Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Dekrè Jewova a ” ap aplike kanmenm

“ Dekrè Jewova a ” ap aplike kanmenm

“ Dekrè Jewova a ” ap aplike kanmenm

“ Kite m mansyone dekrè Jewova a. Men sa l di m : ‘ Ou se pitit mwen [...] Ou mèt mande m, e m ap ba w nasyon yo kòm eritaj pa w. ’” — SÒM 2:7, 8.

1. Ki diferans ki genyen ant pwogram Bondye ak pwogram nasyon yo ?

JEWOVA DYE gen yon pwogram pou limanite ak pou tè a. Nasyon yo gen pwogram pa yo tou. Men se pa menm pwogram ditou ! Se nòmal paske men ki sa Bondye di : “ Menm jan syèl la pi wo pase tè a, se konsa chemen m pi wo pase chemen pa nou, e panse m pi wo pase panse pa nou. ” Pwogram Bondye ap reyalize kanmenm, paske gade sa li di apre sa : “ Menm jan gwo lapli desann sot nan syèl, e lanèj tou, e li pa retounen kote sa a san l pa fè tè a mouye tranp e san l pa fè l pwodui, fè l jèmen, yon fason pou l bay moun k ap simen an semans e pou l bay moun k ap manje a pen, se konsa sa ap ye pou pawòl mwen ki sot nan bouch mwen. Li pap retounen vin jwenn mwen san rezilta, men, se sèten, l ap fè sa ki fè m plezi, e l ap reyisi san mank nan sa m voye l fè a. ” — Izayi 55:9-11.

2, 3. Ki bagay ki parèt klè nan dezyèm sòm nan, men ki kesyon sa soulve ?

2 Pwogram Bondye konsènan Wa mesyanik li a ap reyalize kanmenm. Dezyèm sòm nan montre sa klè. Moun ki te konpoze sòm sa a, David, yon wa ki te sou tèt ansyen peyi Izrayèl, te jwenn enspirasyon nan men Bondye pou l predi gen yon lè ki ta rive kote nasyon yo t ava ajite. Dirijan nasyon yo ta gen pou yo pran pozisyon kont Jewova Dye e kont Wen l lan. Sepandan, nan menm chante a, salmis la di : “ Kite m mansyone dekrè Jewova a. Men sa l di m : ‘ Ou se pitit mwen [...]. Ou mèt mande m, e m ap ba w nasyon yo kòm eritaj pa w, e m ap ba w tout bout tè a kòm posesyon pa w. ” — Sòm 2:7, 8.

3 Selon “ dekrè Jewova a ”, ki sa k ap ret tann nasyon yo ? Nan ki sans se yon dekrè ki konsène tout limanite ? Anfèt, ki siyifikasyon l genyen pou moun ki gen krent pou Bondye ki ap li dezyèm sòm nan ?

Nasyon yo ajite

4. Ki jan ou ta rezime ide prensipal ki nan Sòm 2:1, 2 a ?

4 Anpalan de sa nasyon yo ak moun k ap dirije yo ap fè, salmis la kòmanse chante li konpoze a ak pawòl sa yo : “ Poukisa nasyon yo ajite konsa, e kominote nasyonal yo yo menm yo kontinye ap pale yon bagay ki pa itil tou ba ? Wa latè yo pran pozisyon yo, gwo chèf yo yo menm yo rasanble fè yon sèl kont Jewova e kont wen l lan. ” — Sòm 2:1, 2. *

5, 6. Ki “ bagay ki pa itil ” kominote nasyonal yo ‘ kontinye ap pale tou ba ’ a ?

5 Ki “ bagay ki pa itil ” kominote nasyonal nan epòk nou an kontinye ap ‘ pale tou ba ’ a ? Olye pou nasyon yo aksepte Wen Bondye a, Mesi a oswa Kris la, yo pito ‘ kontinye ap pale tou ba ’ oswa yo kontinye ap medite sou fason pou yo kontinye egzèse otorite yo. Pawòl sa yo nou jwenn nan dezyèm sòm nan te gen yon aplikasyon tou nan premye syèk epòk nou an, lè otorite juif ak otorite women yo te met tèt yo ansanm pou yo touye Wa Bondye deziyen an, anpalan de Jezi Kris. Sepandan, se an 1914 prensipal akonplisman pawòl sa yo te kòmanse, lè yo te enstale Jezi kòm Wa nan syèl la. Depi lè sa a, pa gen okenn nan gouvènman sou tè a ki rekonèt Wa Bondye mete sou twòn nan.

6 Ki sa salmis la te vle di lè l mande ‘ poukisa kominote nasyonal yo ap pale yon bagay ki pa itil tou ba ’ a ? Li vle di pwojè yo pa itil. Se anven yo gen yon pwojè konsa, yon pwojè ki deja pran echèk. Yo pa kapab pote lapè ak amoni pou limanite. Men, yo ale tèlman lwen nan aksyon yo, yo menm rive opoze ak otorite Bondye. Anfèt, ansanm, yo gentan pran pozisyon belijeran yo, e yo gentan rasanble kont Trèwo a e kont Wen l lan. Sa a se yon gwo foli !

Wa Jewova chwazi a ap pote laviktwa

7. Ki jan premye disip Jezi yo te aplike Sòm 2:1, 2 nan yon priyè ?

7 Disip Jezi yo te aplike Sòm 2:1, 2 sou Jezi. Nan mitan pèsekisyon yo te jwenn pou fwa yo, men ki sa yo te di nan yon priyè : “ Souvren Seyè [Jewova], se ou menm ki fè syèl la ak tè a ak lanmè a ansanm ak tout bagay ki ladan yo, e ki di pa mwayen lespri sen, nan bouch zansèt nou David, sèvitè w la : ‘ Poukisa nasyon yo vin ajite konsa e poukisa pèp yo medite sou bagay ki pa vo anyen ? Wa ki sou tè a pran pozisyon e dirijan yo rasanble fè yon sèl kont Jewova e kont wen l lan. ’ Annefè, ni Ewòd ni Pons Pilat ansanm ak yon seri de mesye nan nasyon yo ak pèp ki ann Izrayèl yo, yo tout reyèlman yo rasanble nan vil sa a kont Jezi, sèvitè w la ki sen, li menm ou te wenn nan. ” ​(Travay 4:24-27 ; Lik 23:1-12). * Wi, nan premye syèk la, yo te fè yon konplo kont Jezi, sèvitè wen Bondye a. Sepandan, sòm sa a t apral gen yon lòt akonplisman plizyè syèk apre sa.

8. Ki aplikasyon Sòm 2:3 genyen sou nasyon yo jodi a ?

8 Lè Izrayèl nan tan lontan an te gen yon wa imen nan tèt li, tankou David pa egzanp, nasyon payen yo ansanm ak dirijan yo te konn rasanble fè yon sèl kont Bondye e kont moun li wenn mete sou twòn nan. Men, e kounye a ? Jodi a, nasyon yo pa vle soumèt yo devan sa Jewova ak Mesi a mande. Se sa k fè, sòm nan dekri yo k ap di : “ Ann kase lànyè yo mare nou yo, ann voye kòd yo jete lwen nou ! ” ​(Sòm 2:3). Nasyon yo opoze ak tout restriksyon Bondye ak Wen l lan bay. Natirèlman, tout efò y ap fè pou kase lànyè sa yo e pou yo voye kòd yo jete se pou granmesi.

Jewova pase yo nan rizib

9, 10. Poukisa Jewova pase nasyon yo nan rizib ?

9 Sa pa enkyete Jewova lè l wè efò dirijan nasyon yo ap fè pou yo etabli souvrènte pa yo. Men ki pawòl dezyèm sòm nan di apre sa : “ Sila a menm ki chita nan syèl la pral pran ri. Jewova li menm pral pase yo nan rizib. ” ​(Sòm 2:4). Bondye kontinye ak pwogram li kòmsi dirijan yo pa anyen. Li ri lè l wè odas ki lakay yo, li pase yo nan rizib. Kite yo vante tèt yo pou sa yo gen entansyon fè. Yo rizib nan je Jewova. Li ri yo lè li wè nan ki pwen opozisyon yo a pa vo anyen.

10 Nan yon lòt sòm, David pale de moun ak nasyon ki aji ann ènmi e li di : “ Ou menm, o Jewova Dye, Chèf lame yo, ou se Bondye Izrayèl. Reveye w pou w vire atansyon w sou tout nasyon yo. Pa fè okenn trèt malveyan favè. Yo pa sispann retounen lè l aswè. Yo pa sispann jape tankou chen e y ap fè wonn vil la. Gade ! Yon pil pawòl ap sot nan bouch yo. Se epe ki sou lèv yo, paske kiyès k ap koute ? Men ou menm, o Jewova, ou gen pou w ri yo, ou gen pou w pase tout nasyon yo nan rizib. ” ​(Sòm 59:5-8). Jewova ri lè l wè jan nasyon yo ap vante tèt yo e lè l wè konfizyon ki lakay yo lefètke yo pa pè lite kont li.

11. Ki sa k rive lè nasyon yo eseye kontrekare pwogram Bondye ?

11 Pawòl Sòm 2 yo fòtifye fwa nou nan pouvwa Bondye genyen pou l rezoud nenpòt ki pwoblèm. Nou mèt konvenki de sa : li toujou akonpli volonte l e li pa janm abandone sèvitè l yo ki fidèl (Sòm 94:14). Si se konsa, ki sa k rive lè nasyon yo fè efò pou yo kontrekare pwogram Jewova ? Selon Sòm 2 a, Bondye “ ap pale ak yo pandan l ankòlè ”, kòmsi se te ak yon gwo kout loray tèrib. Anplis de sa, “ pandan l fache anpil l ap twouble yo ”, kòmsi se te ak yon gwo kout zèklè. — Sòm 2:5.

Bondye enstale Wa li chwazi a

12. De ki enstalasyon Sòm 2:6 pale ?

12 Pawòl Jewova di apre sa yo pa mwayen salmis la pa ka pa kontrarye nasyon yo. Bondye di : “ Se mwen menm menm ki mete wa pa m nan chita sou Siyon, montay sakre mwen an. ” ​(Sòm 2:6). Mòn Siyon se te yon kolin nan vil Jerizalèm kote yo te enstale David antanke wa ann Izrayèl. Men, Wa mesyanik la pap chita sou yon twòn nan vil sa a ni okenn lòt kote sou tè a. An reyalite, Jewova gentan enstale Jezi Kris kòm Wa mesyanik li sou mòn Siyon selès la. — Revelasyon 14:1.

13. Ki alyans Jewova te fè ak Pitit Gason l lan ?

13 Kounye a, Wa mesyanik la pran lapawòl. Li di : “ Kite m mansyone dekrè Jewova a [li menm ki te fè alyans pou Wayòm nan ak Pitit Gason l lan]. Men sa l di m [anpalan de Jewova Dye] : ‘ Ou se pitit mwen, e mwen menm, jodi a, mwen vin papa w. ’” ​(Sòm 2:7). Se de alyans pou Wayòm nan Kris t ap pale lè l te di apot li yo konsa : “ Se nou menm ki te toujou la avè m nan eprèv mwen yo. E mwen menm, mwen fè yon alyans avèk nou, menm jan Papa m fè yon alyans avèk mwen, pou yon wayòm. ” — Lik 22:28, 29.

14. Poukisa nou ka di moun pa ka konteste dwa Jezi genyen pou l Wa ?

14 Jan Sòm 2:7 te predi sa a, Jewova te idantifye Jezi antanke Pitit Gason l lè Jezi te fin batize e li te montre sa tou lè l te resisite l pou l vin gen yon vi antanke espri (Mak 1:9-11 ; Women 1:4 ; Ebre 1:5 ; 5:5). Wi, Wa ki nan tèt Wayòm selès la se sèl Pitit Gason Bondye fè a (Jan 3:16). Antanke desandan wa David, moun pa ka konteste dwa Jezi genyen pou l Wa (2 Samyèl 7:4-17 ; Matye 1:6, 16). Selon sòm sa a, Bondye di Pitit Gason l lan konsa : “ Ou mèt mande m, e m ap ba w nasyon yo kòm eritaj pa w, e m ap ba w tout bout tè a kòm posesyon pa w. ” — Sòm 2:8.

15. Pou ki rezon Jezi mande pou yo ba li nasyon yo kòm eritaj ?

15 Se Wa a, pwòp Pitit Gason Bondye a, ki vin an dezyèm pozisyon parapò ak Jewova. Jezi se moun Jewova teste, e ki rete fidèl, yon moun nou ka fè konfyans. Mete sou sa, Jezi se eritye antanke premye Pitit Bondye. Se toutbon : Jezi Kris se “ pòtre Bondye envizib la, premye nan tout kreyasyon ”. (Kolosyen 1:15.) Tout sa l gen pou l fè se pou l annik mande Bondye e l ap ‘ ba li nasyon yo kòm eritaj pa l, e l ap ba l tout bout tè a kòm posesyon pa l ’. E se sa menm Jezi mande piske li se yon moun ki ‘ santi yon atachman pou pitit lèzòm ’ e piske tout dezi li se pou l akonpli volonte Papa l gen ni pou tè a ni pou limanite. — Pwovèb 8:30, 31.

Dekrè Jewova kont nasyon yo

16, 17. Selon Sòm 2:9, ki sa k ap ret tann nasyon yo ?

16 Piske dezyèm sòm nan ap akonpli kounye a, diran prezans Jezi Kris, yon prezans ki envizib, ki sa k ap ret tann nasyon yo ? Talè konsa, Wa a pral akonpli deklarasyon sa a Bondye fè : “ Ou gen pou w kraze [nasyon] yo ak yon sèp an fè, ou gen pou w fè yo fè miyèt moso menm jan ak veso yon potye fè. ” — Sòm 2:9.

17 Nan tan lontan, sèp wa yo se te yon baton ki te senbolize otorite yo genyen antanke wa. Gen kèk sèp ki te fèt an fè, tankou sa yo pale de li nan sòm nan. Yo itilize imaj sa a pou montre avèk ki fasilite Kris, Wa a, pral detwi nasyon yo. Yon gwo kout sèp an fè ka krabinen yon veso ki fèt an tè yon potye fè, e veso sa a pap janm ka repare ankò.

18, 19. Pou wa ki sou tè a ta jwenn apwobasyon Bondye, ki sa yo t ap oblije fè ?

18 Men, èske dirijan nasyon yo oblije sibi yon destriksyon konsa ? Non, yo pa oblije. Tande ki apèl salmis la lanse ba yo : “ Kounye a, o wa, montre nou pèspikas, kite yo korije nou, o nou menm jij sou tè a. ” ​(Sòm 2:10). Yo envite wa yo pou yo koute, pou yo montre yo se moun ki pèspikas. Yo ta fèt pou yo egzamine nan ki pwen pwojè yo genyen yo pa vo anyen an konparezon ak sa Wayòm Bondye a pral fè pou limanite.

19 Pou wa ki sou tè a jwenn apwobasyon Bondye, yo bezwen chanje fason y ap aji. Yo jwenn egzòtasyon pou yo ‘ sèvi Jewova avèk krent, pou yo gen kè kontan toutpandan y ap tranble ’. (Sòm 2:11.) Ki sa ki t ap rive si yo ta fè sa ? Olye pou yo ta nan ajitasyon, yo t ap anmezi pou yo rejwi yo pou pèspektiv Wa mesyanik la mete devan yo. Dirijan yo t ap oblije abandone ògèy yo ak etadespri yo genyen ki fè yo kwè yo se yon pakèt afè, etadespri yo demontre nan fason yo egzèse otorite yo. Mete sou sa, yo t ap oblije chanje san pèdi tan e yo t ap oblije montre yo se moun ki pèspikas lè yo konsidere siperyorite souvrènte Jewova, ki san parèy, e lè yo konsidere pisans Bondye ak pisans Wa mesyanik la posede, pisans pyès moun pa ka reziste devan yo.

“ Anbrase Pitit Gason an ”

20, 21. Ki sa ekspresyon “ anbrase pitit la ” vle di ?

20 Apre sa, Sòm 2 lanse yon envitasyon bay dirijan nasyon yo, yon envitasyon ki ranpli ak mizèrikòd. Olye pou yo fè tèt ansanm nan opozisyon, men ki konsèy yo resevwa : “ Anbrase pitit la, pou [Jewova Dye] pa fache e pou nou pa peri lwen chemen an. Paske kòlè l flanbe fasil. ” ​(Sòm 2:12a). Lè Jewova, Souvren Seyè a, pran yon dekrè, moun fèt pou obeyi l. Lè Bondye fin mete Pitit Gason l lan sou twòn nan, tout dirijan yo ta fèt pou sispann ‘ pale bagay ki pa itil la ’. Yo ta dwe rekonèt Wa a imedyatman e yo ta dwe obeyi l san grate tèt.

21 Poukisa pou yo “ anbrase pitit la ” ? Nan epòk yo te konpoze sòm sa a, yon moun te konn anbrase yon lòt pou l montre li byen avè l, yon moun te konn anbrase yon envite pou l akeyi l lakay li, pou l montre li se moun ki gen ospitalite. Moun te konn fè sa tou pou yo montre fidelite yo (1 Samyèl 10:1). Nan Sòm 2 a, Bondye bay nasyon yo lòd pou yo anbrase Pitit Gason l lan, pou yo byen akeyi l antanke Wa li wenn.

22. Ki avètisman dirijan yo ta dwe koute ?

22 Moun ki refize rekonèt otorite Wa Bondye chwazi a, moun sa yo ensilte Jewova. Yo pa rekonèt souvrènte inivèsèl Jewova Dye, yo pa admèt li gen otorite ak kapasite pou l chwazi Wa k ap pi bon dirijan pou limanite a. Dirijan nasyon yo pral rann yo kont ki jan gwo kòlè Bondye a pral rive sou yo sanzatann, etan y ap eseye reyalize pwojè yo gen nan tèt yo. “ Kòlè l flanbe fasil ”, se yon kòlè ki rive rapidman e pyès moun pa ka reziste devan l. Dirijan yo ta dwe aksepte avètisman yo jwenn nan avèk rekonesans e yo ta dwe aji ann amoni ak avètisman sa a. Si yo fè sa, sa ap pèmèt yo jwenn lavi.

23. Rete tan toujou pou tout kalite moun fè ki sa ?

23 Men ki jan sòm enpresyonan sa a fini : “ Byennere tout moun ki pran refij nan [Jewova]. ” ​(Sòm 2:12b). Rete tan toujou pou tout kalite moun sove, menm kèk dirijan k ap soutni pwojè nasyon yo. Yo ka kouri al jwenn Jewova, li menm ki fè moun jwenn refij anba dominasyon Wayòm nan. Men se pou yo aji vit, anvan Wayòm mesyanik la detwi nasyon ki opoze ak li yo.

24. Aktout n ap viv nan yon monn ki chaje ak pwoblèm, ki jan nou ka jwenn yon vi ki ban nou satisfaksyon ?

24 Si nou etidye Labib avèk dilijans e nou aplike konsèy nou jwenn yo nan lavi nou, nou kapab viv yon vi ki ban nou satisfaksyon depi kounye a, aktout n ap viv nan yon monn ki chaje ak pwoblèm. Lè yon moun aplike konsèy li jwenn nan Bib la, sa fè relasyon l ak fanmi l vin pi bon e sa ede l evite enkyetid ak krent ki tèlman kouran nan monn nan. Lè yon moun suiv direktiv ki nan Bib la, sa fè l gen konviksyon l ap fè Kreyatè a plezi. Pa gen okenn lòt moun apa de Souvren inivèsèl la ki ka ban nou garanti pou “ lavi [n ap viv] kounye a ak sa ki pral vini ” apre l fin debarase tè a anba tout moun ki opoze ak sa ki dwat e ki rejte dominasyon Wayòm nan. — 1 Timote 4:8.

25. Piske “ dekrè Jewova a ” ap aplike kanmenm, ki sa nou dwe atann nou k ap rive nan epòk nou an ?

25 “ Dekrè Jewova a ” ap aplike kanmenm. Antanke Kreyatè nou, Bondye konnen sa ki pi bon pou limanite, e l ap egzekite pwogram li yon fason pou moun ki obeyisan yo ka jwenn lapè, lakontantman ak yon sekirite dirab anba dominasyon Wayòm Pitit Gason li renmen an. Konsènan epòk nou an, men sa pwofèt Danyèl te ekri : “ Nan jou wa sa yo, Bondye nan syèl la ap tabli yon wayòm ki pap janm tonbe. [...] Li pral krabinen tout wayòm sa yo, e l ap fini ak yo, epi li menm l ap la pou tan endefini. ” ​(Danyèl 2:44). Se sa k fè, li ijan pou nou “ anbrase Pitit Gason an ” e pou nou sèvi Jewova, Souvren Seyè a.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Okòmansman, se wa David ki te “ wen ” an, e “ wa latè yo ”, se te dirijan Filisten yo ki te rasanble lame yo kont li.

^ § 7 Gen lòt tèks toujou nan Ekriti grèk yo ki montre se Jezi ki Wen Bondye yo pale nan dezyèm sòm nan. Sa parèt klè lè nou konpare Sòm 2:7 ak Travay 13:32, 33, ak Ebre 1:5 ; 5:5. Konpare Sòm 2:9 tou ak Revelasyon 2:27.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki “ bagay ki pa itil ” kominote nasyonal yo ‘ kontinye ap pale tou ba ’ a ?

• Poukisa Jewova pase nasyon yo nan rizib ?

• Ki dekrè Bondye pran kont nasyon yo ?

• Ki sa ekspresyon “ anbrase pitit la ” vle di ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 12]

David te fè yon chante konsènan viktwa Wa mesyanik la.

[Foto nan paj 13]

Ni dirijan yo, ni pèp Izrayèl te fè konplo kont Jezi Kris.

[Foto nan paj 14]

Se sou mòn Siyon selès la yo enstale Kris antanke Wa.