Al gade sa k anndan l

Èske Temwen Jewova yo aksepte pran tout fraksyon san?

Èske Temwen Jewova yo aksepte pran tout fraksyon san?

Kesyon lektè yo poze

Èske Temwen Jewova yo aksepte pran tout fraksyon san?

Repons kesyon sa a deja parèt nan Toudegad 15 jen 2000.

Yon bagay ki enpòtan pou nou sonje sèke Temwen Jewova yo pa pran san. Nou kwè toutbon lwa Bondye bay sou san an pap chanje menm lè opinyon moun yo toujou ap chanje. Men, gen lòt kesyon moun ka poze lefètke yo ka separe kat gwo pati ki nan san an e yo ka retire yon seri pati ki toupiti ladan yo yo rele fraksyon san. Lè yon kretyen ap deside si l ap aksepte tretman kote y ap itilize fraksyon san, li pap sèlman reflechi sou avantaj oswa risk ki gen nan tretman sa a. Sa k ap pi enpòtan pou li se sa Bib la di ak efè desizyon l lan ap genyen sou relasyon l ak Bondye Toupisan an.

Gen kèk kesyon enpòtan pou n egzamine. Pou n fè sa, ann pale sou sa nou aprann nan Bib la, sou sa listwa aprann nou sou sijè a ak kèk bagay ki gen rapò ak lamedsin.

Jewova te fè Noye, zansèt nou an, konnen san se yon bagay espesyal, nou pa ka fè nenpòt bagay avè l (Jenèz 9:3, 4). Kèk tan apre, Lwa Bondye te bay pèp Izrayèl la te montre aklè san se yon bagay ki sakre, lè l te di: “Si yon Izrayelit oubyen yon etranje k ap viv nan mitan nou manje san, kèlkeswa san an, m ap vire do bay moun ki manje san an.” Etandone yon Izrayelit ki pa t suiv kòmandman Bondye bay la te ka kontamine lòt moun, Bondye te di: “M ap retire l nan mitan pèp la.” ​(Levitik. 17:10.). Annapre, nan yon reyinyon apot yo ak ansyen yo te fè nan Jerizalèm, yo te fè konnen kretyen yo dwe “evite san”. Kòmandman pou moun evite san an gen menm enpòtans ak evite fè imoralite seksyèl oswa adore zidòl. — Travay 15:28, 29.

Ki sa “evite” san te vle di nan epòk sa a? Kretyen yo pa t manje san ditou, kit li te fre, kit li te vin di, e yo pa t konn manje vyann bèt ki mouri toufe. Mete sou sa, yo pa t manje manje yo te mete san ladan l, tankou, bouden. Lè yon moun te manje san nenpòt fason sa yo, li te montre li meprize lwa Bondye bay sou san an. — 1 Samyèl 14:32, 33.

Anpil moun nan tan lontan pa t gen okenn pwoblèm pou yo manje san, jan sa parèt nan pawòl Tètilyen (ki te viv nan dezyèm ak twazyèm syèk epòk nou an) te ekri yo. Pou Tètilyen te demanti akizasyon yo te lage sou do kretyen yo, kòmkwa yo te konn bwè san, li te pale de yon seri tribi ki te konn bwè san lè y ap pase yon kontra. Men sa l te fè konnen ankò: “Yon seri moun ki soufri malkadi te konn vin nan arèn [kote gen konba gladyatè] pou yo kouri pran san kriminèl ki t ap koule tou cho pou yo bwè […] pou yo te ka geri.”

Kretyen yo te rejte pratik sa yo (menmsi kèk Women te konn fè yo pou kesyon sante). Tètilyen te ekri: “Nou pa aksepte san bèt nan manje nou”. Women yo te konn bay kretyen yo manje ki gen san pou teste si yo fidèl. Tètilyen ajoute: “Kounye a, ban m mande nou, ki jan nou fè kwè yon seri moun ki gen degoutans pou san bèt ta ap kouri dèyè san moun?”

Jodi a, lè doktè yo mande moun pou yo pran san, pa gen anpil nan moun sa yo ki ta ka panse sa kontrè ak lwa Bondye Toupisan an. Nou menm Temwen Jewova, nou vrèman renmen lavi, men nou detèmine pou nou respekte lwa Jewova bay sou san. Ki sa sa vle di lè n konsidere kèk teknik medikal ki genyen jodi a?

Apre Dezyèm Gè mondyal la, li te vin kouran pou moun pran san, men Temwen Jewova yo te konprann pratik sa kontrè ak lwa Bondye yo e yo toujou kwè sa. Men, avèk letan, lamedsin vin fè yon seri pwogrè. Jodi a, nan pifò ka, yo pa konn bay moun san okonplè, men, yo konn ba yo youn nan kat pati prensipal yo: 1) globil wouj; 2) globil blan; 3) plakèt; 4) plasma, sa vle di pati likid ki nan san an. Selon eta malad la, doktè yo ka preskri globil wouj, globil blan, plakèt oswa plasma. Lè yo bay yon moun youn nan pati sa yo, sa pèmèt yo distribye yon pòch san ant plizyè pasyan. Temwen Jewova yo pa aksepte ni san an, ni okenn nan kat pati prensipal ki gen ladan l yo, paske yo konnen sa kontrè ak lwa Bondye a. Yon bagay enpòtan, lefètke yo obeyi lwa sa a Bondye bay nan Bib la, sa pwoteje yo kont anpil danje, pa egzanp, kont yon seri maladi tankou epatit oswa sida moun ka pran nan san.

Yo konn separe san an an kat pati prensipal yo, men tou, yo konn separe pati prensipal pou yo retire yon seri pati ki pi piti ladan yo yo rele fraksyon san. Ki jan yo itilize fraksyon san yo? Ki sa yon kretyen dwe sonje lè l ap pran desizyon anrapò ak yo?

San se pa yon bagay ki senp. Menm plasma a, ki gen 90 pousan dlo ladan l, gen yon pakèt òmòn, sèl, anzim ak lòt eleman, tankou sèl mineral ak sik. Anplis de sa, plasma a gen yon seri pwoteyin ladan l, tankou albimin, yon seri eleman ki ka fè san an vin pwès ak yon seri antikò ki la pou konbat maladi. Teknisyen yo konn retire anpil nan pwoteyin ki nan plasma a epi yo itilize yo. Pa egzanp, gen moun ki soufri emofili, yon maladi ki fè yo senyen fasil e san pa ka vin pwès, pou yo ede yo yo konn ba yo yon fraksyon nan plasma a ki pèmèt san an vin pwès. Oubyen si gen risk pou yon moun pran yon maladi, doktè gendwa preskri l piki gamaglobilin. Se nan plasma san moun ki gen yon sistèm defans kont maladi a yo pran pwodui sa a. Gen lòt pwoteyin ki nan plasma a lamedsin itilize. Men, de egzanp anvan yo pèmèt nou konprann ki jan yo konn separe yon pati prensipal ki gen nan san an, anpalan de plasma, pou yo jwenn fraksyon san pou yo itilize. a

Menm jan ak plasma, yo ka separe lòt pati prensipal ki gen nan san an (globil wouj, globil blan, plakèt) pou yo jwenn yon seri pati ki pi piti. Pa egzanp, yo ka jwenn yon seri eleman tankou entèfewon ak entèlekin nan globil blan yo. Yo itilize yo pou yo trete yon seri enfeksyon viris konn lakòz e pou yo trete kèk kansè. Yo konn separe plakèt yo pou yo jwenn yon seri eleman ki ka ede blese yo geri. Gen lòt medikaman yo fè tou apati pati ki pi piti yo retire nan pati prensipal ki nan san an. Nan ka sa yo, yo pa sèvi ak pati prensipal ki gen nan san an, men yo itilize yon seri pati ki pi piti, oswa fraksyon san, ki soti ladan yo. Èske kretyen yo ka aksepte tretman kote y ap itilize fraksyon san? Nou pa ka reponn kesyon sa a. Labib pa bay detay presi sou sa, donk se chak kretyen ki dwe sèvi ak konsyans li pou l pran pwòp desizyon l devan Bondye.

Gen moun ki gendwa refize tout fraksyon san yo nèt (menm fraksyon yo bay pou pèmèt kò yon moun gen yon sistèm defans pandan yon tan). Se konsa yo konprann kòmandman Bondye bay ki mande pou n ‘evite san an’. Yo ka rezone konsa, yo ka di: ‘Nan lwa Bondye te bay Izrayelit yo, li te fè konnen lè yo retire san nan yon bèt yo dwe “vide l atè”’. (Detewonòm 12:22-24.) Ki rapò sa genyen ak kesyon an? Ebyen, pou yo prepare gamaglobilin nan, ki fè san an kapab vin pwès, ak lòt bagay ankò, yo dwe pran san an epi yo separe l an plizyè pati. Gen kèk kretyen ki refize pran medikaman sa yo, menm jan yo refize pran san okonplè oswa kat pati prensipal yo. Lòt moun dwe respekte desizyon sensè yo pran selon konsyans yo.

Gen lòt kretyen ki pran yon lòt desizyon. Yo menm tou yo refize pran san okonplè, yo refize pran globil wouj, globil blan, plakèt ak plasma. Men, yo aksepte tretman kote yo itilize fraksyon san. E nan menm gwoup moun sa yo, desizyon yo konn diferan. Yon kretyen gendwa aksepte pran piki gamaglobilin nan, epoutan, li gendwa aksepte oswa refize pran yon piki ki gen pwodui yo retire nan globil wouj oubyen globil blan. Sepandan, yon fason jeneral, ki sa ki ka fè kèk kretyen aksepte tretman kote y ap itilize fraksyon san?

Nan Toudegad 1ye jen 1990, gen yon “Kesyon lektè yo poze” ki te esplike ki jan pwoteyin ki nan plasma yo (fraksyon san) sot nan san fi ki ansent lan pou al nan sistèm san tibebe k ap fòme a. Se konsa yon manman transmèt iminoglobilin bay pitit li, sa ki pwoteje timoun nan kont yon seri maladi. Men, lè globil wouj yo ki nan kò tibebe k ap fòme a rive nan dat limit yo dwe viv la, yon pati nan molekil k ap transpòte oksijèn nan vin transfòme pou l bay yon sibstans ki rele biliribin, ki pase anlè sak ki gen timoun nan e k al detwi ak dechè ki nan kò manman an. Gen kèk kretyen ki gendwa di tèt yo si kò yo fèt yon fason ki pèmèt fraksyon san yon moun ka al nan yon lòt tou natirèlman, yo ka aksepte tou fraksyon yo retire nan plasma oswa nan san.

Lefètke moun yo gen opinyon ki diferan sou sa, e yo pran desizyon ki diferan, èske sa vle di kesyon an pa twò enpòtan? Non, li vrèman enpòtan. Sepandan, repons kesyon an klè. Nou sot wè Temwen Jewova yo refize pran san okonplè e yo refize pran pati prensipal ki gen nan san an. Labib bay kretyen yo lòd pou yo ‘evite ni bagay yo sakrifye bay zidòl, ni san, ni imoralite seksyèl’. (Travay 15:29.) Men, konsènan fraksyon ki soti nan nenpòt nan pati prensipal yo, se chak kretyen k ap deside si l ap aksepte l selon konsyans li apre li fin byen reflechi nan lapriyè.

Gen anpil moun ki dispoze aksepte nenpòt medikaman ki ba yo yon solisyon menm moman an, menmsi sa gen risk ladan l, jan sa ye pou pwodui ki gen san ladan yo. Kretyen ki sensè yo fè efò pou yo pi byen konprann kesyon an e pou yo gen yon pwennvi ekilibre ki pa sèlman chita sou kesyon sante. Temwen Jewova yo apresye efò ki fèt nan domèn medikal pou bay moun pi bon swen e yo reflechi sou avantaj ak risk ki ka genyen nan nenpòt tretman y ap suiv. Men, pou desizyon ki konsène pwodui ki gen rapò ak san, yo reflechi anpil sou sa Pawòl Bondye a di ak sou relasyon yo genyen pèsonèlman ak Bondye ki ban nou lavi a. — Sòm 36:9.

Se pa ti benediksyon sa ye pou yon kretyen gen menm konfyans moun ki te ekri pawòl ki nan sòm ki vin apre  a: “Jewova Dye se yon solèy e li se yon boukliye. Li fè moun favè e li fè yo jwenn glwa. Jewova pap refize bay moun ki mache dwat yo okenn bon bagay. O Jewova [...], byennere moun ki mete konfyans yo nan ou”! — Sòm 84:11, 12.

[Footnote]

a Gade “Kesyon lektè yo poze” nan Toudegad 15 septanm 1978 (fransè) ak 1ye oktòb 1994 (fransè). Laboratwa yo fabrike yon seri medikaman ki pa soti nan san an e ki ka ranplase fraksyon san yo te konn itilize lontan yo.

[Kare]

KÈK KESYON NOU KA POZE DOKTÈ A

Si w dwe fè yon operasyon oswa yon tretman kote yo ka itilize pwodui ki gen rapò ak san, mande doktè a:

Èske tout moun k ap travay nan lopital la ki konsène nan ka pa m nan konnen, antanke Temwen Jewova, kèlkeswa sa k ta rive, mwen pa vle yo ban m san (san okonplè, globil wouj, globil blan, plakèt, plasma)?

Si y ap preskri w yon medikaman yo fè petèt apati plasma, globil wouj, globil blan oswa plakèt, mande doktè a:

Èske medikaman sa a fèt apati youn nan kat pati prensipal ki gen nan san an? Si wi, èske w ka esplike m ak ki sa yo fè l?

Ki kantite nan medikaman sa a y ap ban mwen, e ki fason y ap ban mwen l?

Si konsyans mwen pèmèt mwen aksepte yon fraksyon san, ki risk ki genyen?

Si konsyans mwen pa pèmèt mwen aksepte yon fraksyon san, ki lòt tretman m ka suiv?

Si m pran yon ti tan pou m reflechi, ki lè m ka fè w konnen desizyon m pran an?