Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske ou pran tout plezi w nan “ lwa Jewova ” ?

Èske ou pran tout plezi w nan “ lwa Jewova ” ?

Èske ou pran tout plezi w nan “ lwa Jewova ” ?

“ Byennere moun [...] [ki pran] tout plezi l [...] nan lwa Jewova. ” — SÒM 1:1, 2.

1. Poukisa, antanke moun k ap sèvi Jewova, nou gen kè kontan konsa ?

ANTANKE moun k ap sèvi Jewova fidèlman, nou jwenn soutyen ak benediksyon nan men l. Se vre, nou rankontre anpil eprèv, men nou jwenn bonjan kè kontan tou. Se nòmal paske n ap sèvi yon “ Bondye ki gen kè kontan ”, e lespri sen li pwodui lajwa nan kè nou (1 Timote 1:11 ; Galat 5:22). Lajwa se lè yon moun ere toutbon poutèt l ap tann oswa li jwenn yon bon bagay. E Papa nou ki nan syèl la ban nou anpil bon kado (Jak 1:17). Se pa etonan si nou gen kè kontan konsa !

2. Ki Sòm nou pral egzamine ?

2 Yo pale de kè kontan toupatou nan liv Sòm nan. Nou ka konstate sa, pa egzanp, nan Sòm 1 ak Sòm 2. Selon premye disip Kris yo, se David, wa Izrayèl, ki te ekri dezyèm sòm nan (Travay 4:25, 26). Men ki jan moun ki te konpoze premye sòm nan, yon moun yo pa site non l, kòmanse chan enspire l la : “ Byennere moun ki pa mache nan konsèy mechan. ” ​(Sòm 1:1). Nan atik sa a ak atik ki vin apre l la, nou pral egzamine ki rezon Sòm 1 ak Sòm 2 bay ki fè nou rejwi.

Sekrè pou yon moun gen kè kontan

3. Selon Sòm 1:1, pou ki rezon konsa yon moun ki gen atachman pou Bondye gen kè kontan ?

3 Sòm 1 montre poukisa yon moun ki gen atachman pou Bondye se yon moun ki ere. Men sa salmis la di nan yon chante pou l site kèk rezon ki fè yon moun ere : “ Byennere moun ki pa mache nan konsèy mechan, ki pa kanpe nan chemen pechè e ki pa chita sou chèz mokè. ” — Sòm 1:1.

4. Ki bèl egzanp Zekarya ak Elizabèt kite pou nou nan fason yo te viv ?

4 Pou nou gen kè kontan toutbonvre, nou dwe soumèt nou devan tout sa Jewova mande, e sa l mande yo jis. Zekarya ak Elizabèt, ki te gen bèl privilèj pou yo vin paran Jan Batis, yon privilèj ki te ba yo lajwa, se de moun ki te “ jis devan Bondye paske yo te mache san defo, ann akò ak kòmandman Jewova yo e ann akò ak egzijans legal li yo ”. (Lik 1:5, 6.) Nou menm tou nou ka gen kè kontan si nou imite yo e si, kategorikman, nou refize ‘ mache nan konsèy mechan ’ oswa nou pa kite se move konsèy y ap bay ki dirije lavi nou.

5. Ki sa ki ka ede nou evite “ chemen pechè ” yo ?

5 Si nou rejte panse mechan yo, nou pap “ kanpe nan chemen pechè ”. Anfèt, literalman, nou pa pral kote moun sa yo konn abitye ye, sa vle di kote ki gen divètisman imoral oswa ki gen move repitasyon. Men, e si nou santi nou anvi asosye nou ak pechè sa yo nan konduit yo ki pa ann akò ak sa Bib la di ? Lè konsa, se pou nou priye Bondye pou l ede nou aji ann amoni ak pawòl sa yo apot Pòl te di : “ Pa mete tèt nou anba jouk miwomiba avèk non kwayan. Paske ki rapò sa ki dwat genyen ak sa ki pa legal ? Oubyen ki patisipasyon limyè genyen ak fènwa ? ” ​(2 Korentyen 6:14). Si nou konte sou Bondye e si nou ‘ gen yon kè ki pwòp ’, n ap rejte fason pechè yo panse ansanm ak fason yo viv. Sa ap fè nou vin gen bon mobil, e dezi nou ap panche pou bagay ki pwòp. Anplis de sa, n ap gen yon “ fwa ki san ipokrizi ”. — Matye 5:8 ; 1 Timote 1:5.

6. Poukisa nou fèt pou nou veye kò nou ak mokè yo ?

6 Pou nou fè Jewova plezi, nou pa dwe “ chita sou chèz mokè ” yo. Lè yon moun ap obeyi lwa Bondye, konn gen moun ki pase sa nan rizib, men nan “ dènye jou ” sa yo, se kretyen ki vin aposta yo ki plis meprizan nan mokri yo. Men ki avètisman apot Pyè te bay kèk kwayan parèy li : “ Byenneme, [...] anvan tout bagay, men sa nou konnen : nan dènye jou yo ap gen mokè k ap vini ak mokri yo e k ap aji selon pwòp tandans yo. E y ap di : ‘ Kote prezans li a li te pwomèt la ? Paske, depi jou zansèt nou yo te kòmanse dòmi nan lanmò, tout bagay rete egzakteman jan yo te ye depi lè kreyasyon an te kòmanse. ’” ​(2 Pyè 3:1-4). Si nou pa janm “ chita sou chèz mokè ”, n ap rive evite dezas, wè pa wè, ki gen pou rive yo a. — Pwovèb 1:22-27.

7. Poukisa nou dwe pran pawòl ki nan Sòm 1:1 a oserye ?

7 Si nou pa pran pawòl ki nan entwodiksyon Sòm premye a oserye, nou ka pèdi espirityalite nou te fin genyen grasa etid nou fè nan Bib la. Alaverite, bagay yo ka vin pi mal toujou. Premye pa ki pou fè nou degrengole, se suiv konsèy mechan an. Apre sa, nou ka kòmanse frekante yo regilyèman. Rive yon lè, nou kapab menm vin aposta, nou vin mokè, nou pèdi lafwa. Se yon bagay ki klè : lè nou byen ak moun ki mechan, sa ka lakòz yon etadespri malsen devlope lakay nou e li ka rive detwi relasyon nou genyen ak Jewova Dye (1 Korentyen 15:33 ; Jak 4:4). Nou pa fèt pou nou janm kite yon bagay konsa rive nou !

8. Ki sa k ap ede nou kite lespri nou fikse sou bagay espirityèl ?

8 Lapriyè ap ede nou pou nou kite lespri nou fikse sou bagay espirityèl e pou nou evite frekante mechan. Men sa apot Pòl ekri : “ Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay, fè Bondye konnen sa nou bezwen grasa lapriyè e grasa siplikasyon nou fè avèk remèsiman. E lapè Bondye, ki depase tout lide, va pwoteje kè nou ak kapasite mantal nou grasa Kris Jezi. ” Apre sa, apot la te ankouraje moun li t ap pale ak yo a pou yo konsidere tout bagay ki vrè, ki diy, ki jis, ki pwòp, ki merite pou yo renmen yo, tout bagay ki gen bon repitasyon, tout bèl kalite ak tout bagay ki merite louwanj (Filipyen 4:6-8). Ann aji ann amoni ak konsèy Pòl bay la e annou pa janm desann nan nivo mechan yo.

9. Menmsi nou evite pratik mechan yo, ki sa nou fè pou nou eseye ede tout kalite moun ?

9 Menmsi nou rejte pratik mechan yo, sa pa anpeche nou bay sanblab nou yo yon temwayaj avèk tak. Konsa, nou fè menm jan ak apot Pòl ki te pale ak Feliks, gouvènè women an, “ de jistis ak metriz ak jijman ki gen pou vini an ”. (Travay 24:24, 25 ; Kolosyen 4:6.) Nou preche tout kalite moun bon nouvèl Wayòm nan e nou trete yo avèk bonte. Nou gen konfyans tout moun ki nan “ dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl ” ap vin kwayan e y ap vin pran tout plezi yo nan lwa Bondye. — Travay 13:48.

Li pran tout plezi l nan lwa Jewova

10. Ki sa ki ka ede n grave pawòl la ni nan lespri nou ni nan kè nou lè n ap fè etid pèsonèl ?

10 Anpalan de moun ki ere a, men ki pawòl salmis la di apre sa : “ Tout plezi l se nan lwa Jewova, e nan lwa l, li li tou ba lajounen kou lannuit. ” ​(Sòm 1:2). Antanke sèvitè Bondye, nou pran ‘ tout plezi nou nan lwa Jewova ’. Si posib, pandan etid pèsonèl nou e pandan moman meditasyon nou, nou ka li “ tou ba ”, nou di mo yo pou nou tande. Si nou fè sa pou kèlkeswa pasaj biblik n ap li a, sa ap ede nou grave pawòl la ni nan lespri nou ni nan kè nou.

11. Poukisa nou fèt pou nou li Bib la “ lajounen kou lannuit ” ?

11 “ Esklav fidèl ki prevwayan an ” toujou ankouraje nou pou li Bib la chak jou (Matye 24:45). Piske se tout dezi nou pou nou pi byen konprann mesaj Jewova voye pou tout limanite a, li bon pou nou li Bib la “ lajounen kou lannuit ”, pa egzanp, lè nou pa ka dòmi pou yon rezon kèlkonk. Men ki egzòtasyon Pyè ban nou : “ Menm jan ak yon timoun ki fèk fèt, se pou nou anvi lèt san melanj pawòl la ak tout fòs, dekwa pou nou ka grandi grasa li pou delivrans lan. ” ​(1 Pyè 2:1, 2). Èske se tout plezi w pou w li Bib la chak jou, e pou w medite nan nuit sou Pawòl Bondye ak sou pwogram li ? Se te tout plezi salmis la. — Sòm 63:6.

12. Si nou pran tout plezi nou nan lwa Jewova, ki sa n ap fè ?

12 Si nou vle gen kè kontan pou letènite, nou bezwen pran tout plezi nou nan lwa Bondye. Se yon lwa ki pafè e ki jis, e gen yon gwo rekonpans k ap ret tann moun ki pratike l (Sòm 19:7-11). Men sa disip Jak ekri : “ Moun ki gade avèk atansyon nan lwa pafè a, lwa libète a, e ki pèsevere ladan l, l ap fè l ak kè kontan, paske li pa tounen yon moun k ap koute pou l bliye, men li tounen yon moun k ap fè travay la. ” ​(Jak 1:25). Si vrèman nou pran tout plezi nou nan lwa Jewova, nou pap kite yon jou pase pou nou pa reflechi sou kesyon espirityèl. Pou byen di, sa ap pouse nou pou nou ‘ fouye bagay pwofon Bondye yo ’ e pou nou toujou bay enterè Wayòm nan priyorite nan lavi nou. — 1 Korentyen 2:10-13 ; Matye 6:33.

Li vin tankou yon pyebwa

13-15. Nan ki sans nou ka vin tankou yon pyebwa ki plante toupre yon sous dlo k ap koule ann abondans ?

13 Pou salmis la bay plis detay sou moun ki jis la, li di : “ Vrèmanvre, l ap vin tankou yon pyebwa ki plante bò ti kouran dlo, ki bay fwi lè sezon l rive, fèy li pa fennen, e tout sa l fè ap reyisi. ” ​(Sòm 1:3). Menm jan ak tout lòt moun ki enpafè, nou menm k ap sèvi Jewova, nou konn rankontre difikilte nan lavi nou (Jòb 14:1). Sa ka rive nou jwenn pèsekisyon oswa lòt eprèv ki gen rapò ak fwa nou (Matye 5:10-12). Sepandan, avèk èd Bondye, nou anmezi pou n andire anba eprèv sa yo menm jan yon pyebwa ki an sante konn kanpe kin devan yon seri de gwo van.

14 Yon pyebwa ki plante bò yon sous dlo ki pa janm sèch pap deseche lè l fè cho oswa lè gen sechrès. Si nou se moun ki gen krent pou Bondye, nou jwenn fòs nou nan Jewova Dye, yon Sous ki pap janm seche. Se te abitid Pòl pou l chèche sekou nan men Bondye, se sa k fè li te ka di : “ Mwen gen fòs pou tout bagay grasa moun ki ban m pisans lan. ” ​(Filipyen 4:13). Lè lespri sen Jewova gide nou, lè li soutni nou espirityèlman, nou pap fennen, sa ki te ka fè nou pa pwodui fwi ankò oswa nou mouri espirityèlman. Okontrè, nou pwodui fwi nan sèvis Bondye, epitou nou manifeste fwi lespri a lakay nou. — Jeremi 17:7, 8 ; Galat 5:22, 23.

15 Lè salmis la sèvi ak mo ebre lè l tradui ki vle di “ tankou ” nan vèsè a, se yon konparezon li fè. Li konpare de bagay ki pa menm, men ki gen yon aspè patikilye lakay yo ki menm. Moun ak pyebwa pa menm, men sanble frechè yon pyebwa ki plante toupre yon sous dlo k ap koule ann abondans te raple salmis la pwosperite moun ki pran ‘ tout plezi yo nan lwa Jewova ’. Si nou pran tout plezi nou nan lwa Bondye, jou nou ap vin tankou jou yon pyebwa. Anfèt, nou ka rive viv nètale. — Jan 17:3.

16. Poukisa ‘ tout sa nou fè reyisi ’, e ki jan sa fè posib ?

16 Toutpandan n ap mennen yon vi dwat, Jewova ap ede nou reziste devan eprèv ak pwoblèm nou rankontre. Nou jwenn lajwa e nou pwodui fwi nan sèvis Bondye (Matye 13:23 ; Lik 8:15). ‘ Tout sa nou fè reyisi ’, paske prensipal objektif nou se fè volonte Jewova. Piske pwogram li toujou reyisi e nou pran tout plezi nou nan kòmandman l yo, nou pa ka pa pwospere espirityèlman (Jenèz 39:23 ; Jozye 1:7, 8 ; Izayi 55:11). Se konsa sa ye menm lè nou rankontre pwoblèm. — Sòm 112:1-3 ; 3 Jan 2.

Mechan yo sanble ap pwospere

17, 18. a) Avèk ki sa salmis la konpare mechan an ? b) Menmsi mechan an pwospere materyèlman, poukisa sekirite l la pa la pou lontan ?

17 Se pa ti diferans ki genyen ant sitiyasyon mechan an ak sitiyasyon moun ki jis la ! Mechan yo ka parèt ap pwospere nan domèn materyèl pandan yon tan, men yo pa pwospere nan domèn espirityèl. Nou ka wè sa lè nou egzamine sa salmis la di annapre : “ Mechan yo pa konsa yo menm, men yo tankou ti pay fen van ap pote ale. Se sa k fè mechan yo pap leve kanpe nan jijman an, ni pechè yo, nan asanble moun ki jis yo. ” ​(Sòm 1:4, 5). Ou remake sa ? Salmis la di : “ Mechan yo pa konsa yo menm. ” Li vle di yo pa tankou moun ki gen atachman pou Bondye yo, yo menm salmis la fèk sot konpare ak yon pyebwa ki pwodui fwi e ki dire lontan.

18 Menmsi mechan yo pwospere nan domèn materyèl, sekirite yo a pa la pou lontan (Sòm 37:16 ; 73:3, 12). Yo tankou mesye rich derezonab Jezi mansyone nan yon egzanp lè yo te mande l pou l sèvi kòm jij nan yon kesyon eritaj. Men sa Jezi te di moun ki te la yo : “ Rete je ouvè epi evite tout kalite konvwatiz, paske menm lè yon moun nan abondans, lavi l pa depann de sa l posede. ” Pou Jezi ede yo konprann sa, li bay yon egzanp. Li pale de tè yon nonm rich ki te tèlman donnen, mesye a te deside kraze ansyen depo l te genyen yo pou l bati pi gwo depo, yon fason pou l ka jwenn kote pou l stoke tout bon bagay li yo. Apre sa, mesye a panse li pral manje, li pral bwè e li pral pran plezi l. Men, Bondye te di l : “ Moun derezonab ! Aswè a menm y ap reklame nanm ou. Donk, bagay ou ranmase yo, pou kiyès y ap ye ? ” Pou Jezi kore pwen li te vle fè pase a, li ajoute : “ Se konsa sa ye pou yon nonm k ap anpile trezò pou tèt li men ki pa rich anvè Bondye. ” — Lik 12:13-21.

19, 20. a) Dekri fason yo te konn fè lontan ann Izrayèl pou yo bat manje angren e pou yo vannen l. b) Poukisa yo konpare mechan yo ak ti pay fen ?

19 Mechan yo pa “ rich anvè Bondye ”. Se sa k fè yo pa gen plis sekirite, yo pa gen plis estabilite, pase ti pay fen ki vlope yon ti grenn ble, pa egzanp. Nan tan lontan ann Izrayèl, lè yo te fin rekòlte manje angren, yo te konn pote l al mete sou yon glasi, yon espas plat an jeneral ki te konn sou yon bit e ki te sèvi pou bat manje angren. Apre sa, yo te konn pran yon treno ki gen wòch pwenti oswa dan fè sou kote l e yo te konn fè bèt trennen l sou grenn yo, yon fason pou yo kase po yo e pou yo retire pay ki vlope yo a. Ansuit, yo te konn sèvi ak yon pèl pou yo voye tout melanj lan anlè (Izayi 30:24). Lè konsa, grenn nan retonbe sou glasi a, van pran pay la li bwote l met sou kote tandiske ti pay fen an, li pote l ale (Rit 3:2). Onfwa yo fin pase grenn nan nan yon krib pou yo retire ti wòch ak lòt kalite fatra ladan l, yo te konn swa stoke l swa moulen l (Lik 22:31). Men, ti pay fen an te disparèt.

20 Menm jan grenn yo te konn tonbe atè e yo te konn konsève yo, tandiske van te konn pote ti pay fen yo ale, se konsa jis yo ap rete, men mechan yo ap elimine. Èske nou pa kontan dèske talè konsa mechan yo pral disparèt pou tout tan ? Piske yo pap la ankò, moun ki pran tout plezi yo nan lwa Jewova pral jwenn anpil benediksyon. E avèk letan, moun ki obeyisan yo pral resevwa lavi etènèl kòm kado nan men Bondye. — Matye 25:34-46 ; Women 6:23.

“ Chemen moun ki jis yo ” beni

21. Nan ki sans Jewova ‘ vin konnen moun ki jis yo ’ ?

21 Men ki jan premye sòm nan fini : “ Jewova vin konnen chemen moun ki jis yo, men chemen mechan yo ap peri. ” ​(Sòm 1:6). Nan ki sans Bondye ‘ vin konnen moun ki jis yo ’ ? Ebyen, si n ap mennen yon vi ki dwat, nou mèt asire nou Papa nou ki nan syèl la remake sa e li konsidere nou kòm sèvitè l, yon sèvitè li apwouve. Se sa k fè, nou mèt lage enkyetid nou yo sou li, anfèt nou dwe fè sa, avèk konviksyon li vrèman gen sousi pou nou. — Ezekyèl 34:11 ; 1 Pyè 5:6, 7.

22, 23. Ki sa k ap ret tann mechan an e ki sa k sere pou jis la ?

22 “ Chemen moun ki jis yo ” ap rete pou tout tan, men mechan yo, ki refize korije, ap peri lè jijman Jewova a frape yo. E “ chemen ” yo, nou vle pale de fason yo mennen lavi yo, ap fini ansanm ak yo. Nou mèt kwè nan akonplisman pawòl sa yo David te di : “ Nan yon tikras tan ankò, mechan an pap la ankò. Wi, w ap gade kote l te ye a, e li pap la. Men moun ki enb yo yo menm pral posede tè a. E vrèmanvre, yo pral pran tout plezi yo nan abondans lapè. Moun ki jis yo pral posede tè a, e sou li, y ap rete pou tout tan. ” — Sòm 37:10, 11, 29.

23 Se pa ti kè kontan nou pral jwenn si nou gen privilèj pou n al viv nan paradi ki pral genyen sou tè a kote pap gen yon grenn mechan ankò ! Moun ki enb yo, moun ki jis yo, pral jwenn lapè toutbon an paske y ap toujou pran plezi yo nan “ lwa Jewova ”. Men, anvan sa, fòk “ dekrè Jewova ” a aplike (Sòm 2:7a). Atik ki vin apre atik sa a pral ede nou wè ki sa dekrè sa a ye e ki siyifikasyon li pral genyen ni pou nou menm ni pou tout moun k ap viv sou tè a.

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa yon moun ki gen atachman pou Bondye se yon moun ki gen kè kontan ?

• Ki sa k montre nou pran tout plezi nou nan lwa Jewova ?

• Nan ki sans yon moun ka vin tankou yon pyebwa ki jwenn anpil dlo ?

• Ki diferans ki genyen ant chemen moun ki jis la ak chemen mechan an ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 7]

Lapriyè ap ede nou pou nou pa frekante mechan yo.

[Foto nan paj 8]

Poukisa yo konpare moun ki jis la ak yon pyebwa ?