Al gade sa k anndan l

Chèche gen objektif espirityèl pou w bay Kreyatè a glwa

Chèche gen objektif espirityèl pou w bay Kreyatè a glwa

“LÈ YON moun pa konn nan ki waf li prale pa gen van ki bon pou li.” Sa se pawòl yon filozòf women nan premye syèk la te di ki montre aklè pou yon moun konn kote l prale, li dwe gen objektif.

Bib la bay egzanp kèk moun ki te gen yon objektif. Pa egzanp, Noye te travay pandan anviwon 50 an pou l “te konstwi yon lach pou l sove moun lakay li”. Moyiz “te kite je l fikse sou rekonpans li t apral jwenn nan”. (Ebre 11:7, 26.) Bondye te bay Jozye, moun ki te vin chèf apre Moyiz la, objektif pou l pran peyi Kanaran. — Detewonòm 3:21, 22, 28; Jozye 12:7-24.

Nan premye syèk la, sandout, apot Pòl te baze objektif espirityèl li te genyen yo sou pawòl sa yo Jezi te di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon.” ​(Matye 24:14). Jezi te ba l plizyè mesaj ak vizyon, tankou “pote non [Jezi] devan moun nasyon yo”. Pòl te jwe yon wòl enpòtan nan fòme lòt kongregasyon nan tout Azi minè ak ann Ewòp. — Travay 9:15; Kolosyen 1:23.

Wi, sèvitè Jewova yo, te toujou fikse objektif ki bay Bondye glwa. Ki jan nou ka fikse objektif espirityèl jodi a? Ki objektif nou ka fikse e ki sa nou ka fè pou nou reyalize yo?

Li enpòtan pou nou gen bon motivasyon

Nou ka fikse objektif pou prèske tout bagay n ap fè nan lavi a. Monn nan chaje ak moun ki gen objektif. Sepandan, objektif espirityèl yo pa menm ak anbisyon moun nan monn nan genyen. Pi gwo bagay ki pouse anpil moun nan monn nan fikse objektif se paske yo vle vin rich e yo anvi gen gwo pozisyon ak pouvwa yon fason ki egzajere. Se t ap yon erè si n ta chèche gen objektif paske n vle gen pouvwa ak gwo pozisyon! Objektif ki bay Jewova glwa yo gen rapò ak adorasyon n ap ba li e ak enterè Wayòm nan (Matye 6:33). Se lanmou nou gen pou Jewova ak pwochen nou e se atachman pou Bondye ki fè nou gen objektif sa yo. — Matye 22:37-39; 1 Timote 4:7.

Se pou nou gen bon entansyon lè n ap fikse objektif espirityèl e lè n ap travay pou nou reyalize yo kit objektif nou fikse yo se gen plis privilèj, kit se pou n pwogrese nan domèn espirityèl. Sepandan, pafwa, menm objektif ki bon yo konn pa reyalize. Ki jan nou ka fikse objektif epi ogmante posiblite pou nou reyalize yo?

Li enpòtan pou n gen bonjan detèminasyon

Ann reflechi sou fason Jewova te kreye linivè. Pawòl ki di “te vin gen yon aswè e te vin yon gen maten” an montre Jewova te mete yon tan pou l fè chak bagay (Jenèz 1:5, 8, 13, 19, 23, 31). Nan kòmansman chak tan sa yo, li te byen konnen objektif li oubyen sa li te gen pou fè pou jou a. Epi Bondye te reyalize objektif li te genyen anrapò ak sa l t ap kreye nan jou a (Revelasyon 4:11). Men sa Jòb te di: “Lè [Jewova] vle fè yon bagay, li annik fè l.” ​(Jòb 23:13). Se pa ti satisfè sa dwe te fè Jewova satisfè lè l “gade tout sa l fè” epi li di yo “bon anpil”! — Jenèz 1:31.

Nou menm tou, pou nou rive reyalize objektif nou yo, nou dwe gen detèminasyon pou sa. Ki sa k ap ede nou vin gen yon gwo detèminasyon konsa? Menm pandan tè a te san fòm e li te san vi, Jewova te kapab gentan wè jan li t ap vin ye: li t ap vin yon bèl bijou nan lespas ki ba l glwa ak onè. Menm jan an tou, n ap plis anvi reyalize sa nou te vle fè lè nou medite sou rezilta ak byenfè nou kapab jwenn. Se eksperyans sa a Tony, ki gen 19 an, te fè. Li pa t janm bliye premye enpresyon li te genyen lè li te vizite yon biwo filyal Temwen Jewova ki ann Ewòp delwès. Depi lè a, li te toujou gen yon kesyon nan lespri l: ‘Ki jan lavi m t ap ye si m t ap viv e m t ap travay yon kote konsa?’ Tony pa t janm sispann panse sou sa, e li te kontinye travay pou l reyalize objektif sa a. Li te ranpli aplikasyon pou l travay nan Betèl. Kèk ane annapre, se pa ti kontan li te kontan lè yo te rele l pou l sèvi nan filyal la!

Lè nou frekante moun ki deja reyalize yon objektif, sa ka fè nou anvi reyalize l tou. Jayson, ki gen 30 an, fè konnen nan kòmansman adolesans li, li pa t renmen patisipe nan travay predikasyon an. Men, lè l te fini lekòl, li te kontan vin pyonye, konsa li te vin ap preche Wayòm Bondye a aplentan. Ki sa ki te ede Jayson gen anvi pou l vin pyonye? Men repons li te bay: “Piske m te konn pale ak moun ki pyonye e m te konn preche avèk yo, sa te gen gwo enfliyans sou mwen.”

Lè nou ekri objektif nou yo, sa ka ede nou

Lè n gen yon ide ki pa fin klè nan lespri n e nou chwazi mo pou n pale de ide sa a, l ap vin klè nan lespri nou. Salomon te remake pawòl byen chwazi yon moun di tankou digèt yo konn pike bèf pou ba yo direksyon (Eklezyas 12:11). Lè n ekri sa nou gen nan lespri nou, sa gen gwo efè sou lespri nou ak kè nou. Nou ka konprann sa k fè Jewova te bay wa Izrayèl yo lòd pou yo kopye liv Lalwa a (Detewonòm 17:18). Se sa k fè, l ap bon pou nou ekri objektif nou yo ak sa nou pral fè pou nou reyalize yo. Epitou, nou ka ekri difikilte nou panse nou ka jwenn ak fason nou ka venk yo. Li ka bon tou pou nou chèche konnen ki rechèch nou ka bezwen fè, ki bagay nou ka bezwen aprann fè ak ki moun ki ka ede nou reyalize objektif sa yo oswa ankouraje nou.

Yon bagay ki te ede Geoffrey, yon pyonye espesyal ki gen lontan nan yon tèritwa izole nan yon peyi ann Azi, se lefètke l te konn fikse objektif espirityèl. Lè madanm li te mouri sanzatann se te yon gwo chòk pou li. Apre Geoffrey te fin reprann li, li te fikse kèk objektif yon fason pou l te ka bay tout li menm nan sèvis li antanke pyonye. Apre l te fin ekri sa l te gen nan lespri l yo, li te priye Jewova pou l ede l kòmanse twa nouvo etid biblik nan fen mwa a. Chak jou, li te gade sa l te fè, e chak dis jou, li te egzamine pwogrè l. Èske l te reyalize objektif li? Li te kontan di wi, paske l te vin gen kat nouvo etid biblik!

Fikse plizyè objektif ki kout k ap ede w wè kote w prale

Gen kèk objektif ki ka sanble twò gwo okòmansman. Tony, nou te pale de li pi wo a, te konsidere sèvi nan yon filyal Temwen Jewova tankou yon rèv. Paske, li te yon adolesan ki pa t gen disiplin e li potko vwe lavi l bay Bondye. Men, li te deside viv ann amoni ak prensip Jewova yo e l te fikse objektif pou l vin kalifye pou l batize. Apre li te fin reyalize objektif sa a, li te chèche vin pyonye oksilyè, e apre sa, li te chèche vin pyonye pèmanan. Li te toujou konn make dat pou l kòmanse yo nan kalandriye l. Apre l te fin sèvi kòm pyonye pandan kèk ane, sèvis nan Betèl pa t sanble yon bagay ki enposib pou li ankò.

Nou menm tou, lè nou gen yon objektif k ap pran anpil tan pou n reyalize l, li bon pou n fikse lòt objektif nou ka reyalize nan yon tan ki pi kout. Objektif sa yo ka ede nou wè kote nou ye toutpandan n ap eseye reyalize pi gwo objektif yo. Lè nou verifye pwogrè nou yo regilyèman, sa kapab ede nou rete konsantre. Toujou pale ak Jewova sou objektif nou yo, sa ap ede nou rete sou bon wout la. Men sa Pòl te di: “Priye toutan.” — 1 Tesalonisyen 5:17.

Nou bezwen detèminasyon ak pèseverans

Menmsi nou byen reflechi sou objektif nou yo e nou anvi reyalize yo, gen kèk objektif nou gendwa pa ka reyalize. Pa egzanp, Mak, yon disip Jezi, dwe te desi anpil lè apot Pòl pa t vle mennen l avè l nan dezyèm vwayaj misyonè l t ap fè a (Travay 15:37-40). Men, Mak te bezwen aprann yon leson nan eksperyans sa a epi analize objektif li te genyen pou l fè plis nan sèvis li. Sandout, se sa li te fè. Annapre, Pòl te pale an byen de Mak e Mak te travay pwòch ak apot Pyè nan Babilòn (2 Timote 4:11; 1 Pyè 5:13). Petèt, pi gwo privilèj li te genyen se ekri yon liv ki enspire ki pale sou lavi Jezi ak travay predikasyon l te fè a.

Toutpandan n ap chèche reyalize objektif espirityèl nou yo, bagay yo gendwa pa pase egzakteman jan nou te swete a. Olye pou nou bay vag, nou dwe gade sa nou fè deja, verifye si nou ka reyalize objektif nou yo vre epi chanje yo si sa nesesè. Lè nou jwenn difikilte, nou dwe kontinye avanse avèk detèminasyon e ak pèseverans. Men sa wa Salomon, yon wa ki te gen anpil sajès, di: “Lage tout sa w ap fè nan men Jewova, e plan w yo ap mache.” — Pwovèb 16:3.

Pafwa, sitiyasyon nou ka fè nou pa ka reyalize kèk objektif. Pa egzanp, pwoblèm sante oswa obligasyon nou gen nan fanmi nou kapab fè nou pa ka reyalize kèk objektif. Pa janm bliye, rekonpans final la se lavi ki pap janm fini nan syèl la oubyen nan Paradi sou tè a (Lik 23:43; Filipyen 3:13, 14). Ki jan nou ka rive jwenn li? Men sa apot Jan te ekri: “Moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan.” ​(1 Jan 2:17). Menmsi sitiyasyon nou pa pèmèt nou reyalize yon objektif nou te genyen, nou toujou kapab “gen lakrentif pou vrè Dye a epi obeyi kòmandman l yo”. (Eklezyas 12:13.) Objektif espirityèl yo ka ede nou kontinye fè volonte Bondye san nou pa distrè. Kidonk, annou sèvi avèk yo pou nou bay Kreyatè nou an glwa.

[Kare]

Objektif espirityèl nou ka fikse

○ Li Bib la chak jou.

○ Li chak Toudegad ak Reveye n! ki parèt.

○ Amelyore kalite priyè nou yo.

○ Travay pou n demontre fwi lespri a.

○ Chèche fè plis nan sèvis nou pou Jewova.

○ Vin pi efikas nan preche ak anseye.

○ Vin pi maton nan bay temwayaj nan telefòn, nan bay temwayaj enfòmèl ak temwayaj nan biznis.