Al gade sa k anndan l

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

De kiyès Pòl ap pale nan 2 Korentyen 6:14 la, lè l di “moun ki pa kwayan” yo?

Men sa nou li nan 2 Korentyen 6:14: “Pa mete tèt nou anba menm jouk ak moun ki pa kwayan.” Si n gade kontèks la, li klè Pòl t ap pale de moun ki pa fè pati kongregasyon kretyen an. Gen lòt vèsè nan Bib la ki ede nou konprann sa, paske Pòl itilize ekspresyon “moun ki pa kwayan an” oswa “moun ki pa kwayan yo” ladan yo.

Pa egzanp, Pòl blame yon seri kretyen ki t al nan tribinal “devan moun ki pa kwayan”. (1 Korentyen 6:6.) Nan vèsè sa a, moun ki pa kwayan yo se jij ki te nan tribinal nan vil Korent yo. Nan dezyèm lèt Pòl te ekri kretyen Korent yo, li te di Satan “bouche lespri moun ki pa kwayan yo”. Je moun sa yo ki pa kwayan gen yon “vwal” sou li ki fè yo pa ka konprann bon nouvèl la. Moun sa yo ki pa t kwayan pa t montre yo enterese sèvi Jewova, paske Pòl te di anvan sa: “Lè yon moun tounen vin jwenn Jewova, vwal la soti.” — 2 Korentyen 3:16; 4:4.

Gen kèk nan moun ki pa kwayan yo k ap pratike bagay lalwa kondane oswa k ap adore zidòl (2 Korentyen 6:15, 16). Sepandan, se pa yo tout ki opoze ak sèvitè Jewova yo. Genyen ladan yo ki montre yo enterese nan laverite. Anpil ladan yo gen madanm oswa mari ki kretyen e yo kontan rete avèk yo (1 Korentyen 7:12-14; 10:27; 14:22-25; 1 Pyè 3:1, 2). Men, jan n te di sa pi wo a, Pòl toujou itilize ekspresyon “moun ki pa kwayan” an pou l pale de moun ki pa fè pati kongregasyon kretyen yo, yon kongregasyon ki te fèt ak moun “ki te vin kwè nan Seyè a”. — Travay 2:41; 5:14; 8:12, 13.

Prensip nou jwenn nan 2 Korentyen 6:14 la enpòtan anpil pou ede kretyen yo nan tout aspè nan lavi yo. Prensip sa a se yon konsèy saj nou site souvan pou kretyen k ap chèche yon moun pou yo marye (Matye 19:4-6). Yon kretyen ki vwe lavi l bay Bondye e ki batize montre l gen sajès lè l pa chèche yon moun pou l marye pami moun ki pa kwayan. Paske prensip, objektif ak kwayans moun ki pa kwayan yo diferan anpil ak pa vrè kretyen yo.

Men, e moun n ap etidye Labib avèk yo e k ap frekante kongregasyon an, e moun ki pwoklamatè ki poko batize yo, èske yo se moun ki pa kwayan tou? Non. Nou pa dwe rele moun ki aksepte laverite e k ap pwogrese nòmalman pou yo batize yo moun ki pa kwayan (Women 10:10; 2 Korentyen 4:13). Anvan Kònèy te batize, Bib la di li “te gen atachman ak lakrentif pou Bondye”. — Travay 10:2.

Donk, èske li t ap saj pou yon kretyen ki vwe lavi l bay Bondye renmen epi marye ak yon moun ki se yon pwoklamatè ki poko batize, piske li pa yon moun ki pa kwayan, jan Pòl te di nan 2 Korentyen 6:14 la? Non, sa pa t ap saj. Poukisa? Paske, Pòl te bay kretyen ki gen madanm yo oswa mari yo mouri yon konsèy klè. Li te di: “Li lib pou l marye ak moun li vle, men se sèlman si moun sa a nan Seyè a.” ​(1 Korentyen 7:39). Ann amoni ak konsèy sa a, kretyen ki vwe lavi yo bay Bondye yo dwe marye sèlman ak moun ki “nan Seyè a”.

Ki sa ekspresyon “nan Seyè a” oswa ekspresyon “nan Kris” la vle di? Pòl pale de moun ki te “nan Kris” oswa “nan Seyè a” nan Women 16:8-10 ak nan Kolosyen 4:7. Si w li vèsè sa yo, w ap wè li te pale de moun sa yo kòm “konpayon travay”, ‘moun ki fidèl’, ‘frè byenneme’, “sèvitè fidèl” ak ‘esklav menm jan avè l’.

Ki lè yon moun vin ‘yon esklav nan Seyè a’? Se lè li fè sa yon esklav dwe fè ak tout kè l e li nye tèt li. Men sa Jezi te esplike: “Si yon moun vle suiv mwen, se pou l nye tèt li, se pou l pran poto soufrans li e se pou l kontinye suiv mwen.” ​(Matye 16:24). Yon moun kòmanse suiv Kris e li vrèman ap fè volonte Bondye lè l vwe lavi l bay Bondye. Apre sa, li batize epi li vin yon sèvitè Bondye, yon moun Jewova bay dwa pou l fè sèvis li e li apwouve. a Kidonk, ‘marye nan Seyè a’ se marye ak yon moun ki montre byen klè li se yon kwayan toutbon, li vwe lavi l bay Bondye e li se “yon esklav Bondye e yon esklav Jezi Kris, Seyè a”. — Jak 1:1.

Yon moun k ap etidye Labib ak Temwen Jewova yo e k ap fè bonjan pwogrè pou l vin gen bon relasyon ak Bondye se yon moun k ap fè sa ki dwat. Men, li poko vwe lavi l bay Jewova e li poko aksepte konsakre lavi l nan sèvis li epi pou l dispoze fè sakrifis. Li kontinye ap fè chanjman ki nesesè yo. Li bezwen fin fè yon seri chanjman enpòtan k ap pèmèt li vin yon kretyen ki vwe lavi l bay Bondye e ki batize anvan pou l fè lòt gwo chanjman sa a nan lavi l, sa vle di pou l marye.

Èske sa t ap saj pou yon kretyen ta renmen ak yon moun ki sanble ap byen pwogrese nan etid l ap fè nan Bib la, paske l ap tann etidyan an batize pou l marye avè l? Non. Yon etidyan ka pèdi bon mobil li te genyen si l konnen yon kretyen ap tann li batize pou l marye avè l.

An jeneral, se pandan yon tan sèlman yon moun ap yon pwoklamatè ki poko batize. L ap gen pou l pwogrese jis li batize. Donk, konsèy pou nou marye nan Seyè a sèlman nou jwenn pi wo a se yon bagay ki rezonab. Men, e si pwoklamatè ki poko batize a se yon moun ki gen laj pou l marye, ki te leve nan yon fanmi ki kretyen e ki aktif nan kongregasyon an depi plizyè ane? Nan ka sa a, ki sa k anpeche moun sa a vwe lavi l bay Jewova? Poukisa l renka pou l fè sa? Èske se dout li genyen? Se vre, li pa yon moun ki pa kwayan, men nou pa ka di li “nan Seyè a”.

Konsèy Pòl bay sou maryaj la se pou byen nou (Ezayi 48:17). Lè de moun ki vle marye se moun ki vwe lavi yo bay Jewova, angajman yo pran pou yo marye a gen yon baz solid, anpalan de bon relasyon yo gen ak Bondye. Yo gen menm prensip ak menm objektif. Donk, sa ap fè yo gen anpil kè kontan nan maryaj yo. Anplis de sa, lè yon moun ‘marye nan Seyè a’, li montre l fidèl ak Jewova, e sa ap fè l jwenn anpil benediksyon k ap dire, paske “[Jewova] fidèl ak moun ki fidèl”. — Sòm 18:25.

[Nòt]

a Se pou kretyen ki gen esperans pou y al viv nan syèl la Pòl te ekri pawòl sa yo an premye. Konsènan kretyen sa yo, “esklav nan Seyè a” vle di tou Bondye chwazi yo pou yo vin pitit li e pou yo vin frè Kris.

[Foto]

“[Jewova] fidèl ak moun ki fidèl.”