Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mirak Jezi yo : Yo te fèt vre oswa se envansyon ?

Mirak Jezi yo : Yo te fèt vre oswa se envansyon ?

Mirak Jezi yo : Yo te fèt vre oswa se envansyon ?

PETÈT ou ka sezi lè w aprann resi biblik ki rakonte lavi Jezi sou tè a pa janm itilize mo nan lang orijinal la, lè l tradui ki vle di “ mirak ” la. Mo grèk (dunamis) pafwa lè l tradui ki bay mo “ mirak ” la, siyifi literalman “ pisans ”. (Lik 8:46.) Lòt fason li ka tradui se : “ kapasite ” oubyen “ zèv pisans ”. (Matye 11:20 ; 25:15.) Dapre yon espesyalis, mo grèk sa a “ mete aksan sou zèv pisans ki fèt la e, an patikilye, sou pisans ki akonpli zèv sa a. Yo dekri evènman an yon fason ki mete aksan sou pisans Bondye ann aksyon ”.

Gen yon lòt mo grèk (téras) jeneralman lè l tradui li vle di “ prezaj ” oubyen “ mèvèy ”. (Jan 4:48 ; Travay 2:19.) Mo sa a souliye efè sa fè sou moun k ap gade yo. Byen souvan, zèv pisans Jezi yo te fè foul moun yo ansanm ak disip yo sezi, sa te frape yo. — Mak 2:12 ; 4:41 ; 6:51 ; Lik 9:43.

Gen yon twazyèm mo grèk (sêméïon) yo konn itilize pou pale de mirak Jezi yo, li menm li siyifi “ siy ”. Selon sa yon espesyalis ki rele Robert Deffinbaugh di, mo sa a “ mete aksan sou siyifikasyon pwofon mirak yo ”. Li ajoute : “ Yon siy se yon mirak ki transmèt yon verite konsènan Jezi, Seyè nou an. ”

Trikaj oubyen pisans Bondye ?

Bib la pa dekri mirak Jezi yo kòm yon montaj oubyen kòm yon trikaj ki la pou divèti moun. Mirak sa yo se te manifestasyon “ kokenn pisans Bondye genyen ”, jan egzanp tigason Jezi te chase demon sou li a montre sa (Lik 9:37-43). Èske zèv pisans sa yo enposib pou Bondye Toupisan an reyalize, li menm Bib la di ki posede “ yon abondans enèji dinamik ” ? (Izayi 40:26.) Repons lan se non.

Levanjil yo mansyone anviwon 35 mirak Jezi te fè. Men yo pa presize konbyen mirak li te fè antou. Pa egzanp, men sa Matye 14:14 di : “ [Jezi] wè yon gwo foul moun, li pran pitye pou yo, e li geri moun malad yo. ” Yo pa di nou ki kantite moun malad ki te geri nan okazyon sa a.

Jezi te fè konnen li se Pitit Bondye, Mesi yo te pwomèt la, zèv pisans sa yo ale nan menm sans ak sa li te di a. Ekriti yo konfime vre se pisans Bondye ki te pèmèt Jezi fè mirak. Apot Pyè te pale de Jezi kòm “ yon moun Bondye montre nou piblikman grasa zèv pisans ak prezaj ak siy Bondye fè nan mitan nou grasa li, jan nou menm nou konn sa ”. (Travay 2:22.) Nan yon lòt okazyon, Pyè te fè konnen ‘ Bondye te wenn Jezi ak lespri sen ak pisans, e li te travèse peyi a toutpandan li t ap fè byen e li t ap geri moun Dyab la te oprime, paske Bondye te ansanm ak li ’. — Travay 10:37, 38.

Mirak Jezi yo te makònen ak mesaj li t ap preche a. Mak 1:21-27 montre reyaksyon foul moun yo te genyen devan ansèyman Jezi ak reyaksyon yo devan youn nan mirak li yo. Mak 1:22 di foul la “ te rete bouch ouvè devan fason li te anseye ”, e vèsè 27 la di moun yo te “ sezi ” lè yo te wè li chase yon demon. Ni zèv pisans Jezi yo ni mesaj li a, tout te pwouve se li menm ki Mesi yo te pwomèt la.

Jezi pa t annik di li se Mesi a, men akote pawòl li ak aksyon l, pisans Bondye, ki te parèt klè nan mirak li yo, te bay prèv se li menm ki Mesi a. Lè yo te poze l kesyon sou wòl li ak sou misyon l genyen, li te reponn avèk kran : “ Mwen gen yon temwayaj ki pi gran pase pa Jan [Batis la], paske zèv Papa m deziyen m pou m akonpli yo, zèv sa yo menm m ap fè yo, bay temwayaj pou mwen yo montre se Papa a ki voye m. ” — Jan 5:36.

Prèv ki montre mirak yo te otantik

Poukisa nou ka sèten mirak Jezi yo te reyèl, yo te otantik ? Ann konsidere kèk prèv ki montre sa.

Lè Jezi t ap akonpli zèv pisans li yo, li pa t janm atire atansyon sou tèt li. Li te toujou veye pou se Bondye ki resevwa onè ak glwa pou kèlkeswa mirak li fè. Pa egzanp, anvan li te geri yon mesye ki avèg, li te presize gerizon an ap fèt “ yon fason pou zèv Bondye yo ka parèt aklè nan ka pa l ”. — Jan 9:1-3 ; 11:1-4.

Kontrèman ak moun k ap fè trikaj, majisyen oswa moun ki sèvi ak priyè ak fòs sinatirèl pou fè gerizon, Jezi pa t janm konn ipnotize moun, ni fè montaj, ni fè yon pil seremoni, ni li pa t gen yon priyè pou l resite. Li pa t janm konn jwe sou emosyon moun yo. Li pa t konn sèvi ak sipèstisyon ni ak objè moun yo pran pou sakre. Gade jan li te montre li gen anpil modesti lè li t ap geri de mesye avèg. Resi a di : “ Jezi te pran pitye pou yo, li te touche je yo e menm kote a yo te wè e yo te suiv li. ” ​(Matye 20:29-34). Pandan mirak sa yo, pa t gen okenn seremoni ni okenn demonstrasyon. Jezi te konn fè mirak li yo an piblik, byen souvan devan je anpil temwen. Li pa t bezwen yon ekleraj espesyal, li pa t konn fè okenn teyat ni li pa t bezwen pyès ekipman pou sa. Tandiske, swadizan mirak ki fèt jodi a, souvan yo pa ka pwouve yo. — Mak 5:24-29 ; Lik 7:11-15.

Pafwa, Jezi te konnen moun ki benefisye mirak li fè yo se moun ki gen lafwa. Men, menmsi yon moun te manke lafwa, sa pa t anpeche Jezi fè yon mirak pou li. Pandan li te Kapènawòm, an Galile, “ moun yo te mennen yon pakèt moun ki gen demon sou yo ba li, epi ak yon sèl pawòl li chase espri yo e li geri tout moun ki pa t pote yo byen ”. — Matye 8:16.

Mirak Jezi te fè yo te gen pou objektif rezoud pwoblèm fizik reyèl moun yo te genyen, yo pa t la pou satisfè kiryozite okenn moun (Mak 10:46-52 ; Lik 23:8). Ansuit, Jezi pa t janm konn fè mirak pou l ka jwenn yon avantaj kèlkonk. — Matye 4:2-4 ; 10:8.

Èske resi ki nan Levanjil yo fyab ?

Enfòmasyon konsènan mirak Jezi yo rive jwenn nou grasa resi ki rapòte nan kat Levanjil yo. Pandan n ap egzamine si mirak Jezi yo otantik, èske gen rezon pou nou kwè nan resi sa yo ? Wi, gen rezon pou nou kwè ladan yo.

Jan nou deja wè sa, mirak Jezi yo te fèt an piblik, devan je anpil temwen. Resi ki nan premye Levanjil yo te ekri nan yon epòk kote pifò nan temwen sa yo te toujou vivan. Anpalan de onètete moun ki te ekri Levanjil yo, liv ki rele Mirak ak rezirèksyon an (anglè) fè remak sa a : “ Se ta va yon bonjan enjistis si yo ta akize moun ki te ekri Levanjil yo kòmkwa yo ta nwaye yon seri de fè istorik nan mitan yon bann mirak fabrike pou yo ka fè pwopagann teyolojik [...]. Ekriven sa yo te onèt nan entansyon yo. ”

Juif ki te kont krisyanis lan pa t janm konteste zèv pisans ki dekri nan Levanjil yo. Sa yo te konn sèlman ap kesyone, se pisans ki te pèmèt zèv sa yo fèt la (Mak 3:22-26). Ni advèsè ki te vin annapre yo nonplis pa t ka nye mirak Jezi yo. Okontrè, pandan premye ak dezyèm syèk epòk nou an, yo te konn fè referans ak mirak Jezi yo. Li klè, nou gen tout rezon nou pou nou kwè resi ki rapòte nan Levanjil yo konsènan mirak Jezi yo se resi ki otantik.

Moun ki te konn fè mirak la : ki jan de moun li ye ?

Yon egzamen konsènan mirak Jezi yo t ap manke si nou ta pale sèlman sou agiman lojik ki pwouve yo otantik. Lè Levanjil yo ap dekri zèv pisans Jezi yo, yo montre li se yon moun ki gen kè sansib anpil, yon moun ki gen yon konpasyon san parèy, yon moun ki gen sousi toutbon pou byennèt lòt moun.

Ann pran egzanp mesye ki te gen lèp la ki te pwoche kote Jezi e ki, sanzespwa, t ap mande l : “ Si w vle, ou ka fè m vin pwòp. ” Jezi “ pran pitye ” pou li, li lonje men l, li touche l, epi li di l : “ Mwen vle. Se pou w vin pwòp. ” E menm kote a, mesye a te geri (Mak 1:40-42). Konsa, Jezi te montre li konn mete l nan plas lòt moun e se sa k te pouse l itilize pisans Bondye ba li a pou l fè mirak.

Ki sa ki te pase lè Jezi te rankontre yon antèman ki t ap soti nan vil Nayin ? Defen an, yon jèn gason, se te sèl grenn pitit vèv la te genyen. Jezi te “ pran pitye ” pou madanm nan, li pwoche bò kote l e li di l konsa : “ Sispann kriye, tande ! ” Apre sa, li resisite pitit li a. — Lik 7:11-15.

Gen yon leson rekonfòtan nou ka tire nan mirak Jezi yo : li te “ pran pitye ” pou moun yo e li te fè yon bagay pou ede yo. Men, mirak sa yo se pa senp istwa yo ye. Ebre 13:8 di : “ Jezi se menm moun nan yè, jodi a e pou toutan. ” Kounye a l ap reye antanke Wa nan syèl la, li prèt e li anmezi pou l itilize pisans Bondye ba li pou l fè mirak la yon fason ki pi remakab toujou pase sa li te fè lè l t ap viv antanke moun sou tè a. Talè konsa, Jezi pral itilize pisans sa a pou l geri tout moun ki obeyisan. Temwen Jewova yo ap byen kontan ede w aprann plis bagay konsènan bèl espwa sa a ki gen pou lavni.

[Foto nan paj 5]

Jezi se yon moun ki te gen kè sansib anpil.