ofrann volontè. Se ann antye yo te konn prezante l bay Bondye, menm jan Jezi Kris te bay lavi l an sakrifis, volontèman, kòm ranson. Sakrifis kominyon an se te yon sakrifis volontè yo te konn pataje. Yo te konn prezante yon pati sou lotèl bay Bondye, prèt la te konn manje yon pati e moun k ap ofri sakrifis la te konn manje yon pati. Se menm bagay la, pou kretyen wen yo, Memoryal lanmò Kris la se yon repa an kominyon. — 1 Korentyen 10:16-22.

Ofrann pou peche ak ofrann pou moun ki koupab se te ofrann obligatwa yo te ye yo menm. Premye a te la pou l fè pwopisyasyon pou peche moun fè pa erè, san yo pa t gen sa nan entansyon yo, e dezyèm nan te la pou bay Bondye satisfaksyon swa lè yon moun te vyole dwa yon lòt, swa lè yon pechè ki repanti rejwenn dwa li te pèdi, swa nan toule de ka sa yo. Yo te konn fè ofrann angren tou lè moun nan te vle montre rekonesans li pou abondans li te jwenn nan men Jewova. Tout kesyon sa yo enterese nou paske sakrifis yo te konn fè lè alyans Lalwa a te an vigè yo, te la pou atire atansyon sou Jezi Kris ak sakrifis li a, oubyen sou byenfè moun t apral jwenn grasa sa. — Ebre 8:3-6 ; 9:9-14 ; 10:5-10.

Kesyon biblik ak tout repons :

2:11, 12 — Poukisa Jewova pa t twouve li akseptab pou moun ofri siwo myèl “ kòm ofrann ki boule nan dife ” ? Siwo myèl yo mansyone la a se pa pwodui myèl fè a. Aktout Jewova pa t aksepte l “ kòm ofrann ki boule nan dife ”, li te pami “ premye sa yo rekòlte [...] nan tout pwodui ki soti nan jaden yo ”. (2 Kwonik 31:5.) Aparamman, siwo myèl sa a se te ji oswa siwo ki soti nan fwi. Piske yon ji konsa te ka fèmante, li pa t akseptab pou yo prezante l kòm ofrann sou lotèl.

2:13 — Poukisa Izrayelit yo te dwe mete sèl nan “ tout ofrann ” yo t ap prezante ? Se pa t pou yo te bay sakrifis yo gou. Toupatou sou tè a, moun sèvi ak sèl pou anpeche bagay gate. Konsa, sanble yo te konn met sèl nan ofrann yo kòm senbòl pou montre sa y ap prezante a pa gate oswa li pa dekonpoze.

Leson pou nou jodi a :

3:17. Piske yo konsidere grès se pati ki pi bon oswa ki pi rich nan yon bèt, entèdiksyon ki te genyen pou okenn Izrayelit pa manje grès la te raple yo pi bon bagay yo genyen se pou Jewova li ye (Jenèz 45:18). Sa raple nou nesesite pou nou bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an. — Pwovèb 3:9, 10 ; Kolosyen 3:23, 24.

7:26, 27. Izrayelit yo pa t dwe manje san. Nan je Bondye, san reprezante lavi. Levitik 17:11 di “ nanm [lavi] chè a se nan san an li ye ”. Prensip ki mande pou moun evite san an, se yon prensip ki toujou valab pou vrè adoratè Bondye yo jodi a. — Travay 15:28, 29.

YO TABLI YON PRETRIZ SAKRE

(Levitik 8:1–10:20)

Kiyès ki te gen responsablite pou yo okipe yo de travay ki gen rapò ak sakrifis ak ofrann yo ? Se prèt yo ki te gen responsablite sa a. Bondye te bay Moyiz enstriksyon pou l dirije yon seremoni, e li te enstale Arawon antanke gran prèt e li te enstale kat pitit gason l kòm souprèt. Sanble seremoni an te dire sèt jou, e pretriz la te kòmanse fonksyone nan jou ki vin apre a.

Kesyon biblik ak tout repons :

9:9 — Lefètke yo te konn vèse san nan baz lotèl la e yo te konn mete l sou divès bagay, ki sa sa endike ? Sa te montre Jewova aksepte san pou fè pwopisyasyon. Pwopisyasyon se yon dispozisyon ki gen san kòm baz. Se tankou jan apot Pòl te ekri sa a : “ Selon Lalwa, prèske tout bagay vin pwòp avèk san, e pa gen padon si pa gen san ki vèse. ” — Ebre 9:22.

10:1, 2 — Peche pitit Arawon yo, Nadab ak Abiyou, te fè a, ki sa petèt peche sa a te ye ? Tousuit apre Nadab ak Abiyou fin mal aji pandan y ap fè travay yo antanke prèt, Jewova te defann prèt yo sèvi ak diven oswa lòt bwason ki ka fè yo sou pandan y ap fè sèvis yo nan tabènak la (Levitik 10:9). Sa lese konprann, petèt nan sikonstans sa a, Arawon ak de pitit li yo te sou enfliyans alkòl. Sepandan, vrè rezon ki fè yo te pèdi lavi yo se te paske yo te “ prezante yon dife ki pa nòmal, [...] yon dife [Jewova] pa t mande pou yo prezante ”.

Leson pou nou jodi a :

10:1, 2. Sèvitè Jewova ki gen responsablite dwe suiv enstriksyon li bay. Mete sou sa, yo pa dwe pran dwa ki pa pou yo etan y ap akonpli travay yo.

10:9. Nou pa sipoze bwè si nou gen yon travay teyokratik pou n akonpli.

POU NOU SEN NAN ADORASYON NOU, SA MANDE POU NOU PWÒP

(Levitik 11:1–15:33)

Regleman sou manje Izrayelit yo te resevwa konsènan bèt ki pwòp ak bèt ki enpwòp te pwoteje yo nan de sans. Regleman sa yo te pwoteje yo kont mikwòb ki ta ka enfekte yo e sa te ranfòse baryè ki te genyen ant yo menm ak lòt nasyon ki te ozalantou yo. Te gen lòt regleman tou ki te konsène eta enpwòp yon moun ki te fin touche yon kadav, pirifikasyon medam yo lè yo te fin akouche, sa moun te dwe fè anrapò ak maladi lèp ansanm ak eta enpwòp yon gason oswa yon fi ki te gen ekoulman. Se prèt yo ki te dwe pran bagay yo an men lè yon moun te vin enpwòp.

Kesyon biblik ak tout repons :

12:2, 5 — Poukisa akouchman te rann yon fi “ enpwòp ” ? Ògàn ki la pou repwodui lavi yo te kreye pou yo transmèt yon vi ki pafè. Sepandan, akoz efè peche paran yo eritye a, se enpèfeksyon ak peche yo rive transmèt bay pitit yo. Eta “ enpwòp ” sa a yon moun ki akouche te tonbe ladan l lan, menmsi li tanporè, te la pou l raple moun nan peche nou tout eritye a. Se menm bagay la pou yon seri de lòt sitiyasyon, tankou yon fi ki gen règ li ak yon gason ki ejakile (Levitik 15:16-24 ; Sòm 51:5 ; Women 5:12). Regleman sou pirifikasyon Izrayelit yo te oblije suiv yo te ede yo reyalize nan ki pwen limanite te bezwen yon sakrifis ki pou rachte l, yon sakrifis ki pou kouvri peche l e ki pou fè l rejwenn pèfeksyon li te pèdi a. Konsa, pou yo, Lalwa te tounen yon “ pedagòg ki mennen yo bay Kris ”. — Galat 3:24.

15:16-18 — Lè yo pale de “ spèm ki koule ” nan vèsè sa yo, de ki sa y ap pale ? Aparamman, sa gen rapò ni ak ejakilasyon ki rive pandan yon gason ap dòmi ni ak ejakilasyon ki rive pandan de moun marye gen relasyon.

Leson pou nou jodi a :

11:45. Jewova se yon Dye ki sen e, moun k ap ba l yon sèvis sakre, li mande pou yo sen yo menm tou. Yo dwe pousuiv sentete e yo dwe rete pwòp ni nan domèn fizik ni nan domèn espirityèl. — 2 Korentyen 7:1 ; 1 Pyè 1:15, 16.

12:8. Jewova te pèmèt moun ki pòv la ofri zwazo lè l t ap fè ofrann sakrifisyèl, olye l ofri mouton ki koute plis kòb. Se yon Dye ki gen konsiderasyon pou moun ki pòv.

PREZÈVE SENTETE : YON OBLIGASYON

(Levitik 16:1–27:34)

Se nan jou Pwopisyasyon an yo te konn ofri prensipal sakrifis yo. Yo te konn ofri yon towo pou prèt yo ak tribi Levi a. Yo te konn sakrifye yon kabrit pou tribi ki pa bay prèt yo. Yo te konn voye yon lòt kabrit tou vivan nan dezè a apre yo fin site peche pèp la sou li. Yo te konsidere toule de kabrit yo kòm yon ofrann pou peche. Tout sa te endike yon bagay : yo ta gen pou yo sakrifye Jezi Kris e li menm li ta pote peche nou ale.

Regleman yo te bay sou kesyon manje vyann e sou lòt kesyon ankò souliye nesesite pou nou sen nan adorasyon n ap bay Jewova. Natirèlman, prèt yo te dwe prezève sentete yo. Twa fèt yo te konn selebre chak ane yo se te okazyon pou pèp la rejwi l e pou l montre rekonesans li pou Kreyatè a. Jewova te bay pèp li a regleman tou konsènan fason pou yo sèvi ak non l, yon non ki sen, konsènan Saba yo te dwe obsève ak ane ki te rele Jibile a. Li te bay enstriksyon sou fason moun te dwe boule ak moun ki pòv e ki jan moun te dwe trete esklav. Moun ki obeyi Bondye t ava jwenn benediksyon tandiske sa ki dezobeyi t ava jwenn malediksyon. Anfen, Bondye te bay regleman tou sou ofrann moun ta dwe fè anrapò ak ve li fè, anrapò ak estimasyon, premye pòte e anrapò ak dizyèm yo te konn bay sou tout sa yo posede, kòm “ bagay ki sen pou Jewova ”.

Kesyon biblik ak tout repons :

16:29 — Nan ki sans Izrayelit yo te dwe ‘ aflije nanm yo ’ ? Se yon bagay yo te konn fè nan jou Pwopisyasyon an e ki te gen rapò ak efò y ap fè pou yo jwenn padon pou peche yo. Sanble jene yo te konn jene nan moman an se te yon fason pou yo rekonèt yo se pechè. Se sa k fè, byen petèt, ‘ aflije yo te konn aflije nanm yo ’ a te gen rapò ak jèn yo te konn fè.

19:27 — Izrayelit yo pa t dwe “ koupe mèch ki bò tèt yo an won ” e yo pa t dwe “ detwi pwent ” bab yo. Ki sans kòmandman sa a te genyen ? Sanble yo te bay Juif yo lwa sa a pou anpeche yo taye bab yo ak cheve yo yon fason ki ta fè yo kopye yon seri de pratik payen (Jeremi 9:25, 26 ; 25:23 ; 49:32). Sepandan, kòmandman sa a Bondye te bay la pa t vle di Juif yo pa t gen dwa taye bab yo ak cheve yo ditou. — 2 Samyèl 19:24.

25:35-37 — Èske li te toujou mal pou Izrayelit yo prete alenterè ? Si moun ki vin prete kòb la se pou l fè biznis, moun ki mèt kòb la gen dwa mande enterè sou li. Sepandan, Lalwa te entèdi moun prete moun kòb alenterè si se povrete ki fè moun nan vin prete. Se te yon bagay mal pou moun pwofite fè kòb sou pwochen l ki vin tonbe nan afè pa bon. — Egzòd 22:25.

26:19 — Ki jan ‘ syèl la ka fè vin tankou fè e tè a ka fè vin tankou kuiv ’ ? Akoz lapli ki pa ta tonbe, syèl ki kouvri peyi Kanaran an t ap vin tankou fè, ki di e ki pa gen okenn ti twou pou dlo pase. San lapli, tè a t ap gen menm koulè ak kuiv, li t ap tankou metal k ap briye.

26:26 — Ki sa yo vle di lè yo pale de ‘ dis fi ki ta gen pou kuit pen nan yon sèl fou ’ ? Nòmalman, chak fi ta bezwen pwòp fou pa l pou tout pen li ta gen pou l kuit yo. Men selon pawòl sa a, manje t ap tèlman ra, yon sèl fou t ap ase pou dis fi fè pen. Se te youn nan konsekans yo te predi ki t ap genyen si moun pa ta prezève sentete yo.

Leson pou nou jodi a :

20:9. Pou Jewova, mechanste ak lahèn se menm bagay ak lè yon moun touye moun. Se sa k fè, se menm santans lan li te prevwa ni pou moun ki te joure paran l ni pou moun ki te touye yo toutbon. Èske sa pa ta dwe motive nou pou nou montre lanmou nou pou frè ak sè espirityèl nou yo ? — 1 Jan 3:14, 15.

22:32 ; 24:10-16, 23. Moun pa dwe jete diskredi sou non Jewova. Okontrè, nou dwe louwe non l e nou dwe priye pou sangtifikasyon non sa a. — Sòm 7:17 ; Matye 6:9.

Efè liv Levitik la genyen sou adorasyon nou

Jodi a, Temwen Jewova yo pap viv sou Lalwa (Galat 3:23-25). Toutfwa, piske sa ki di nan liv Levitik la ede nou konprann pwennvi Jewova sou yon seri de kesyon, sa gen efè sou adorasyon nou.

Pandan n ap fè lekti Labib pou semèn nan nan kad Lekòl ministè teyokratik la, ou pap pa remake nan ki pwen Jewova reklame sentete lakay sèvitè l yo. Yon lòt bagay ankò, liv Levitik la ap pouse w bay Trèwo a sa ou genyen ki pi bon lakay ou e l ap pouse w fè sa w kapab pou w prezève sentete w, yon bagay k ap fè louwanj pou li.